HomeActualitéSelebrasyon Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn, 3 avril 

Selebrasyon Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn, 3 avril 

Published on

Archives

Fanm Deside lanse yon espas dyalòg feminis nan depatman Sidès la.  Fanm Deside wete mouchwa l, pou salye epi remèsye manm Laprès yo, chak reprezantant òganizasyon fanm ak militant feminis ki reponn a envitasyon pou vin patisipe nan selebresyon Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn.

3 avril se rezilta plizyè lane batay fanm yo te mennen pou respè dwa yo.  Se yon dat fondamantal nan istwa batay fanm ayisyèn yo.  Depi 1996, òganizasyon ak militant feminis yo ap selebre ofisyèlman jounen 3 avril la, ki se “Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn”.  Se yon jounen ki makònnen ak istwa peyi d Ayiti ansanm ak batay mouvman sosyal fanm yo kont opresyon, vyolasyon dwa, eksplwatasyon ak sistèm patriyakal la.  Depi 1934, Fanm yo te revandike Egalite nan dwa, libète la pawol ak otonomizasyon pou tout fanm.  1986, yo te mache pou jistis sosyal te ka blayi nan sosyete a. 

Pandan dènye ane sa yo, ak rejim PHTK a, mouvman feminis ayisyen an ap fè fas ak gwo difikilte, tankou kriz sosyopolitik, mete sou vyolasyon dwa ak ogmantasyon vyolans sou fanm ak tifi.  Sityasyon sa a limite nou nan aksyon ak pledwaye pou fè avanse kòz fanm yo.  Nou  gen difikilte pou nou defini bon estrateji ak pèspektiv pou avansman lit la.  Divès konsta sa a yo montre ijans ki genyen pou nou menm Fanm, militant ak òganizasyon Fanm, reyini ansanm, nan lide pou brase lide sou kòman n ap fè pou ranfòse lit feminis la, sitou nan kontèks nap viv jounen jodya. 

Se poutèt sa, nan okazyon jounen 3 avril la, Fanm Deside ap reyalize atelye travay sa a ak divès òganizasyon fanm ak militant feminis nan awondisman Jakmèl, pou lanse ofisyèlman yon espas dyalòg feminis.  Aktivite sa a fèt pou mennen divès òganizasyon fanm, nan espas la pou pataje lide ak defini nouvo estrateji pou lite kont vyolans sou fanm epi fè pledwaye pou respè dwa fanm nan peryòd kriz la.  Aksyon sa ap pèmèt nou rive tabli yon ajannda feminis nan depatman Sidès la.

Fanm Deside rete kwè espas sa a se yon opòtinite  nou sezi, nan lide pou nou vin pi pwodiktif nan divès aksyon n ap reyalize nan rejyon an.  Chak moun kapab bay dizon li, fè pwopozisyon epi patisipe nan tout sa k ap fèt. Nan fason konjonkti a ap mete pye sou kou nou, li enpòtan pou nou mete nou ansanm, ant òganizasyon fanm, ant feminis, pou nou kontinye lit la, paske moman mande rezistans. 

N ap fini poun di, batay fanm yo pa p kanpe.  Chak fwa nou bay legen, nou kite espas, y ap konble l pou nou, nan fason pa yo.  Se silans ak pasivite popilasyon an, ki rann nou plonje nan kalite kriz san parèy nou ye a jounen jody a. Mwen envite nou, ansanm ak Sosyolog  Emmanuela Paul, nou pral reflechi sou fason nou pral mennen dyalog la.  Si nou te soti anba diktati nan lane 1986, nou kwè, jounen jody a, enplikasyon ak patisipasyon fanm yo, nan fonksyon soyal ak politik, se yon angajman mouvman feminis ak tout lòt aktè pou Etat de droit retabli nan peyi a.

Fanm Deside sèmante, toutan dwa Fanm ak Tifi pa respekte, nou fenk kare goumen.  San nou pa p janm bliye: “Se Batay Fanm K ap Chanje Kondisyon Fanm!!!”

Gang ame touye yon polisye bò lopital Bernard Mevs la

Yon polisye pèdi lavi l anba bal ansasen, bò lopital Bernard Mevs la, jodi vandredi 12 avril 2024 la.  Endividi, ak zam ilegal, kontinye ap simen dèy nan mitan lapolis la.  Sou kont X li, Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA) anonse polisye Pierre Fritz Chenet pèdi lavi l anba bal, jodi vandredi 12 avril 2024 la, tou pre lopital Bernard Mevs.

«Bandi ak zam touye polisye Pierre Fritz Chenet 28yèm pwomosyon, sa pase nan aprè midi vandredi 12 Avril 2024 la, tou prè lopital Bernard Mevs.  Enfomasyon yo rapòte polisye a t ap soti wè yon pwòch li, nan Vilaj Solidarité.  N ap raple Polisye a t ap travay nan Komisarya Ayeropò a ».

Fòk nou raple, nan dat 20 mas 2024 la, nèg ak zam moun pa t rive idantifye, te touye polisye Noël Anel ki soti nan 17yèm pwomosyon lapolis la. Zak sa a te pase nan Dèlma 72, e jiskaprezan, pèsonn pa konn rezon ki te lakoz zak sasinay sa a, sou ajan USPM lan.

MENFP anonse Sant pèmanan evalyasyon an ap jere planifikasyon egzamen Leta yo pou tout zòn difisil anndan peyi a

Nan yon kominike, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fè konnen l ap pran tout dispozisyon pou Sant pèmanan evalyasyon an kapab òganize egzamen Leta yo pou tout zòn difisil anndan peyi a, sitou nan depatman Lwès la, kote anpil lekòl pa fonksyone, akoz sitiyasyon vyolans gang nan plizyè zòn nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.

“MENFP ap bay asirans a tout ajan edikatif yo, espesyalman direktè lekòl yo ak paran yo, l ap pran tout dispozisyon pou pèmèt Sant Pèmanan Evalyasyon an òganize egzamen Leta yo pou zòn ki ta gen difikilte, tankou kèk komin nan depatman Lwès la ak Latibonit”, se sa ki di nan nòt sa ki disponib sou sit Ministè Kominikasyon an.

MENFP rasire elèv yo pou yo rete tèt frèt, sitou elèv nan Pòtoprens ak kèk kote nan Latibonit. Li fè yo konnen yo p ap dòmi deyò nan egzamen k ap gen pou fèt yo.  Nòt la di, Ministè a “deja pran tout dispozisyon pou Sant Pèmanan Evalyasyon an jwe wòl li, kòmsadwa, nan tèt kole ak Biwo Nasyonal Egzamen Leta a, nan prepare egzamen Leta, pou kote sa pa ta rive fèt, jan sa prevwa, nan finisman mwa jiyè ak komansman mwa out la, dapre nouvo kalandriye reyamenaje ministè a.”

N ap raple w nouvo kalandriye MENFP a, pou pwochen egzamen Leta yo, pibliye konsa: 

  • soti 22 pou rive 24 jiyè : egzamen 9yèm ane, 
  • soti 22 pou rive 26 jiyè : egzamen Lekòl Nòmal enstititè yo, 
  • soti 22 pou rive 26 jiyè : egzamen Sant Edikasyon pou Fanmi 
  • epi soti 5 pou rive 8 dawout : egzamen bakaloreya.

Reyamenajman kalandriye eskolè 2023-2024

Apre plizyè reyinyon travay sou dewoulman ane lekòl la ak planifikasyon aksyon ki dwe fèt, e nan sousi pou pwoteje avni akademik elèv yo, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ap enfòme piblik la, sitou ajan edikatif yo, li deside reyamenaje kalandriye eskolè 2023-2024 la. Konsa, dat egzamen Leta yo chanje :

• Soti 22 pou rive 24 jiyè : Egzamen 9yèm ane fondamantal ;

• Soti 22 pou rive 26 jiyè : Egzamen Ekòl Nòmal Enstititè ;

• Soti 22 pou rive 26 jiyè : Egzamen Sant Edikasyon familyal ;

• Soti 5 pou rive 8 out : Egzamen bakaloreya ;


MENFP ap ensiste tou sou òganizasyon egzamen 9yèm ane yo ane sa a, sitou pou nouvo matyè yo, tankou : Edikasyon Sivik, Edikasyon Fizik ak Espòtiv, Edikasyon Atistik ak Estetik, ak Edikasyon sou Teknoloji ak Aktivite Pwodiksyon.  Egzamen sa yo ap obligatwa.  MENFP deja distribye pwogram yo pou matyè sa yo, nan 10 DDE yo, pou pwofesè yo byen ankadre elèv yo.  Pou premye ane eksperimantasyon evalyasyon 4 nouvo matyè sa yo, Ministè a di tout elèv tèt frèt.  L ap òganize yon egzamen espesyal ki pa dwe penalize okenn elèv.

Jan sa te fèt ane pase, MENFP ap akonpaye tout elèv, pou ede yo reyisi egazamen yo, nan mete sou pye tout kalte pwogram edikatif sou radyo, sou televizyon, sou kle USB, sou sit ministè a, ak kou konpansasyon aprantisaj ak prezans anseyan toupatou, sitou pou depatman Lwès la ak lòt zòn ki pi afekte yo.  Ministè a ap salye travay responsab lekòl toupatou nan peyi a, ki itilize tout mwayen pou kontinye akonpaye elèv yo, nan aprantisaj yo, malgre anpil difikilte.  Nan sans sa a, Ministè a pwofite renouvle apèl li voye bay tout sektè ak patnè l yo, pou pwoteje Dwa pou Ledikasyon pou tout timoun ak jèn yo, e pwoteje lekòl ak inivèsite yo. Se sèl fason pou nou pèmèt timoun ak jèn yo byen prepare avni yo.  Se poutèt sa, MENFP kondane tout atak kont lekòl ak inivèsite nou yo.


Ministè a pwofite raple tout direktè lekòl, enskripsyon anliy pou elèv ak pwofesè yo ap fini nan dat 12 avril 2024.  Se sou sit ministè a chak responsab lekòl dwe ranpli fòmalite sa a.  Se youn nan kondisyon obligatwa pou yon lekòl patisipe nan egzamen Leta yo.
MENFP konte sou kolaborasyon tout responsab lekòl, tout enspektè yo, tout aktè yo, pou kore desizyon sa a yo, nan enterè elèv yo.

Smith Prinvil

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Qu’adviendra-t-il du CPT, après une telle démonstration d’inconséquence de nos leaders?

Même si cela se révèle de plus en plus compliqué, il demeure encore possible...

Fonctionnement du Conseil Présidentiel : 

La question de blocs, au sein du CPT, est une erreur sémantique et une...

Élections au sein du Conseil Présidentiel : évitons le pire

La genèse même du Conseil Présidentiel est inconstitutionnelle, illégitime.  Elle est empreinte de favoritisme,...