Kreyol

Published on

Archives

Milyon sa a pa pou Ti Pèp la
Peyi Etazini pare pou bay Ayiti 54 milyon dola vèt, pou edè l fè fas ak pwoblem grangou k ap
trakase bil plis pase mwatye popiplasyon an: se vis prezidan Etazini an, Kamala Harris, ki fè
deklarasyon sa a, jou jedi 8 jen 2023 a, nan rankont li t ap patisipe nan peyi Bahamas, ant chèf
deta peyi Karayib yo. Se ajans USAID ki ap gen pou jere lajan sa a.
Akò Montana ap simen flè ipokrizi
Jedi 8 jen an, nan otèl Montana, presidan eli Akò Montana a, ekonomis Fritz Alphonse Jean, te
rankontre avèk diferan ògàn nan akò a, pou yo te pataje lide yo e sitou pataje, devan laprès,
posizyon akò Montana fas ak sitiyason peyi a ap travèse.
Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo ? 
Pandan dènye ane sa yo, nou te konstate, san okenn rekou, yon bann kriminèl y ap chèche, e ki
poutan ap grandi aktivite yo sou rezo sosyal yo, deklare tèt yo antanke lidè kominotè, atis oswa
revolisyonè. Men, an reyalite, moun sa yo, ki san fwa ni lwa, ap itilize teknoloji yo pou yo
rapwoche yo pi plis bò kote pèp la. Yo fè tèt yo pase antanke «viktim sistèm lan» tou. Moun
defavorize sa yo pran pòz sèl opsyon yo genyen se: vyole, vòlè, kidnape ak tòtire popilasyon an.
Pami bandi ki rive depoze baz yo sou entènèt la, nou ka site Jimmy Chérizier, alyas Babekyou,
lidè selil teworis «G9 an fanmi e Alye, manyen youn manyen tout»; Ti Lapli, lidè gang Gran
Ravin lan; Lanmo 100 jou, lidè gang 400 Mawozo epi, sa ki pi popilè nan mitan yo tout lan, Izo,
lidè gang 5 Segonn lan, k ap fè gwo bri nan Endistri Mizik Ayisyen an (Haitian Music Industries,
HMI), ki deklare tèt li antanke «Atis Mafya Peyi a». Plizyè moun ki gen paj Facebook ak
YouTube, pran videyo yo epi pataje yo ansanm ak kominote pa yo pou ankouraje banditis.
Medya yo toujou ap veye opòtinite pou ogmante odyans yo. Aktivite bandi yo vin tounen yon
gwo sous revni pou biznisman ki gen paj YouTube, jèn jounalis endependan ak aktivis yo (moun
k ap denonse moun).
Nou dwe konprann chak fwa nou gade yon videyo sou YouTube sou aktivite gang,
pwopriyetè kanal sa a resevwa lajan pou reklam yo ki parèt anvan oswa aprè videyo a. Se poutèt
sa yo toujou ap jwe ak santiman nou. Yo toujou fè deklarasyon chokan, tèt chaje, pou alimante
chanèl YouTube yo genyen an. Nou ta dwe remake tou, jounalis tèren yo resevwa lajan, chak
fwa yo kapab ale nan konferans lidè gang yo ap bay nan laprès. Yo rele frè sa yo frè deplasman
oswa transpò, ki se an reyalite yon fòm koripsyon, lajan sal.
Nou ta dwe konprann tout jèn ki nan katye popilè yo, konsidere kriminèl sa yo antanke
modèl, idòl, gid… epi vin agresif, lè yon moun ap kritike bandi sa yo sou entènèt la. Lidè gang
yo reyisi pran gwo kontwòl sou jijman ak konpòtman lòt moun, pandan y ap pwopoze oswa
enpoze yon fason pou panse, kijan w dwe viv, sa se yon lòt fòm diktati li ye tou. Yon bon pati
nan popilasyon an resevwa yon lavaj sèvo, swa nan fason y ap manipile yo, oswa nan fason y ap
lage yo nan koripsyon. Se poutèt sa li tèlman fasil, pou yon kriminèl tankou Lanmò 100 Jou, fè
disip, chak fwa lapolis touye yon manm nan gang li a. Laprès anliy fè bandi sa yo tounen gwo
vedèt. Nou dwe fè tout sa nou konnen pou nou bloke tout aktivite komèsyal sa yo ki se baz krim.
Antanke yon senp sitwayen, kisa pou fè pou elimine popilarite bandi yo anliy?
Antanke sitwayen ki gen bon konprann epi ki eklere (gen ti limyè), nou gen yon sèl bagay pou
nou ki se Denonse (pote yon plent) sou tout videyo oswa odyo ki ankouraje krim yo. Kit se atis
tankou Shassy, Marco nan Barikad Crew, Roodyman ki konn deside parèt andirèk sou rezo yo ak
Izo 5 Segonn, kit se chèn YouTube ki montre videyo konferans pou laprès Barbecue, Lanmò 100

jou, Ti Lapli, videyo ki mete krim an valè… fòk nou denonse yo. Se yon dwa w genyen antanke
yon sitwayen, oswa pou byen di nou, se yon devwa li ye, antanke paran, pastè, oungan, lidè
kominotè, enfliyansè. Avan tout bagay, pwosesis pou denonse a ap fèt an sekrè. Sa vle di, rezo
sosyal la pa pral di pwopriyetè videyo a ou fenk denonse li. Lè w denonse yon videyo oswa yon
foto, sa pa vle di li pral efase. Men, si plizyè douzèn moun denonse yon videyo, paske li gen
aktivite teworis, oswa ap fè lwanj pou bandi yo, y ap louvri yon ankèt pou verifye si tout bon li
pa respekte règleman entèn yo. YouTube konsidere, lè w vyole règ sou kontni radikal yon
òganizasyon teworis etranje pwodwi, epi lòt gouvènman yo idantifye l tankou se zak teworis tou,
se tankou ou pa respekte règ sou kontni pal i yo tou. Li pa otorize òganizasyon teworis yo itilize
YouTube pou rezon sa yo, tankou pou fè rekritman. Youtube entèdi tou, difizyon sou kontni ki
ankouraje zak teworis, tankou kontni ki gen zak banditis oswa ki ankouraje vyolans.
Règ pou itilize Meta (Facebook, Instagram, WhatsApp) entèdi diskou pou fè moun rayi
moun, fè menas ak vyolans san sans. Sepandan, gen yon eksepsyon pou kontni ki chokan yo: pa
egzanp, ou ka poste yon videyo ki montre vyolans, si se pou denonse zak vyolans sa a. «Y ap
retire videyo ki gen imaj chokan, lè yo pataje yo pou koz pèvèsyon, oswa pou selebre oswa mete
vyolans an valè.» Nan mwa Oktòb 2020 an, Twitter te deklare pa gen okenn plas sou rezo li a
pou òganizasyon ki vyolan yo. Pandan tan sa a, Tik Tok li menm, di li pa otorize yon moun oswa
yon òganizasyon ki sou platfòm li a, k ap ankouraje oswa angaje li nan vyolans. «N ap efase
moun sa a ak òganizasyon sa yo, tankou moun k ap touye yon pakèt moun yo, kriminèl san
manman yo ansanm ak kadejakè yo, gwoup k ap fè moun rayi moun yo, òganizasyon kriminèl,
òganizasyon teworis ak lòt gwoup gang, leta mete zam nan men yo, ki gen objektif touye sivil
yo.»
Angwo, zouti pou kwape manipilasyon gang ayisyen yo sou rezo sosyal yo egziste. Tout
sa ou gen bezwen, se yon ti volonte ak bon sans, pou pwoteje sila yo ki pi fèb yo.
Eliacin Evens

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...