Pati Popilè Nasyonal salye laprès pale, ekri, televize ak medya an liy yo, pou bonjan travay y ap fè, malgre gwo difikilte pou enfome ak fome popilasyon asyisyèn lan.
Pati Popilè Nasyonal pwofite pou salye kouray ak detèminasyon pèp ayisyen, ki pa sispann leve kanpe pou batay kont sistèm lesklavaj, movèz gouvènans ki tabli depi dikdantan nan peyi a, pa enperyalis ameriken ak akolit li yo. Depi plizyè semenn, pèp la leve kanpe pou goumen kont sistem peze souse a epi bat chalbari dèyè movèz gouvènans, pouvwa restavèk la, tchoul enperyalis meriken an.
Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap denonse ak tout fòs li, plan lanmò Kò Gwoup, peyi enperyalis tankou Lèzetazini, Lafrans, Kanada mele ak KARIKÒM pou kenbe peyi d Ayiti, nan chenn leklavaj neyokolonyal la. Malgre mouvman rezistans popilè a blije Lèzetazini fè bak ak Ariel Henry, men yo vle kontinye ak pouvwa restavèk kòwonpi PHTK a, san Ariel. Pèp ayisyen louvri je n, batay kont kòripsyon ak movèz gouvènans, kont boujwa rèstavèk ak tchoul enperyalis la, dwe kontinye.
PPN ap raple se Lèzetazini ak mafya entènasyonal la k ap alimante klima ensekirite a ann Ayiti, ki lakòz gang kriminèl ap kidnape epi ransone popilasyon an, pandan y ap afebli lapolis la epi kòwonp enstitisyon an.
Pandan lamizè, grangou ak chomaj ap depafini ak mas pèp la, Lèzetazini, ak apwi boujwazi maryonèt la, ap prepare yon plan okipasyon militè pou vin piye ti richès peyi a, menm jan sa te pase an 1915.
PPN pa kwè asosiyasyon malfektè tankou Kò Gwoup, enperyalis meriken ak akolit li yo pral vin rezoud kriz yo menm yo kreye nan peyi a. Se pou sa PPN fè apèl pou inite nan bonjan altènativ nan mitan fòs pwogresis yo, ki pou kanpe dèyè yon veritab pwojè nasyonal pou libere peyi a.
PPN ap mande tout moun ki fè pati komisyon prezidansyèl soumisyon 7 manb lan, pou chanje fizi yo zepòl, yon fason pou devye plan imilyasyon KARIKÒM lan. PPN panse li pa twò ta pou nou lave labou lawont sa a nan vizaj nou. PPN ap pwopoze pou komisyon prezidansyèl la chita prese prese, pou, anndan komisyon an menm, nou soti ak yon prezidan, yon premye minis epi lòt manb yo ap okipe divès ministè olye n ap chita goumen pou tèt konsèy. PPN ap fè ni Fritz Jean ni Edgard Leblanc ni Lesly Voltaire sonje, yo se siyatè akò Montana ki gen yon fèy de wout ki gen pou fè konferans nasyonal la.
Annatandan, PPN ap lanse yon apèl bay tout militan konsekan, òganizasyon pwogresis ak popilè, pati politik demokratik ap revolisyonè pou nou mete tèt nou ansanm pou defini yon plan antant nasyonal souvren, pou libere nou, menm jan kontinan Lafrik ap libere tèt li anba enperyalis pese souse yo.
Aba grangou, lamizè ak ensekifite !
Aba plan lanmò enperyalis !
Viv lit liberasyon pèp la !
Pou Pati Popilè Nasyonal (PPN)
Keny BERNADIN, Sekretè Jeneral, Darwin Saint-Julien, Sekretè Jeneral Adjwen
Chèf gang Dèlma 95 lan, Ti Grèg, bwè dlo bouch li
Chèf gang Dèlma 95 lan, Ti Grèg, mouri nan lannwit jedi 21 mas la, aprè echanj kout zam ak lapolis. Ernst Julmé, anpil moun konnen sou non Ti Grèg, mouri nan aswè jedi 21 mas la, nan Dèlma 66, aprè kout zam li t ap twoke ak lapolis. Li te Chèf gang Dèlma 95. Lapolis Nasyonal d Ayiti konfime nouvèl la. “Chèf gang Dèlma 95 lan, Ernst Julmé, alyas Ti Grèg, ki te sove nan Penitansye Nasyonal, 2 mas 2024 la, blese mòtèlman pandan yon afwontman aprèmidi a ak PNH la, nan Dèlma 66″, se sa PNH la ekri sou paj Facebook li.
Tout aprèmidi a, anpil kout bal t ap chante nan wo Dèlma ak komin Petyonvil. Se lapolis ki t ap mennen operasyon pou dechouke Ti Grèg ki fini pa tonbe anba bal fòs lòd yo.
N ap raple lapolis te mete dòmi nan je Makandal tou, ki te nouvo chèf gang Bristou a. Akolit li t ap eseye enstale l nan zòn sila a ki sitiye nan komin Petyonvil. Endividi a te arive bwè dlo bouch li tou, yè mèkredi 20 mas la, nan twoke kout zam ak lapolis. Aprè li te fin resevwa bal lapolis, popilasyon an, pou eksprime kontantman li, te pase l bwa kale ak kèk lòt teworis parèy li.
Konsèy Prezidansyèl: manm Akò 21 desanm lan jwenn yon antant, Konsèy la ta dwe prè depi jodi a
Reprezantan akò 21 desanm 2022 yo (alye Ariel Henry yo) finalman jwenn yon konsansis ak doktè Louis Gérald Gilles pou reprezante yo nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, selon Le Nouvelis.
Akò 21 desanm lan te sou wout pou kraze plat, aprè Ariel Henry fin tonbe. Se tèlman vrè, yo pa t janm ka antann yo pou jwenn yon reprezantan pou Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Se non lidè pati NOULAH a, doktè Louis Gérald Gilles, ki ale jwenn CARICOM aprè anpil negosyasyon. N ap note, CARICOM te gen tan prezante lis 5 manm li chwazi yo.
Levaillant Louis Jeune ak Vikerson Garnier oblije retire kò yo, pou pèmèt ansyen senatè Gilles konplete lis CARICOM lan ak 6 lòt reprezantan.
Emmanuel Saintus