Kreyol

Published on

Archives

Peyi d Ayiti dwe pran wout, ki pa miwo – miba, kote tout bagay va mache kòmsadwa
Se dizon Bank Mondyal, nan yon nòt li voye bay medya yo, sou vizit yon delegasyon Bank
Mondyal te fè nan peyi d Ayiti, ant lendi 22 pou rive mèkredi 24 me 2023 a. Pou Bank Mondyal,
bon jan dispozisyon konsekan, se ta premye etap nan yon chimen tranzisyon lajman laj, ki ka fè
vin gen konfyans ant popilasyon an ak gouvènman an. Bank Mondyal pale konsa, apre divès
chita pale yon delegasyon, li te voye, sot fè nan peyi d Ayiti, ant lendi 22 pou rive mèkredi 24
me 2023 a.
Bank Mondyal di li te tanmen sa l rele konsiltasyon yo, pou l ka rive met kanpe yon
pwogram 5 lane, ant lane 2024 pou rive lane 2028, nan relasyon patnè li, ak peyi d Ayiti. Sa
Bank Mondyal di l ap rapousuiv avèk nouvo pwogram 5 lane k ap vini yo, se pou kore peyi d
Ayiti k ap viv youn nan move moman nan istwa l. Pou sa fèt, li nesesè pou idantifye pa ki
mwayen, ki jan y ap rive remete kanpe yon sistèm jesyon piblik ki ka bay bon jan rezilta, ki jan y
ap rive kenbe sèvis piblik (sèvis Leta) ki pi enpòtan pou popilasyon an epi ki jan y ap kapab fè
ekonomi a reprann eskanp figi l, pou l grandi kòmsadwa. Bank Mondyal di li rekonèt peyi d
Ayiti ap fè fas kare ak yon pil ak yon pakèt defi, yo pa kapab jwenn bout yo nan sitiyasyon ki
genyen kounye a, kote peyi a ap soufri anba yon kriz politik ak yon kriz nan enstitisyon yo k ap
kontinye layite nètalkole. Sitiyasyon an degraba, ni nan nivo politik, ni nan ekonomi a, ni nan
nivo sosyal, ni nan sa ki arevwa ak sekirite. Se pou sa, tout gwoup konsènen yo, tout gwoup ki pi
enpòtan yo, yo dwe fè jefò, tèt ansanm, pou rive jwenn, an ijans, solisyon pou jesyon politik peyi
a fèt kòmsadwa, pou sila yo, ki gen mayèt yo, rann kont sou sa y ap fè yo. Li nesesè tou pou
sèvis ki pi enpòtan yo bay bon jan rezilta, epitou pou gen plis opòtinite, plis posiblite nan
ekonomi a.
Nan nòt sa a li rann piblik vandredi 26 me 2023 a, Bank Mondyal pa di ki sa l rele sèvis
kle yo, sèvis ki pi enpòtan yo. Men, Bank Mondyal di li nesesè pou ekonomi a retounen nan yon
sitiyasyon nòmal, ki pa an degraba. Epitou, li nesesè pou sekirite piblik la retabli kòmsadwa.
Dwe gen dispozisyon kont tout sa ki fè peyi d Ayiti vin tonbe nan yon sitiyasyon frajil rèd mare.
«Lè gen tout makònay sa yo, lè gen kriz politik san gade dèyè yo, lè gang ak zam yo ap
plede simaye vyolans toupatou, lè vin gen epidemi (Bank Mondyal pa di ki epidemi li vin wè ki
genyen nan dènye lane sa yo), tout makònay sa yo vin rann peyi d Ayiti frajil anpil». Se dizon
natif natal peyi Mòldavi, an Ewòp, Lilia Buruncluc, ki se direktris Bank Mondyal pou peyi
Karayib yo.
«Nan sitiyasyon frajil sa a, sa k pi enpòtan kounye a, pi vit posib, nan yon tan ki pa long,
dwe gen dispozisyon ki pou pèmèt gwoup frajil yo kontinye viv kòmsadwa, kapab jwenn manje
pou yo manje, elatriye». Sa a, se dizon Ayat Soliman, ki se direktris estrateji ak operasyon Bank
Mondyal pou rejyon Amerik Latin ak Karayib yo, ki di tou: «yo ta dwe ede gouvènman defakto a
tanmen refòm, pou twoke kòn ak tout sa ki rann peyi d Ayiti frajil konsa, epitou ak tout sa ki
anpeche peyi d Ayiti mache ak grandi kòmsadwa».
Ayiti, se premye peyi Ayat Soliman te vizite, lè l te fèk pran pòs anchaje estrateji ak
operasyon Bank Mondyal pou rejyon Amerik latin ak Karayib yo, dapre nòt Bank Mondyal la.
Malgre sitiyasyon briganday ki genyen nan peyi d Ayiti, depi plizyè mwa, malgre gang
ak zam yo kontinye ap simaye vyolans toupatou, san pa gen okenn dispozisyon pou kwape yo,
Minis defakto ekonomi ak finans lan, Michel Patrick Boisvert, deklare «ak sipò Bank Mondyal,
gouvènman defakto li a rive fè anpil pwogrè nan agrikilti, nan jesyon piblik, nan edikasyon, nan
pèmèt moun rive jwenn lasante kòmsadwa, nan fè fas kare ak menas ak katastwòf yo, nan pèmèt
moun rive jwenn sèvis enpòtan, tankou transpò nan milye riral yo ».

Nan nòt li a, Bank Mondyal pa bay detay, ni presizyon sou pwogrè Minis defakto, Michel
Patrick Boisvert, konsidere gouvènman defakto a ta fè yo. Pa bliye gouvènman defakto sa a la
depi plis pase 22 mwa, depi lè yon tweet Kominote Entènasyonal la te fè Ariel Henry enstale tèt
li nan direksyon politik peyi d Ayiti a, nan dat madi 20 jiyè 2021.
Ant lendi 22 pou rive mèkredi 24 me 2023 a, Bank Mondyal di li te voye yon delegasyon
al chita pale ak manm gouvènman defakto a, ak patnè devlopman yo (li pa site non ki patnè
devlopman) epi ak reprezantan sektè prive a (Bank Mondyal pa di ki yès ki te la kòm reprezantan
sektè prive Ayiti a), sou pwogram 5 lane k ap vini yo, ant 2024 pou rive 2028.
MENFP entèdi kou ratrapaj pou lajan nan lise ak lekòl nasyonal yo
Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl anonse li entèdi kou ratrapaj pou lajan nan lise
ak lekòl nasyonal peyi d Ayiti. Nan yon kominike pou laprès li pibliye jounen vandredi 26 me a,
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl anonse li entèdi fòmèlman kou ratrapaj
pou lajan nan lekòl piblik yo. MENFP di li denonse pratik sa a, kote pwofesè ki gen pou fè kou,
pa mete pye nan sal klas yo, pandan y ap òganize kou ratrapaj pou lajan pou elèv yo. «MENFP
denonse tou konpòtman kèk pwofesè ki pa vini bay sèvis nan lekòl Leta yo, aloske yo al fè kou
nan lekòl prive yo», ministè a ajoute. Ministè di li rekonèt tout travayè gen dwa pou l pwoteste,
lè li pa satisfè. «Men li gen devwa tou, lè li touche, pou li bay sèvis, sitou pou timoun lekòl
piblik yo ki deja pèdi anpil jou lekòl, akòz sitiyasyon peyi a», nou li nan nòt sila.
Pandan li lanse yon apèl ak konsyans pwofesyonèl ak sans responsabilite anseyan ki
touche epi ki pa al fè kou, MENFP di l ap kontinye dyalòg la ak sendika anseyan yo sou
revandikasyon pwofesè yo nan lekòl piblik yo. «Se ansanm ak nan konpreyansyon difikilte
ekonomik yo, ak lòt, n ap rive jwenn solisyon ak pwoblèm yo», enstitisyon sila a rapousib.
Yon lòt kote, MENFP raple li lanse kou ratrapaj pou elèv ki pral nan egzamen Leta yo
(9yèm ane fondamantal ak segondè 4) ane sa a. «Kou sa yo ap bay gratis, nan plizyè lekòl piblik
ak nan plizyè depatman. Paran yo pa gen pou peye senk kòb pou sa», ministè a fè konnen.
Eliacin Evens

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News

Afrique

Gabon : référendum constitutionnel approuvé à 91,8% Le peuple gabonais a tranché lors du référendum...

Que dit la Loi ?

Du choix d'un premier ministre  Quel que soit le cas de figure, le choix du...

Haïti corruption :

Le Mouvement Point Final demande au nouveau Gouvernement d'Alix Didier Fils-Aimé à mettre l'action...