HomeActualitéWANAMENT : Guy Philippe te nan kanal la

WANAMENT : Guy Philippe te nan kanal la

Published on

Archives

Se sèl yon revolisyon ki gen posiblite pou retire peyi a nan sitiyasyon difisil li ye a, selon ansyen chèf rebèl Guy Philippe.  Madi 2 janvye 2024 la, plizyè santèn (100 tèn) moun nan popilasyon an te ale resevwa Guy Philippe nan kanal la, kote li remèsye tout moun an jeneral ki kontribiye pou reyalize kanal la, pou montre Ayiti se yon peyi ki granmoun lakay li.  Chèf rebèl Grandans la fè konnen li pa vini nan Wanament pou l vin pale pèsòn mal, men pou mande tout moun kèlke swa apatenans politik yo, pou mete tèt ansanm pou peyi a libere, yon fason pou tout timoun ka ale lekòl, pou tout moun jwenn manje pou yo manje, pou tout moun ka ale kote yo vle anndan peyi a.  Daprè li se anbasad Amerikèn ki kenbe PM Ariel nan pouvwa a.  Li mande minis Ariel pou l demisyone, si l pa vle pou revolisyon an fèt, paske pèp la bouke, li pa kabap ankò.

Komisè gouvènman Okap la fèmen yon club paske yon fanm mande yon lòt fanm parèy li maryaj anndan l

Okap, yon fanm mande yon lòt fanm parèy li maryaj, nan Tipsy’s bar ki nan Ri 23 C.  Mèt Charles Édouard Durand fèmen espas la, poutèt yon kesyon madivin.  Komisè gouvènman Okap la, Mèt Charles Édouard Durand, fèmen, jodi vandredi 5 janvye 2024 la, espas Tipsy’s bar ki nan Ri 23 C, poutèt aktivite omoseksyèl li estime ki pote atent a lapidè epi ajoute pou l di gen moun ki konn pote zam ilegal nan menm espas sa a epi agrese moun.  Yè swa, nan espas sa a, yon fanm mande yon lòt fanm parèy li maryaj, pandan yon mizik Djakout #1 ki rele “Bag la”, t ap woule.  Videyo sèn sa vin viral sou rezo sosyal yo, kote entènot yo pa sispann kòmante.

“Nou resevwa anviwon 5 plent yè swa pou Tipsy’s bar, kote gen agresyon ak zam k ap fèt ladan l epi gen aktivite ki pote atent a lapidè. Nou menm, kòm avoka nan sosyete a, nou estime se vrèman malsen.  Nou debake nan bar la, nou konfime sa yo bò kote pwopriyetè a”, se sa komisè a deklare nan mikwo jounalis.

Pwopriyetè espas la, sou bò pa l, fè konnen moun yo vini nan espas la, li menm se biznis li genyen.  “Nou pa konnen moun yo, se sèlman yo vin konsome lakay nou.  Dayè, nou pa t konnen si yo t ap vin fè sa”, se sa mèt espas la di pou l montre li pa konn anyen nan sa k fèt la, se biznis li ap fè, li pa gen anyen pou wè ak 2 fanm k ap marye.

Sou kesyon zam ilegal komisè a di ki konn gen nan espas la ki ta youn nan rezon li fèmen espas la, pwopriyetè a jis di : sou plan jiridik, tout sa ki avanse dwe pwouve, yon fason pou l di komisè a dwe bay prèv sou koze zam li di a.

Atis Bedjine bay detay sou ensidan ki rive l nan peyi Kanada ak yon fanatik

Marie Bedjine Love David pote eksplikasyon sou ensidan ki te rive l Kanada ak yon fanatik. Depi avanyè sou rezo sosyal yo, yon videyo k ap sikile ta lèse kwè Marie Bedjine Love David, tout moun konnen sou non Bedjine, sibi agresyon fizik anba men yon fanatik ki peze kou l. Videyo amatè sa fè yon pakèt moun entèprete aksyon an fason pa yo.  Chantèz la, ki se prensipal konsène a, fè yon videyo pou eksplike sa k pase a, nan vèsyon pa l, epi fè konnen li anfòm epi remèsye fanatik li yo pou mesaj yo.

“Konsènan ensidan ki te pase a, m ap di tout moun ki t ap enkyete yo, mwen anfòm”.  Se premye pawòl li sou sa k rive a.  Li kontinye pou l di: “Se te jis yon fanatik ki petèt renmen m men ki pa konn kijan pou l eksprime lanmou sa a.”

Bedjine fè konnen fanatik sa a te makonnen ak li nan yon nivo bon jan kole sere ki te vin difisil pou yon moun retire l.  Fanatik sa a te ap bo atis la tout bò kou l ak nan bouch li jiskaske tou 2 ta pral tonbe atè a nan espas kote chantèz la t ap pèfòme a.

Sekirite yo te arive entèvni nan frape fanatik sa a pou fè l lage atis la.  Aprè l te fin resevwa pil kou sa yo, li ta pral finalman lage Bedjine. Lapolis te ale ak li, lè yo t ap entèroje l, li fè konnen se renmen li renmen atis la, se pa yon bagay serye li t ap di vrèman, se eksplikasyon sa yo Bedjine rapòte aprè sa k rive a.

Pou enfòmasyon ki t ap sikile ki fè kwè te gen agresyon fizik, Bedjine fè konnen pa t gen yon rapò defòs se te jis yon fanatik ki te kenbe l pandan l rekonèt li pa t anfòm sikolojikman pandan moman aksyon sa a.

Anndan videyo sa a, li mande fanatik yo pou yo fè sa yon lòt jan, nan respè youn pou lòt, lè yo deside ba l lanmou, pandan l te tou pwofite remèsye fanatik li yo ki pa t rate okazyon voye mesaj rekonfò pou li, aprè sa k rive a. “Mesaj sa yo rive nan fon kè m.  Se nan moman sa yo w ap konnen kiyès ki avè w ak kiyès ki pa avè w.”

Bedjine tou anonse gen yon album ki an preparasyon pou ane 2024 la epi pwomèt gen plizyè konsè li menm ak K-Dilak, ki nan wout.

N ap souliye pou w, aksyon sa a rive Bedjine jou ki te premye janvye a, nan Canada, nan club Renaissance, kote li menm avèk K-Dilak t ap jwe nan yon pwogram.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...