HomeActualitéAriel deklare li pi rèd sou pouvwa ke yon ke makak

Ariel deklare li pi rèd sou pouvwa ke yon ke makak

Published on

Archives

Premye minis defakto a, Ariel Henry, adrese l, mèkredi 7 fevriye a, a pèp ayisyen an.  Chèf Primati a fè konnen, depi pwoblèm ensekirite a kòmanse regle, wè pa wè, ap gen eleksyon, paske misyon prensipal yon gouvènman tranzisyon se òganize eleksyon.  Li felisite fòs lòd yo tou, ki, pou li menm, ap bay bon sèvis, epi anonse gouvènman lan ap akonpaye yo.  Chèf gouvènman an fè konnen tou, l ap kontinye dyaloge ak tout responsab pati politik ki chwazi pa rantre nan mouvman vyolans.

« M ap felisite tout responsab politik ki chwazi pou yo pa rantre nan mouvman vyolans lan. Depi demen, n ap kontinye dyaloge ak yo, ak sosyete sivil la, ak sektè prive a, pou nou pran ansanm tout desizyon k ap pèmèt nou soti tout bon nan kriz la ». Se pawòl premye minis defakto a, Ariel Henry.

Nan menm adrès a nasyon sa a, premye minis Ariel Henry felisite polisye li di k ap fè bon travay, ki gen anpil kouraj, epi li fè konnen, pouvwa l ap dirije a, ap kontinye akonpaye yo.  “M ap pwofite remèsye tout fòs de lòd nou yo, pou pwofesyonalism yo, pou san fwa yo, pou kouraj yo, nan travay y ap fè, nan nuit kou lajounen, pou bay popilasyon an sekirite. Gouvènman an fè anpil jefò pou ba yo plis mwayen, plis ekipman.  M ap felisite yo, e di yo, pèp ayisyen an konte sou yo.  Yo bay prèv ke nou gen kapasite pou nou bay rezilta, e nou pral kontinye travay, nan sans sa a.”

Chèf Primati a te pwofite pale sou fòs etranjè a.  Li fè konnen gouvènman an ap fè tout sa li kapab pou misyon etranjè a vini rapid, pandan l souliye pouvwa a ap fè anpil jefò tou pou li ranfòse kapasite entèvansyon tout fòs sekirite legal anndan peyi a, epi rasire pèp ayisyen an yo gen pou yo wè rezilta yo.

Anpil kote anndan peyi a pa sispann mande depa premye minis ayisyen an, depi dènye jou sa yo.  Responsab Primati a mande moun yo gade kalm yo epi anonse yo, pouvwa a ap travay pou aktivite reprann nòmalman epi garanti popilasyon an yo gen pou jwenn lapè, pwosperite ak devlopman.

Ariel Henry envite popilasyon an pou li konprann misyon yon gouvènman tranzisyon se kreye kondisyon pou òganize eleksyon.  « Depi pwoblèm ensekirite a kòmanse regle, wè pa wè, n ap lanse pwosesis elektoral la pou nou remèt pouvwa a bay dirijan pèp ayisyen an ap gen pou l chwazi, nan bon jan eleksyon. »

Senk (5) ajan BSAP mouri anba bal lapolis

Lionel Lazarre, kwòdonatè jeneral SYNAPOHA, rekonèt ke gen 5 ajan BSAP ki pèdi lavi yo, jou mèkredi 7 fevriye a, nan echanj kout zam ak lapolis.  Responsab SYNAPOHA a fè konnen tou gen 3 lòt ki jwenn arestasyon yo ak yon machin yo, lapolis sezi.  Aksyon sa a pase ant Laboul ak Tomasen, komin Petyonvil.

«Nou aprann mesye yo te genyen pou yo te desann Petyonvil, lapolis te anpeche yo desann. Yo kanpe nèg yo, yo pa vle.  Yon patwouy lapolis ki te pi devan, te oblije kwaze machin lan devan nèg BSAP yo ki t ap vini, pou te anpeche yo pase.  Imedyatman machin lapolis la fè sa, nèg yo tire epi lapolis riposte, sa vin pase konsa ».  Se sa Lionel Lazarre te deklare.

Jou mèkredi 7 fevriye, popilasyon an te foule beton an ankò pou mande demisyon Ariel Henry.  Nan komin Petyonvil, plizyè milye moun te pran lari men lapolis te arive kraze foul la ak gaz lakrimojèn.  Malgre plizyè tantativ, moun yo pa t janm arive regwosi foul la, pou te reprann mobilizasyon an.

N ap raple tou, gouvènman an, nan yon nòt li te met deyò, entèdi ajan BSAP pran lari ak inifòm epi zam, pou yo sèlman rete nan baz yo.  Se yon desizyon anpil nan yo kritike epi denonse pouvwa an plas la, jistan yo reklame, yo menm tou, demisyon Ariel Henry, depi aprè revokasyon Jeantel Joseph la.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...