Bandi ame, touye yon elèv nan komin Lyankou
Nan yon nòt biwo kominikasyon l mete deyò, ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon
Pwofesyonèl di li kondane atak ki fèt, madi 7 fevriye a, sou yon lekòl nan Lyankou, kote yon elèv
ki rele Alfred Fedins, ki gen 10 lane, mouri aprè l te fin resevwa yon bal, pandan l nan klas li.
«Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl ( MENFP ) kondane ak tout fòs li zak
briganday ak atak sou lekòl ki fèt nan komin Lyankou a (depatman Latibonit). Se konsa Alfred
Fedins, ki gen 10 lane, yon elèv 4yèm ane fondamantal, pèdi lavi l, jou ki te madi 7 fevriye a.
Malgre tout efò ki te fèt pou kouri mennen elèv sa a lopital, li pa t rive sove», se sa MENFP ekri
nan nòt sa a ki disponib sou paj Facebook li.
Daprè enfòmasyon ki rive jwenn Jounal la, nèg ak zam te atake popilasyon an paske li te
anpeche yo vòlè yon kamyon gaz. Se sa ki lakoz ti gason 4yèm ane sa a, mouri pandan l nan klas li.
Enfòmasyon yo lèse kwè gen plizyè lòt moun ki blese.
Depi ansasinay 6 polisye yo, nèg ak zam baz Gran Grif, k ap opere nan Savyen, pa sispann
mete laperèz nan mitan popilasyon an. Plizyè videyo k ap sikile, dènye jou sa yo, montre fason y ap
eseye pran yon kamyon.
Toutfwa, Ministè a swete timoun yo jwenn pwoteksyon nan kèlkeswa sikonstans lan.
«Ministè a pa p sispann di tout timoun gen dwa pou ale lekòl, aprann san kè sote e jwenn
pwoteksyon tout sosyete a, nan kèlkeswa sikonstans la.»
N ap raple, se nan Lyankou, 6 polisye yo te mouri ansasinen, mèkredi 25 janvye pase a, apre
nèg ak zam baz Gran Grif te atake komisarya a. Se yon krim ki te soulve kòlè anpil polisye anndan
peyi a, ki te pwoteste epi mande pi bon jan kondisyon.
2023 ane Patrimwan Ayisyen
Yon evènman ofisyèl, pou konsakre 2023: «Ane Patrimwan Ayisyen», te dewoule jedi 9 fevriye
2023, nan Jaden MUPANAH, sou lidèchip Ministère de la Culture et de la Communication d’Haïti.
Nan kad seremoni sila a, Ministère de la Culture et de la Communication d’Haïti, ansanm ak
MENFP HAITI Officiel, pwofite remèt pri yon konkou yo te reyalize ansanm, kote patisipan yo te
gen pou kritike yon seri zèv literè ayisyen.
Minis kilti ak kominikasyon an, Emmelie Prophète, te prezante yon «Kalandriye
selebrasyon ak komemorasyon», nan objektif pou bay evènman politik, soyal e kiltirèl ki make
istwa peyi a, plis valè toujou.
Gwo tansyon nan zòn Tabarre, Torcelle, Belvil, Pernier, Frères
Rivren zòn Tabarre, Torcelle, Belvil, Pernier, Frères (rejyon nòdès ak lès kapital la) fè konnen se
gwo kout zam lou yo tande k ap chante, jounen dimanch 12 fevriye 2023 a. Nan sèten zòn, te gen
kèk mouvman panik nan kouran jounen an, dapre temwayaj yo. Moun ki abite nan sèten katye,
kouri antre lakay yo, lè yo ta wè endividi ak gwo zam ap sikile a pye oubyen dèyè motosiklèt.
Gen temwen ki fè konnen, nan apremidi dimanch 12 fevriye a, wout prensipal yo te rete
blanch, malgre nan maten, aktivite relijye, nan legliz Sent Klè, pawas zòn lan, te sanble fèt
nòmalman. Laperèz anvayi divès fanmi ki kontinye ap viv nan zòn sa yo e ki pa konn kisa ki kab
pase, nan moman an oubyen nan jou k ap vini yo.
Depi nan maten dimanch 12 fevriye a, plizyè sous kwaze te fè konnen lapolis deplwaye nan
espas Tabarre, Torcelle, Pernier, Frères, kote bandi tabli baz yo. Gen cha lapolis ki fè patwouy nan
zòn sa yo, dapre temwayaj ki rive nan laprès. Depi plizyè jou, lapolis te anonse yon operasyon li
rele Tònad 1, pou fè fas kare ak bandi nan peyi a. Sou rezo sosyo yo, lapolis anonse li mete yon
prim 10 milyon goud sou tèt chèf gang yo rele Vitelhomme Innocent an, ki opere nan divès katye
nan zòn nòdès ak lès kapital la, tankou Tabarre, Torcelle, Pernier, Frères, elatriye.
Emmanuel Saintus