HomeActualitéRevolisyonè bò Katedral

Revolisyonè bò Katedral

Published on

Archives

Gen anpil moun ki rele mesye Viv Ansanm yo: “Revolisyonè bò Katedral”.  E yo rele yo konsa paske objektif nèg yo te di yo bay tèt yo, ki se pran Palè Nasyonal e enstale Guy Philippe, bwè pwa.  Sepandan, gen yon bagay anpil moun pa wè.  Nan kesyon lagè, gen yon estrateji ki rele “Estrateji Desepsyon”.  Estrateji sa a, se lè moun nan fè w konnen men kisa ki objektif li, pandan ke, sa l di w ki objektif li an, pa janm objektif li vre.  Li di w sa, yon fason pou detounen atansyon w de vrè objektif lan.  Pa egzanp, nèg lan gen dwa di w : aswè an yo pral atake ayewopò.  Ou menm ki tande sa, ou konsantre tout fòs ou nan zòn ayewopò an, epi yo menm, trankilman y al pran Penitansye, paske ou pa t pare pou w defann Penitansye.
Ebyen nan menm estrateji desepsyon sa a, m santi vrè objektif nèg yo, revolisyon yo pretann y ap fè a, se pa pou enstale Guy  vre, men se pito yon revolisyon pou fini ak pèp sa a.  E ta sanble revolisyon sa a sou wout reyisi.

Gen moun mwen konnen, ki pase sou Divalye, ki deside pa kite Ayiti.  Kowona pran yo an Ayiti, yo bat mizè an Ayiti, men jodi a, bandi reyisi mete yo deyò.  Granmoun ki nan 60 tan, ki gen viza k ap vwayaje lontan, yo pa janm rete deyò, men jodi a, yo nan Biden, paske yo pèdi kay yo, yo pèdi biznis yo, yo lage 2 bra balanse.  Gen medsen ki fèmen klinik yo, gen avoka ki fèmen kabinè yo, gen pwofesè ki remèt demisyon yo, gen antreprenè ki fèmen pòt biznis yo ki pati, kite peyi an ki pa konn kilè y ap tounen.

Mesye, nou redwi anpil moun an kokorat nan peyi an.  Gen nèg ki ekri w, k ap mande w $50, se moun ki t ap byen rive nan peyi l.  Jodi a, yo oblije mete diyite yo de kote, pou desann figi yo.  Nou redwi yo an kokorat.

Babekyou, ou se yon polisye.  Ou wè m pa di ansyen polisye, polisye rete polisye pou lavi.  A yon sèten moman, travay ou se te pwoteje e sèvi.  Epi jodi a, pou se eta sa a nou redwi yon pèp, sou baz n ap fè revolisyon.  Revolisyon sa a, kont kiyès n ap fè l ?   Kont pèp la oubyen kont ènmi pèp lan?  Kiyès ki ènmi pèp lan ? Malere sa yo k ap mouri chak jou an, malere sa yo k ap kite peyi an, pa bann epa pakèt lan, se yo ki ènmi pèp lan ? Lè n fin touye pèp sa a, nou pretann n ap fè revolisyon pou li an, kiyès ki pral jwi revolisyon sa a ?  A yon sèten moman, nou pa janm gen yon bagay ki pase nan tèt nou, pou n di : men moun sa yo m ap tiye an, sa yo fè m ?  Yo sanble avè m?

Antouka, bravo revilosyonè yo, nou resiyi fè, sa grangou ak lamizè pa t ka fè.  Nou fini ak pèp sa a. 

Cap-haïtien/sekirite : Arestasyon yon manm gang Kokorat San Ras

Nickson, manb gang Kokorat san Ras, ki baze nan Lakwa Peris, nan Gonayiv, jwenn arestasyon l Okap, jounen mèkredi 17 avril 2024 la, bò 2zè30 pm, daprè SDPJ nan Latibonit.  Endividi sa a te vi n achte zam Okap, pou gang lan fonksyone.  Lè polisye SDPJ/Nord yo arete l, yo jwenn yon milyon douz-mil-nèf san-senkant goud nan men l, (1 012 950 goud).  Endividi an deklare se chèf gang yo ki te voye 2 milyon goud ba li, pou tranzaksyon sa a.

Kriz dlo Beladè: popilasyon an denonse koripsyon DINEPA nan yon pwojè, sa ki lakoz soufrans yo

Pandan 70yèm anivèsè vil Beladè, trezò piblik dekese 18 500 000 goud bay DINEPA pou alimente vil la ak dlo potab, yon lajan ki gagote, pandan popilasyon an ap soufri.  Pandan dènye mwa sa yo, plizyè abitan nan vil Beladè pa t neglije atire atansyon otorite yo sou difikilte yo genyen pou jwenn dlo potab, kòmsadwa, pou yo fonksyone.  Anpil nan yo te lonje dwèt yo byen long sou 18 500 000 (dizuit milyon senk san mil goud) ki gagote, lè 70yèm anivèsè vil Beladè t ap selebre, pou DINEPA te alimante vil la ak dlo potab.

« Direktè Guito Édouard te ba nou anpil espwa, kote li fè nou kwè, avèk projè sa a, n ap ka jwenn dlo 24 sou 24 ap koule nan wobinè nou.  Prezidan Jovenel Moïse te ba nou garanti li ap debloke lajan pou projè a reyalize, paske li te di nou li deja enstrui premye minis Jean Henry Ceant pou li fè suivi yo, paske li vle kontinye vizyon fondatè vil la, prezidan Dumarsais Estimé.»  Sa a, se temwayaj yon ansyen otorite nan vil la, ki pa t vle non li site.

Se nan dat 30 mas 2018, yon pwotokòl akò te siyen ant DINEPA ki te reprezante pa direktè jeneral li, Guito Edouard, ak Ministè Planifikasyon ak Koperasyon ekstèn (MPCE), kote yo te antann yo sou 18 500 000 goud pou te ogmante aksè a dlo potab nan vil Beladè, plis zòn ki anviwonnen li yo.  Ti Jean, ki se yon sitwayen nan vil la, fè konnen li te gen yon lide de tout pwopagann ki t ap fèt pou pwojè a.  Li fè konnen : chodyè a monte sou non Beladè, poutan li pa jwenn manje a.  Li rapòte pou li di : « pou m onèt ak nou, nan tout sa yo te di y ap fè nan projè a, se sèlman biwo CTE a ki vizib ou ka wè ki te genyen yon ti travay ki fèt pou chanje figi l.  Men aprè sa, majorite sa yo te di y ap fè yo, pa fèt.  Nèg yo, nan piwo nivo nan DINEPA, manje lajan yo, epi jodi a, popilasyon Beladè a kontinye ap mouri swaf dlo.»

Nan kad projè sila a, DINEPA te genyen pou alimante vil la ak dlo potab epi repare biwo CTE a.  Yo te genyen tou pou:

  • repare epi fè bay sèvis kyòs yo; 
  • klotire 60 ml kaptaj; 
  • prolonjman tiyo yo; reparasyon 15 bwat vàn ak poze 15 bwat trap aksè, dimansyon 60×60 cm; 
  • reyabilitasyon liy tiyo zòn mache, anplis fè yon nouvo liy PEHD ki genyen 3″ ak yon longè 1200 ml; 
  • reyabilitasyon liy-2″ PEHD PN10, pou alimante katye Wòy Loprèt ak Fleri sou 2300 ml; 
  • alimantasyon zòn Wo Metil, apati rezèvwa kachiman, an pasan pa Bwakayiman;
  •  reparasyon 1 kilomèt PVC 3″ nan PEHD; 
  • reparasyon kyòs ak repare fuyit; 
  • netwayaj kaptaj ak prolongasyon tiyo PVC CH40, rive jis nan basen sedimantasyon ki t ap genyen longè 300 ml. 

Se kèk pami divès travay DINEPA te dwe fè, pou te pèmèt popilasyon an jwenn dlo potab.  Malerezman, selon anpil manb nan popilasyon an, travay sa yo pa rive reyalize.  Se sa ki lakoz y ap soufri pou jwenn dlo potab pou yo fonksyone jodi a.

«Gade pou wè, DG DINEPA a, se youn nan gwo mafya wi, peyi a konnen.  Lè w ap tande l ap pale nan media, l ap fè w panse DINEPA ap byen mache.  Poutan, se yon enstitisyon ki tèlman genyen koripsyon k ap brase ladan l, se krèv kè.»  Ou wè, si ULCC ak Lakoudèkont t ap travay tout bon, yo t ap gen tan bare gwo chabrak nan DINEPA wi, pou 18 milyon goud taks pèp la yo detounen sou non Beladè a.»  Sa se pawòl Miryam, yon anseyan nan vil la.

Se pa jodi a denonsiyasyon ap fèt sou milyon ki ap detounen nan DINEPA, kote lòbi toujou ap fèt sou divès pwojè y ap reyalize nan peyi a pou bay dlo, poutan dlo pa janm rive nan wobinè popilasyon an.  Genyen moun ki konn denonse pou di anpil fim ki ap egzekite pwojè DINEPA yo, se swa pou wo grade DINEPA, oubyen genyen dil ki fèt ak Direktè jeneral la, pou gagote lajan an.  Toujou nan Plato Santral, Ench ap viktim de menm pratik sa yo, kote lajan dekese, vil la kraze, sou pretèks y ap bay vil la dlo, poutan pa genyen rezilta.

Emmanuel Saintus

Popular articles

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Ouragan Béryl :

Le Mouvement Point Final a fait des visites des lieux dans le Sud -Est...

Latest News

Afrique

Dossier tentative de coup d’État au Bénin : Olivier Boko et Oswald Homéky écoutés...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

33ème anniversaire du Coup d’État du 30 septembre 1991:

Le Mouvement Point Final présente le rapport de l'insécurité actuelle avec le Coup d'État...