HomeInsécurité & Banditisme2 mo pou Pierre Louis Opont (PLO)

2 mo pou Pierre Louis Opont (PLO)

Published on

Archives

Pou plizyè rezon, anpil moun pa pale sou koze kidnaping PLO, jan zanmi li konn rele l. Doulè a
fò. Gen zanmi ak diyite ki kontinye ap reziste, epi gen lòt ki pa vle eksite moun ki kenbe PLO,
pou yo pa di bagay ki pou ta fè chèf kriminèl yo fache. Se yon gwo dilèm, lè ou se yon senp
sitwayen k ap pran lapawòl sou keksyon an, sitou lè yo ka mande w ki moun ou ye pou w ap
adrese w ak chèf. Mwen chwazi pito pale ak opinyon piblik la, sou ki moun ki Pierre Louis
Opont an, yon moun ke mwen konnen depi plis pase 50 tan.
Pierre Louis, se yon modèl pou tout jèn gason ki leve nan zòn St-Antoine, Fò Nasyonal,
Avni Poupelard, Solino. Pou mwen menm, pèsonèlman, li genyen anpil enfliyans nan lavi mwen.
Pierre Louis te konn prete mwen kèk bon liv. Mwen te genyen 15 an, lè li fè mwen li: «100 ans
de solitude, de Gabriel Garcia Marquez». Se premye moun ki pale mwen de Thomas Sankara e
san konte bon liv teknik sou jesyon e latrye li te konnen prete m.
Pierre Louis pa janm kite jèn ki genyen talan oubyen bòn volonté, dèyè. Fè yon ti ankèt
nan INFP, nan TNH, nan CDS, nan Inivèsite Limyè, nan KEP, pou nou wè konbyen jèn, sòti nan
ajan sekite, rive sou-direktè, ki pou di w kouman se Dirèktè PLO ki te ba yo chans pou travay,
epi sito fè pwogrè, nan domèn yo gen konpetans.
Tout kote PLO pase, mwen toujou la. PLO pa yon moun ki genyen rankin pou 5 kòb.
Depi yon bagay fini pase, li konprann, li klase sa, epi l ap vanse. Pèmèt mwen pataje ak nou yon
istwa nou te viv ansanm nan KEP la, pou nou wè ke PLO se yon gran nèg.
Mwen te nan kabinè PLO, nan lane 2012. PLO te oblije fè yon operasyon chiriji an ijans.
Li kite yon lèt nan men mwen, pou al pran chèk travay li. Lè mwen rive nan biwo a, yo pa vle
remèt mwen chèk la, malgre lèt la genyen so siyati ke administratè a konnen trè byen, epi li
konnen mwen se manb kabinè DG a. Mwen wè pa t genyen okenn rezon administratif oubyen
legal pou kenbe chèk la. Mwen diskite ak yo, san yo pa rive konvenk mwen ke yo genyen yon
rezon valab pou kenbe chèk direktè a. Mwen te abitye wè yo vini nan biwo li tout tan. Men, vrè
rezon an, yo te genyen enfòmasyon yo pral mete yon lòt DG nan plas PLO. 2 anplwaye eseye
imilye li, atravè mwen menm. Mwen ale, epi m gade sitiyasyon an pou sa li ye. Apre 2 lane, PLO
retounen kòm Prezidan KEP la, li pa janm fè anplwaye yo sonje ki sa yo te fè li, e menm, genyen
youn ladan yo, ki jwenn promosyon.
Genyen anpil istwa nou te kapab pataje ansanm, pou montre ke PLO se yon bon zanmi,
yon bon pè de famiy, yon bon pwofesyonèl, yon moun ke tout moun ki rankontre li apresye e ta
renmen rete zanmi ak li. Malerezman, nan peyi a, anpil moun viktim jijman dwategòch
(jugement téméraire). Yo pa konnen yon moun ni an pent ni an penti, men y ap kondane moun sa
a, san chache konnen si sa y ap di a, oubyen sa y ap repete a, se laverite ou pa. PLO se yon
Ayisyen otantik ke tout moun te dwe leve kanpe pou egzije Leta ak tout fòs sekirite lejitim yo,
libere mesye PIERRE LOUIS OPONT, san pèdi tan e san kondisyon.
Guy Marcel CRAAN

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Haïti : la révélation troublante du président colombien

Alors que les groupes terroristes criminels « Viv Ansanm » continuent d’assassiner et de violer de...

Les gangs sont sans pitié

Genard Joseph, secrétaire d'État au Bureau à l'Intégration des Personnes Handicapées (BSEIPH), est profondément...

Revolisyonè bò Katedral

Gen anpil moun ki rele mesye Viv Ansanm yo: “Revolisyonè bò Katedral”.  E yo...