HomeCulture & Société«Mil pa Distans zewo»

«Mil pa Distans zewo»

Archives

«Mil pa Distans zewo», se yon lòsyè rèl k ap jwe marèl anba bèk plim Wilkens Scott Fifi ak
Jean Grégory Floriyo
«Mil pa Distans zewo», se yon seri pwezi kreyòl lib, tabou nan 113 paj. Yon rekèy
powèm ki rantre nan dyalòg 2 powèt sou menm dimansyon, poutan ki p ap viv nan menm
lakou. Pwezi fraktisid, tris k ap pentire yon sosyete dechire, yon panorama dezespwa. Anplis,
«Mil pa Distans Zewo» ekri tout doulè ak kalamite peyi DAyiti ap ekspoze chak jou ki jou. Li
pwojte tout fistrasyon ak endiyasyon 2 otè yo sou angwas peyi yo ap konnen.
«Kapitalis chodpis
pwennfèpa tout tivis
tèt vis nou fware
nan konsè katouch
tèt vil la pa la
kalamite se refren
en dous en cho
dola pa dòlote goud
nan pwen akolad
Franklen ak Ipolit dozado
souri wòz se fa sou tèt dyòl poupe
se nan zo kòt grandèt zanfan isit
M aprann detèmine andirans lamizè
figi bisantnè nwaye nan mekòp sa pa ra…»
@GREGPHILE
Zo sanble tout kalite kalamite grenn bal
Ap tire pasi-pala sou tèt pèp la
Mizè n kale bandi pòtre tritri
Lanmò n kri san kri inosan
Gade gwo grenn diri enpòte k donnen nan
katye popilè
Koripsyon yon laman anpwazonen
Nan de bò degouden
Nanpwen lwil pou limen mèch lavi
Leta menm dekapite
Tout branch li debwaze
Bandi ap ratibwaze malere ap pandye nan
bwafouye
Sèl lanmè k konn sekrè peyi san chapo
Mezanmi zo, èske w te konnen
Mizèrere soufrans ak malsite
Se pi gwo diplòm Ayisyen posede
Nou pran doktora nan pwodwi negativite
Mond lan aplodi
@Wilkens
Wilkens Scott Fifi, powèt, jiris epi manm plizyè antite kiltirèl ak literè k ap viv kay
Tonton Sam depi 2017, pibliye déjà, nan lane 2020: «Kole Bri». Fwa sa, li pral rann piblik
«Mil pa Distans zewo», nan kole tèt ak plim Jean Grégory Floriyo, alyas Gregphile, yon
kontab k ap konte mo ak «Mots ailés, jeux mots-dit», ki piblik, nan lane 2022.

Gras ak maji teknoloji a, Scott, k ap viv andeyò peyi l, rive konnen epi konprann
prèske tout sa k ap pase lakay li. Toutfwa, si l ap viv nan peyi etranje, santiman l pa diferan de
Gregphile ki rezide an Ayiti, nan nannan reyalite a. Atravè zèv sila a, powèt yo ta envite tout
lektè avize rive konprann nan ki nivo katchouboumbe Premye Repiblik Nwa a tonbe. Matlo sa
yo rive fè pòtrè mizè ak ensètitid yon popilasyon ki pa janm sispann bouske lavi miyò, anba je
neglijans Leta santral la.
Prefase sou chantaj Akademisyen Guy Gérald Menard, mete ak lobedyans «Edition
Jacques Trouillot», zèv sa a pwouve atachman chak Ayisyen k ap viv lòtbò baryè ak tè natif
natal yo, kanta pou pweziyis k ap viv lòtbò dlo, pote Ayiti nan kè yo, pote doulè yo nan nanm
yo.
Nan sans sa a, Wilkens ak Gregphile pwente plim yo sou tout anmoure bèl plim ak bèl

lèt, Ayisyen sou tout latè, pou akeyi pwezi «Mil pat» sa a, nan lane 2023 a.

Stevenson Bazelaire

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Le canal d’irrigation de la rivière Massacre, un dossier de discorde, exploité hors de proportion

La presse locale, en Haïti et en République Dominicaine, également des journaux importants des...

Haïti: la construction du canal se poursuit sur la rivière Massacre

Le dimanche 17 septembre au soir, dans un court discours télévisé, le Président de...

Haïti: quand je t’aime…

Certains diront: c’est l’expression d’un chevalier d’autrefois. Pourtant, on ne parle pas d’Haïti, sans...