Kreyol

Published on

Archives

Avoka Konferans Episkopal d Ayiti yo ap depoze yon rekèt devan komisè gouvènman an 

Nan yon kominike li mete deyò, vandredi premye mas la, Konferans Episkopal d Ayiti anonse batri avoka l pral depoze yon rekèt devan komisè gouvènman Pòtoprens lan, pou mande l mete aksyon piblik an mouvman, nan lide pou limyè kapab fèt sou gwo dife ki te pran lakay Monseyè Pierre André-Duma, jou ki te dimanch 18 fevriye a.  Si jij de pè te ale fè konsta pou gade sa k rive a, responsab legliz yo twouve li nesesè pou lajistis di ki sa k te pase jou sa a, kote Monseyè a te arive boule jouk li oblije al pran swen nan yon lopital nan peyi Etazini.

“Avoka nou yo pral depoze yon rekèt bay Komisè Gouvènman an pou mande l mete Aksyon piblik an mouvman sou dosye a.  Depi gwo evenman konsa fèt, lajistis dwe al fouye pou konn sa k pase a”, se sa responsab Konferans Episkopal d Ayiti yo ekri nan kominike sa a, pandan yo souliye otorite Legliz nan Vil Wòm, lòt Legliz Sè yo, Legliz Ayiti, tout sitwayen nan peyi a, bezwen konnen sa k lakoz gwo eksplozyon sa a.

Kominike a souliyen Monseyè Dumas ap soufri anpil.  Fanmi l ap soufri.  Evèk yo, pè yo, fidèl dyosèz « Anse-à-Veau/Miragoâne », tout sitwayen ki gen bòn volonté, ap soufri, pandan li asire gen espwa paske Monseyè a kontinye ap pran swen nan yon lopital aletranje, nan peyi Etazini. N ap lapriyè pou gerizon li. N ap lapriyè pou li kapab retounen vin jwenn nou, retounen nan dyosèz li, reprann travay anonse levanjil renmen, jistis ak lapè a”, se sa manb Legliz la espere, anndan kominike a.

Kominike a te tou pwofite pote solidarite l ak moun yo kidnape epi raple otorite peyi a, se yo menm ki gen reskonsabilite sekirize peyi a.  “Lavi pèp la sou kont nou, paske depi w aksepte pou w reskonsab, ou aksepte tout privilèj, tout devwa ak tout tèt chaje sa pote.”

Konferans Episkopal d Ayiti, pou fini, di l ap tann rezilta travay polis syantifik la.  L ap tann rezilta ankèt la, epi li mande BonDye lapè ak jistis pou Ayiti epi gerizon pou Monseyè Pierre André-Duma.

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News

Afrique

Gabon : référendum constitutionnel approuvé à 91,8% Le peuple gabonais a tranché lors du référendum...

Que dit la Loi ?

Du choix d'un premier ministre  Quel que soit le cas de figure, le choix du...

Haïti corruption :

Le Mouvement Point Final demande au nouveau Gouvernement d'Alix Didier Fils-Aimé à mettre l'action...