Kreyol

Published on

Archives

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti

Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang ni ak sa k ap pase yo an Ayiti.  M swete bay chèf gang yo amnisti. »  Nan yon entèvyou li akòde BBC, jou samdi 9 mas 2024 la, ansyen senatè eli, Guy Philippe, deklare li pa genyen « koneksyon pwofon » ak gang yo, epi li pa dèyè vyolans k ap pwodui an Ayiti, nan moman sa a yo.  Guy ajoute li swete bay lidè gang yo yon « amnisti », si toutfwa li ta pran pouvwa a.

Yo poze li kesyon èske li swete pote l kandida pou prezidan an Ayiti, Guy Philippe reponn pou di wi.  Li ajoute li se yon ansyen senatè eli, pèp li te vote l, wi, li prale nan eleksyon ankò.

Guy fè konnen depi li prezidan, l ap chache mete relasyon Ayiti ak pisans tankou Etazini sou yon baz egal, e li kritike sipò entènasyonal li di ki te kenbe Ariel Henry sou pouvwa a.  « Si Ayiti kote li ye jodi a, se an pati gras a kominote entènasyonal la, » li te ajoute.

Kontrèman ak lidè gang G-9 la, Jimmy Chérisier Barbécue te anonse sa semèn pase a, Guy Philippe di li pa panse pral genyen yon « gè sivil » ann Ayiti.

Finalman, li konkli pou adrese li ak Mezon Blanch : « Mwen konnen, Ameriken yo ki deside tout bagay isit la, pral gen ase sajès pou konprann Ayisyen vle yon lòt kalite chanjman. »

Pou anbasad Etazini an Ayiti: pi gwo priyorite se sekirite sitwayen ameriken yo ki aletranje

Dimanch 10 mas 2024 la, divès elikoptè militè ameriken debake nan Pòtoprens, jan sa te anonse a.  Objektif yo se evakye yon pati nan pèsonèl la, puyske anbasad la toujou ap fonksyone, epi sekirize espas la kont tout atak gang yo an Ayiti.

Anbasadè a ekri sou kont X li, dimanch 10 mas lan: « Anbasad Etazini ann Ayiti ap rete louvri.  Ogmantasyon vyolans gang yo nan anviwon anbasad amerikèn lan ak ayewopò a pouse Depatman Deta pran dispozisyon pou kèk lòt anplwaye anbasad la kite peyi
a.  Tout moun k ap vini ak tout sa ki prale yo se anplwaye gouvènman ameriken an. »

Anbasadè a kontinye pou l di : « Depatman Deta ameriken toujou ap pran mezi ki adapte pou tout anbasad ak konsila nou yo, atravè mond lan, selon misyon li, epi kondisyon sekirite ak sanitè nan peyi kote yo ye a.  Diplomat la konkli piblikasyon an ak mo sa yo: «Pi gwo priyorite nou se sekirite sitwayen ameriken yo ki aletranje.»  Finalman, Etazini klè!  Pou tout sitwayen ki panse Tonton Sam pral ede Ayisyen soti nan tyouboum yo ye a, anbasad amerikèn ann Ayiti deklare priyorite yo se sèlman enterè yo.

Diplomat plizyè peyi ann Ayiti ap evakye pèsonèl yo vè Dominikani

N ap note, diplomat ki soti nan plizyè peyi a ak òganizasyon, oblije kite Ayiti, dimanch sa a. Parapò ak gwo kriz peyi a konnen dènye jou sa yo, peyi Almay, Etazini, Repiblik Dominikèn ak Inyon Ewopeyèn evakye diplomat yo an Ayiti. Yon lòt kote, Kanada di lè a pa ko rive pou evakye diplomat li yo, l ap swiv sitiyasyon yo toujou.

Prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, di li pare pou ede Ayiti fini ak pwoblèm gang yo

Dimanch 10 mas 2024 la, prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, deklare peyi li a kapab ede Ayiti ak pwoblèm ensekirite a : « Nou ka ranje li. Men, n ap bezwen yon rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini, konsantman Ayiti ak lajan k ap kouvri tout depans misyon an, » se sa Nayib ekri sou kont X li.  N ap raple, 25 mas 2023, vis prezidan peyi Salvadò a, Felix Ulloa, te anonse yo pral louvri yon biwo ann Ayiti, apre yon akò yo te jwenn ak Ariel Henry.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News

Fusillade des journalistes à l’hôpital général :

Le Mouvement Point Final dénonce le mauvais traitement des journalistes blessés à Cuba.Depuis le...

Haïti/ USA, crise migratoire :

Le Mouvement Point Final annonce au Département d'État américain que la déportation des Haïtiens...

Massacre à Kenskoff : Le laxisme des autorités….

Le Maire Jean Massillon de Kenscoff, reste prudent sur le bilan de l’attaque des...