HomeActualitéAn Ayiti: anpil ewo tounen bandi, twòp bandi tounen ewo!

An Ayiti: anpil ewo tounen bandi, twòp bandi tounen ewo!

Published on

Archives

Si gen yon bagay ki fè anpil gwo deba jodi a, nan peyi nou Ayiti, se lè yon bandi ap eseye fè tèt li pase pou viktim.  Se toujou menm rezon yo y ap evoke.  Yo toujou di yo se pitit sòyèt, yo leve nan geto, kote ki pa t gen lekòl teknik ni dyòb.  Kidonk, se sèlman zam nan men yo ki ba yo lavwa ochapit.  Koze timoun pa ka manje, pa ka ni al lekòl, se gwo kalvè pou anpil konpatriyòt nou yo.  Wi, nou konnen grangou nan vant ak lamizè pa dous.  Epoutan, majorite sitwayen ayisyen yo, malgre yo pòv anpil, yo prefere viv ak diyite yo, yo evite fè voksal ak aktivite kriminèl.  Kidonk, chak fwa nou tande 2, 3 moun kòmanse ap fè sa k pa sa, epi yo pran pòz se pou pèp oubyen se revolisyonè yo ye, nou dwe veye moun sa yo.  Eksperyans montre nou pi fò ladan yo se malonèt yo ye, se woulib y ap pran sou do pèp la.

  • Opòtinis yo la lontan

Depi nan batay pou libere Ayiti anba kolon malfèktè tout plim tout plimay, sòti nan Panyòl, pase nan Angle pou fini pa dechouke kolon franse yo, te toujou gen moun ki t ap travay ak bouwo yo, epi, kou yo wè van an pral vire, yo chanje kan.  Yo di pitit rat se rat.  Men, lakay nou yo te fè n kwè ke anpil nan gwo ofisye pitit Fransè yo, yo te konsidere tèt yo kòm Fransè.  Papa yo te voye yo al etidye Lafrans.  Yo pase sèvis militè nan peyi papa yo.  Yo rantre Ayiti ak inifòm lame Napoleyon an ki t ap pase timoun kou granmoun anba epe ak katouch.  Men, lè gran revolisyon an pral triyonfe, pami anpil nan nou, te gen ansyen ofisye ki te anba lòd Rochanbo, tankou Aleksand Petyon ak Janpyè Bwaye ki antre nan batay.  Se plop-plop yo te gen tan pran grad jeneral, epi nan listwa Ayiti, yo konsidere yo kòm gwo ewo ki te ede nou pran endepandans.

Anpil tan pa t pase anvan menm pitit Fransè sa yo te kòmanse ap konplote pou elimine papa nasyon an, Anperè Jak Premye(Ansyen jeneral Jan Jak Desalin).  Se yon krim ki rete yon move tach nan listwa peyi nou, kote okenn gouvènman pa janm deside arete, mennen lajistis, ansasen sa a yo.  Jeneral Petyon tou pwofite pran kontwòl Pòtoprens ak Sid peyi a.  Jeneral Anri Kristòf, li menm, pran pati Nò peyi a. Chak chèf jere zòn yo, jan yo vle.   Apre kèk lane, peyi Lafrans mete ak pitit yo, pou fè konplo pou elimine ansyen jeneral Anri Christòf ki te gen tan konsakre Rwa Anri Premye, nan Nò.  Se yon lòt krim istoryen yo fè pase tankou yon zak suisid.  Epoutan, jan blan an renmen di an : « À qui profite le crime ? ».  Anperè Jak premye tonbe, Rwa Anri premye tonbe, Petyon, an bandi a kravat, pran kontwòl tout peyi a.  Avan li kite pouvwa a, li te mete kondisyon pou ti pas kout te fèt bay zanmi l, pitit Fransè, si w prefere ti Fransè parèy li, jeneral Bwaye.

Prezidan Petyon, ewo endepandans lan, sispèk kòm gwo bandi kriminèl nan lanmò 2 gwo towo, 2 tonton ewo peyi a, pa t pran tan pou kòmanse negosye ak peyi Lafrans, sou rekonesans endepandans Ayiti.  Travay sa a, se prezidan Bwaye ki pral fini l, lè li vann Ayiti bay Lafrans.  Yon lòt fwa, yon pitit Fransè, yon ansyen solda Fransè, yon jeneral lame Indijèn, yon sòlda e ewo endepandans, chwazi pwoteje enterè Lafrans, peyi papa l, olye li defann swadizan Ayiti, peyi manman l, ke li t ap dirije a.  Peyi a pral pase prèske 100 lane nan peye  yon dèt endepandans, sou pretèks te gen twòp kolon Fransè ki te pèdi byen ak esklav yo, pandan nou t ap dechouke lame Bonapat la, jiskaske nou pran endepandans nou, an 1804.  Se yon sòm 150 milyon fran fransè, ki fè plis pase 21 milya dola ameriken, si nou t ap konvèti montan sa a, jodi a, nou te peye pou rekonesans sa a.

  • Tradisyon bandi/ewo a ap kontinye

W ap pemèt mwen pase kite tout ansyen jeneral, tankou Anri Nanfi, Sedras, tonton Konstan, tout swadizan gwo patriyot nasyonalis ki te ajan sèvis entelijans gwo peyi enperyalis ki t ap travay kont nansyon an, pou nou tonbe nan ane 2003.  Ane sa a, se te ane kote yon revòlt te kòmanse ak ansyen militè, ansyen milisyen FRAPH, ansyen makout, ansyen bandi lajistis t ap chèche lontan, pou zak ansasinay ak maspinay yo te konn fè sou pèp ayisyen, espesyalman sou ti peyizan.  Nan ane sa a, ansyen prezidan Ayisyen an, Jan Bètran Aristid, fè fas ak yon rebelyon ame ki te gen pou misyon : ranvèse pouvwa Lavalas la.  Anpil jèn polisye mouri ansasine, anpil tonbe nan anbiskad, komisarya boule, biwo Leta ravaje.  Depi rebèl oubyen teworis sa yo te pase yon kote, anpil patizan gouvènman Lavalas la te disparèt oubyen jwenn lanmò yo.  Malerezman, san yon fòs ame, gouvènman Lavalas la pa t ka fè fas ak rebèl yo ki t ap avanse sou kapital la, Pòtoprens.

Nan tèt ekip bandi rebèl sa yo, te gen yon ansyen militè, yon ansyen gwo chèf lapolis.  Se misye ki te dirije revòlt la jiskaske yo antre Pòtoprens, apre Ameriken te vini arete epi depòte prezidan Aristid, voye l nan peyi Lafrik.  Towo sa a, ansyen chèf rebèl sa a, antre Pòtoprens tankou yon gwo ewo.  Anpil sitwayen t ap selebre, rele, chante, viv  ewo  a.  Nan anpil radyo, se vwa ewo a k ap pale.  Ewo ti Guy sove nasyon an, selon pwopagann ki t ap repete nan zòrèy pèp la. 

Ewo oubyen jeneral Gi Filip, pou yon rezon nou pa janm arive konprann, pase kontwòl sekirite peyi a bay yon fòs entevansyon peyi Lèzetazini t ap kontwole.  Anplis, pouvwa politik la, se yon manb diaspora a ki te te pran l.  Premye minis Jera Latòti pran sèvi ak Lajistis pou l netwaye tout move dosye ki te sou do rebèl yo.  Petèt, se te fason sa a, pouvwa a te ka di ewo yo mèsi.  Apre yon similak, tout ansyen rebèl ki te gen dosye bandi, ofisyèlman tounen ewo Larepiblik.  Pa egzanp, ansyen kolonèl Chanblen, ke non li te site nan masak ti peyizan Papay jwenn absolisyon rapid.  

Menm ansyen chèf bandi rebèl ewo sa a, vin lanse l nan politik.  Sa pa t anpeche non l kontinye site nan kèk atanta kont komisarya lapolis nan Okay.  Akizasyon sa a yo pa t anpeche towo a pase nan eleksyon kòm senatè Larepiblik la.  Ak tit senatè a, tout ansyen dosye oubyen akizasyon ki t ap peze sou do li ta sipoze antere.  Epi yon gwo rèz oubyen sipriz !  Blan meriken debake Ayiti, yo arete epi depòte yon senatè eli men ki poko pran fonksyon.  Lajistis an Ayiti, kòm dabitid, jwe wòl “soud, bèbè, avèg”.   San okenn pwosedi legal, yo kite etranje pote ale yon moun ki te pral manm Sena Larepiblik.  Apre Meriken fini satisfè nan jije ak kondane pou 9 lane prizon, ansyen senatè rebèl la, yo deside, nan fen ane 2023 a, depòte l Ayiti.   Sitwayen sa a, ke etranje yo trete tankou bandi kriminèl, dilè dwòg, antre nan Pòtoprens, yon lòt fwa ankò, kòm yon gwo ewo.

Wi, se sa m di menm, nou gen yon pèsonaj politik, ki pase de sòlda, chèf lapolis, bandi, rebèl, revolisyonè, ewo, dilè dwòg, prizonye, bandi depòte, ewo nasyon an.  N a eskize m pou tout konfizyon sa yo.  Men se sa k Ayiti a, wi.  Se yon peyi kote tout bagay posib, sitou nan zafè sekirite ak politik.  Jodi a, se ajan Lapolis ak BSAP k ap bay ewo nasyon sa a sekirite.  Gen moun ki ka toujou vole, ponpe, fache jan yo vle.  Men, laverite se, e malgre gwo akizasyon ki ta sanble toujou devan lajistis kont Ti Gi, Leta peyi nou, mete tout aparèy sekirite peyi a an aksyon, pa pou arete l, men pou pwoteje l.  Lè misye debake nan yon zòn, se gwo fèt, se anpil moun ki nan lari, menm jan sa te fèt deja an 2004, k ap rele viv ti Gi !

Ou menm, ou te k ap jwenn anpil lòt egzanp, tankou ansyen bandi prizonye dwèt long, vòlè machin, vòlè tè, ki te gwo depite oubyen senatè. Èske w sonje jan anpil moun te resevwa ansyen diktatè kriminèl, Jan Klod Divalye, kòm yon gwo ewo?  Lè granmoun di Pòtoprens se tè glise a, yo gen rezon.  Pa kouri griyen dan, pran plezi nan malè yon bandi oubyen yon politisyen ayisyen.  Demen, wa sezi wè se li ki chèf lapolis, depite, senatè oubyen prezidan.  Ayiti, se peyi ki fè ewo pase pou bandi, pandan anpil bandi ap pase pou ewo !  Sa ki pi dwòl la, menm Kominote Entènasyonal la konplis nan ede nou sanksyone ak fè anpil ansyen gwo chèf, premye minis, prezidan pase kòm bandi.  Bagay sa a kreye yon vid nan lavi politik lakay nou.  Se yon sitiyasyon ki pèmèt bandi tounen ewo pi fasil.

 N a sonje lakay : tout ewo, ka prezidan demen.  Konsa, si w entelijan w a konprann jwèt malouk sa a, kote (ansyen) prezidan tounen bandi, bandi tounen ewo, ewo ka tounen prezidan.  Sa k ka konprann, va konprann !

Castro Joseph

Analis politik

7 janvye 2024

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Qu’adviendra-t-il du CPT, après une telle démonstration d’inconséquence de nos leaders?

Même si cela se révèle de plus en plus compliqué, il demeure encore possible...

Fonctionnement du Conseil Présidentiel : 

La question de blocs, au sein du CPT, est une erreur sémantique et une...

Élections au sein du Conseil Présidentiel : évitons le pire

La genèse même du Conseil Présidentiel est inconstitutionnelle, illégitime.  Elle est empreinte de favoritisme,...