HomeActualitéDemon atake legliz gran jounen nan Dèlma 18

Demon atake legliz gran jounen nan Dèlma 18

Published on

Archives

Nèg ak zam sakaje espas “l’église du Christ de Port-au-Prince” ki gen ladan l Spring Hill College.

Nèg ki pote gwo zam fann fwa anvayi yè jedi 18 janvye a nan aprèmidi “l’église du Christ de Port-au-Prince” ki chita kò l nan Dèlma 18. Endividi sa yo kraze tout vit legliz la. Anndan yon videyo k ap sikile, youn nan malfra sa yo deklare men kote ki t ap ba nou pwoblèm lan nou pran l.

Aksyon sa rive pandan nèg ak zam nan katye Bèlè ap twoke kòn ak moun nan Solino ak lòt zòn ki antoure l. Anndan Videyo sa, moun k ap komèt zak sa ta reklame tèt yo kòm moun Solino lè yo deklare: Solino pa piti! Yo k pou pè!

Pou kounya, nou pa an mezi konnen rezon ki fè nèg yo komèt aksyon sa nan legliz la. Gen moun ki temwanye se paske nèg Bèlè te kache ladan l, yon enfòmasyon ki rete pou konfime.

Depi anviwon yon semèn, zam pa sispann chante nan blòk Solino ak Bèlè. Sa ki lage anpil fanmi nan kouri ki pa sispann mande konkou lapolis. Enfòmasyon lèse kwè plizyè kay getan boule San konte moun ki viktim. Afwontman sa yo se nan lide pou chèf gang Bèlè a Kempès ta pran kontwòl blòk Solino ki reprezante yon zòn estratejik pou gwoup li pou koze kidnapping, daprè sa kèk sitwayen fè konnen.

Klima tansyon an toujou ap pèsiste nan plizyè zòn nan rejyon metwopolitèn lan.

Sitiyasyon k ap devlope depi jedi 18 janvye 2024 a nan plizyè zòn nan rejyon metwopolitèn lan ap kontinye. Nan avni John Brown,  nou toujou remake kawotchou k ap boule sou wout la, sa ki bloke trafik la nèt. Menm sitiyasyon an sou Nazon, Klèsin, Dèlma 24, 32 ak 40B.

Nan Clercine, ki pa lwen baz Brigad Entèvansyon Motorize a, moun yo pa rive idantifye te voye gaz lakrimojèn, sa ki te kreye yon van panik nan zòn nan. Sou Boulva 15 oktòb la, moun te entimide komèsan yo nan fòse yo kite zòn nan.  Nan Klèsin 22, moun ki gen gwo zam te bloke trafik la.

Konsènan reyaksyon, yon sitwayen ki abite nan Solino konfime ke manm gwoup gang Bèlè a ki dirije pa Kempès Sanon kontinye atak kont zòn nan. “Si sitiyasyon an pa pi mal pou jounen jodi a, se gras a efò polisye yo ki abite nan zòn nan”, li souliye pandan li kritike otorite gouvènman an plas yo ki pa di yon mo.

Yon lòt rezidan nou kontakte presize ke li abandone kay li depi Mèkredi 17 janvye nan aswè. “Mwen te reziste anpil men mwen gen yon fanmi sou responsablite mwen e mwen dwe pwoteje manm yo nan fanmi sa a” se sa li te deklare ak anpil tristès. Li enfòme ke malfra yo tou mete dife nan kay li a Jedi nan maten an. “Yo boule senk ane efò mwen.”

Fòk nou note ke pandan n ap ekri atik sa a, gwo kout zam te kontinye ap chante nan Solino, Dèlma 24, 22, Kafou Péan. Devan sitiyasyon tansyon sa a, sitwayen yo te oblije pran refij pa lwen kote yo te jwenn kadav Evelyne Sincère sou wout Nazon an.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...