Divès sitwayen denonse yon gang k ap grandi nan zòn « Wout 9 la, nan vil Mibalè », anba je otorite yo. Ti Williams se te chèf la. Ti Williams, ki se moun Mibalè, te manm gang Taliban Kanaran an, Jeff Gwo Lwa ap dirije. Li te swete Jeff « enstale l » kòm chèf gang sou wout 9 Mibalè a. Li mouri anba bal, vandredi 23 fevriye 2024 la, nan zòn Domon-Krèt-Brile. Se manm popilasyon an ki pa nan sitire gang, nan tèt kole ak PNH, ki elimine « prezime chèf gang Wout 9 Mibalè a », pandan li te nan yon seremoni vodou. Touswit aprè Lanmò Ti Williams, vandredi 23 fevriye an, divès abitan ki se moun Mibalè, denonse anpil lòt manm ki nan gang Ti Williams t ap tante tabli sou wout 9 la, nan Mibalè, sa gen anpil tan deja. Si gang sa a ki tabli deja, selon temwayaj yo, pa ko rive operasyonèl a 100%, se paske vil Mibalè toujou sou kontwòl lapolis, lajistis ak sosyete sivil la. Men, sa pa anpeche yo poze plizyè zak malonèt deja.
Somè G-20 pou finanse fòs miltinasyonal an Ayiti: 12 peyi ap kontribye a wotè 120 milyon dola
Selon sa Primati pibliye, tout peyi G-20 yo, ki ap patisipe nan yon reyinyon k ap dewoule nan vil Rio, peyi Brezil, jedi 22 fevriye 2024 la, sou finansman fòs miltinasyonal Ayiti a, bay sipò yo pou deplwaman fòs la. Alòske nan konferans pou laprès li bay aprè jounen somè G-20 a sou Ayiti, Sekretè Leta Ameriken an, Antony Blinken deklare genyen 12 peyi nan G-20 a ki deja prè pou bay 120 milyon dola Ameriken, pou finanse fòs miltinasyonal k ap genyen pou ede Polis Nasyonal Ayiti a.
Kanada anonse, jedi 22 fevriye a, l ap kontribye $123 milyon (kanadyen), swa $91 milyon dola ameriken e, ladan l, gen C$ 80,5 milyon pou deplwaman Misyon Miltinasyonal Kenya pral dirije pou ede Polis Nasyonal Ayiti konbat gang kriminèl yo, nan moman peyi a ap fè fas ak yon gwo kriz imanitè. Minis Afè Etranjè a, Mélanie Joly, pibliye yon deklarasyon kote li di: Sipò Kanada pral « kontribye pral prepare entèvansyon enpòtan pou pwoteje pèp Ayisyen an, epi ankouraje jefò Ayisyen ap fè pou retabli lapè ak pwosperite nan peyi a. Kanada, Benen ak Jamayik ofri pou sipòte fòs sekirite entènasyonal LONU apiye pou Ayiti a, e ki gen kòm bi pou konbat zak vyolans gang yo k ap ravaje Ayiti.
Nouvèl la soti nan yon deklarasyon Etazini pibliye jedi 22 fevriye a. Etazini te patwone rankont sou Ayiti a, ansanm ak Brezil. Washington deja pwomèt $200 milyon pou finanse Misyon Sipò Sekirite Multinasyonal la (MMSS), Kenya te di li dakò pou dirije ane pase a. Sekretè Leta, Antony Blinken, te rasanble responsab yo nan vil Rio de Janeiro, kote minis Zafè Etranjè gwoup G-20 an (ki gen ladan l peyi endistriyalize yo) rankontre semen sa a. Li ankouraje yo apiye inisyativ la. Blinken deklare: « Fòk nou fè plis pou ede fòs Polis Nasyonal Ayiti pou li estabilize epi sekirize sityasyon an kounye a, pou asistans ka antre epi distribye yon fason efikas pou moun ki pi bezwen l ka jwenn li, epitou pou pèp Ayisyen an pa oblije ap viv nan la terè akoz gang yo. Nou vle wè Ayiti retounen byen ak fòs sou chimen demokratik la.
Deklarasyon Etazini pibliye a di Kanada, Benen, La Frans ak La Jamayik « anonse asistans finansyè, kontribisyon pèsonèl epi pran angajman vizavi misyon an. »
Konsèy Sekirite Nasyonzini te otorize misyon an nan mwa oktòb 2023 a, yon ane aprè Ayiti te mande asistans pou konbat gang vyolan ki fin prèske pran kontwòl kapital la, Pòtoprens. Jiskaprezan dat fòs miltinasyonal la ap gen pou rantre Ayiti a poko rann piblik, alòske gang yo kontinye ap pran teritwa, fè kidnaping, vyole fanm ak tifi.
MENFP ak plizyè lòt enstitisyon met tèt yo ansanm pou selebre Jounen Entènasyonal lang manman
Ministè Edikasyon nasyonal (MENFP) t ap selebre Jounen Entènasyonal lang kreyòl. Mèkredi 21 fevriye 2024 la, ki make “Jounen Entènasyonal lang manman”, anpil enstitisyon nan Leta peyi Dayiti te reyini nan sal konferans Inivèsite Leta Dayiti, pou selebre ansanm, sou gouvènay Akademi Kreyòl, jounen sa a, anba tèm nasyonal: “Lang manman Kreyòl: Kreyòl nan Lajistis”. Seremoni sa a, te posib gras a ministè Edikasyon Nasyonal, Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik, Fakilte Lengwistik Aplike, Ofis Pwotesksyon Sivil ak Lekòl Majistra.
Pou montre kontantman l pou desizyon sa a ki pran pou entegre lang kreyòl nan lajistis nan peyi Dayiti, minis Edikasyon nasyonal la fè konprann, sa te pran twò lontan, paske majorite Ayisyen, moun k ap chache jistis, pa konprann vrèman kisa tèks lwa yo di. Nesmy Manigat ale pi lwen pou mande aplikasyon desizyon sa a nan tout sektè nan peyi a, pandan l raple se kreyòl ki lye nou kòm Ayisyen. Minis lan souliyen tou efò pa l pou valorize lang kreyòl la, nan tout lekòl nan peyi a.
Yon lòt kote, pwofesè Fritz Deshommes, ki se Rektè Inivèsite Leta a, te pale pou l eksprime tou kontantman l. Rektè a pwofite de tan sa a pou voye yon kout chapo pou tout enstitisyon yo ki te chita ansanm pou rive nouri lide sa a, ki se entegrasyon Lang Kreyòl nan Lajistis. « Nou nan ane 2024, ki make 10yèm lane egzistans enstitisyon an. 10 an apre kreyasyon AKA, se yon lonè pou li patisipe nan kalite pwogrè evènman sila a, kòm yon siy, yon gran pa annavan, nan konba n ap mennen pou lang manman nou an.
Lòt pwen enpòtan ki merite siyale : se yon inisyativ ki dwe pèmèt peyi a gen yon Fakilte Dwa, kote yo ap fòme moun ki gen kòm prensipal misyon: travay pou yo amelyore lajistis, respè dwa moun, elatriye. Nan sans sa a, nou dwe sonje : pa ka gen respè dwa moun san respè dwa lengwistik popilasyon an », se sa rektè Fritz Deshommes te ajoute.
Aktivite sa a tou, te yon okazyon pou prezante senk moun ki genyen konkou Tradiksyon akt « Endepandans peyi a », epi diskou istorik Jean-Jacques Dessalines te pwononse, premye janvye 1804 la. Se Rektora Inivèsite Leta a ak Akademi Lang Kreyòl Ayisyen an ki te òganize konkou sa. Ganyan yo se; Esaih Jean Ernest Belance (FLA, premye pri), Nissi Gabriella Jean (FLA, dezyèm pri), Anne Lennie Jean-Baptiste (IERAH, twazyèm pri), Lewis Parisien (FAMV, katriyèm pri), Fatsenky Saint-Pierre (FLA, senkyèm pri).
N ap raple Tèm UNESCO nan okazyon jounen Entènasyonal Lang Manman pou ane sa a se : “Edikasyon nan plizyè lang se yon pilye pou aprantisaj entèjenerasyonèl la”
Léon Charles, ansyen chèf Polis Ayiti, demisyonnen kòm Reprezantan Ayiti nan OEA
Léon Charles, ansyen chèf Polis Nasyonal Ayiti, ki se youn nan pèsonaj yo akize an koneksyon ak ansasinay prezidan Jovenel Moïse la, anonse, jedi pase, li demisyonnen kòm reprezantan pèmanan Ayiti nan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA). Léon Charles anonse nouvèl la sou X (ansyen Twitter), kèk jou sèlman apre rapò final jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire a, te detaye akizasyon kont plizyè douzèn sispèk, pami yo : Léon Charles.
Rapò a akize misye pou ansasinay, tantativ ansasinay, posesyon ak transpò zam ilegal, konplo kont sekirite nasyonal epi asosyasyon kriminèl.
Charles ekri sou X, jedi pase, yo enplike l « yon fason konplètman enjis ak difamatwa. Lèt la gen dat 21 fevriye sou li e Léon Charles di l ap demisyonnen tou suit. Charles ajoute li pral anplwaye tout mwayen legal disponib pou « konbat, ak tout fòs li », akizasyon yo lanse kont li, epi « netwaye onè li ». Nap raple Leon Charles te chèf PNH la, lè Moïse te mouri ansasinen, e li se youn nan sispèk kap fè fas ak akizasyon pi grav yo.
Pami lòt akize yo, genyen ex-premyè dam la, Martine Moïse epi ansyen premye minis Claude Joseph tou. Nan rapò li, jij la di prezidan Moïse te rele Charles pandan atak brital la t ap dewoule nan rezidans li, anvan solèy la te leve, men Charles pa t fè anyen pandan 18 minit ki te pase, anvan Moïse te rele yon lòt responsab wo plase, pou asistans. Jij la ekri pou di Charles te « deklare li pa t ka rive kay prezidan an » e li note ke misye pa t kouri al sou sèn lan.
Rapo a di tou ke youn nan prensipal sispèk nan ka a, di otorite yo Charles te patisipe nan plizyè rankont anvan ansasinay la, pou konplote arestasyon prezidan an. Se sa ki te objektif orijinal la, men a la dènyè minit, plan an te chanje pou tounen yon ansasinay.
Gen plis pase 40 sispèk ke yo deja arete, an koneksyon ak ansasinay la ki fèmen nan prizon an Ayiti kote y ap tann pwosè yo. Gen yon lòt 11 sispèk otorite federal ameriken yo fèmen nan prizon pou mennen pwosè kont yo.
Evens Eliacin