Biznismann Gilbert Bigio, Reynold Deeb ak Sherif Abdallah tonbe anba sanksyon Kanada, lendi 5 desanm 2022 sa a, dapre yon deklarasyon biwo premye minis kanadyen an te pibliye. Yo akize biznismann sa yo pou tèt y ap finanse gang ame nan peyi a. «Dènye sanksyon sa yo vize 3 manm trè enpòtan nan elit ekonomik Ayiti – Gilbert Bigio, Reynold Deeb ak Sherif Abdallah. Yo entèdi fè komès ak Kanada epi yo jele tout byen yo ka genyen nan Kanada», se sa nou te ka li nan deklarasyon Depatman Zafè Etranjè Kanada.
Kanada di ke li gen rezon pou kwè moun yo t ap itilize estati yo, kòm gwo zouzoun nan elit ekonomik Ayiti, pou pwoteje ak fasilite aktivite ilegal gang kriminèl ame yo, tankou blanchi lajan ak lòt pratik koripsyon. «Gang sa yo ak patizan yo kontinye teworize popilasyon vilnerab la ann Ayiti, an tout enpinite, epi y ap ogmante kriz imanitè nan peyi a, nan pèmet ogmantasyon kolera a. Gang yo ap komèt tou gwo zak vyolans kont popilasyon an, tankou vyolans seksyèl epi yo anpeche livrezon sèvis debaz ak èd imanitè», dapre deklarasyon an.
Plizyè politisyen ayisyen deja tonbe anba sanksyon kanadyen yo. Nou ka site Joseph Michel Martelly, Laurent Salvador Lamothe, Jean Henry Céant, Ronny Célestin, Hervé Fourcand, Gary Bodeau, Joseph Lambert ak Youri Latortue. Yo tout fè konnen yo inosan, malgre gouvènman kanadyen ak ameriken di yo gen bon jan prèv yo se sipotè gang e yo enplike nan trafik dwòg.
Sara Hélène Georges, pitit fi Me Reynold Georges, chape anba yon kidnaping
Pitit fi Me Reynold Georges, Sara Hélène Georges, chape anba yon tantativ kidnaping sou wout Frère a. Me Reynold Georges te konfime enfòmasyon sa a, nan telefòn, pou Gazette-Haiti. Sara Georges te pran yon bal nan bra epi li te nan sal operasyon nan yon lopital nan kapital la. Pitit fi avoka a te genyen yon moun ki te nan yon machin avèk li, lè bandi ame yo te atake yo e t ap eseye kidnape yo. Sarah Georges t ap soti nan Akademi polis la, dapre sa papa l te di. Kounye a li pa an danje, dapre papa l toujou. Sa gen plizyè mwa, Me Reynold Georges te chape tou anba yon tantativ kidnaping nan anba lavil Pòtoprens.
Konsila dominiken an Ayiti ranmase plis pase 64 milyon dola vèt, soti 2015 pou rive 2022 nan bay viza
Biznis viza rapòte Repiblik Dominikèn gwo kantite lajan ann Ayiti. Sòti lane 2015 pou rive 2022, konsila peyi sa a ann Ayiti, sanble 64 milyon 212 mil 645 dola ameriken, sa ki reprezante 75 pousan lajan tout misyon diplomatik li yo nan mond lan, rapòte nan peryòd sa a. Nan yon repòtaj ki pibliye nan jounal Listin Diario, nan dat 28 novanm lan, jounalis Carolina Pichardo ak Milo Milfort pote limyè sou gwo komès viza k ap fèt ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Biznis sa a rapòte peyi vwazen an gwo lajan, dapre atik sa a. Se konsa, soti 2015 pou rive premye semès 2022, sou 85 milyon 749 mil 330 dola ki rantre nan kès leta dominiken, konsila dominiken ann Ayiti yo rapòte 64 milyon 212 mil 645 dola, sa ki reprezante 75 pousan total lajan tout konsila dominiken yo ranmase nan tout mond lan, si nou kwè chif atik sa a rapòte.
Pandan peryòd sa a, 89 pousan nan 818 mil 885 viza misyon konsilè dominikèn yo bay, se Ayisyen ki resevwa yo. Se ministè Zafè Etranjè dominiken ki bay chif sa yo, dapre Carolina Pichardo ak Milo Milfort. Soti 2020 pou rive 2021, atik la soulinyen gen yon ogmantasyon 40 pousan nan bay viza dominiken ak Ayisyen. Pou eksplike ogmantasyon sila a, jounalis yo kwè sa gen pou wè prensipalman ak dezespwa ki anpare Ayisyen yo ki vle kite peyi a kout ke kout.
Li difisil pou detèmine pri egzat viza dominiken
Jounen jodi a, yon moun ki swete jwenn yon viza dominiken dwe debouse soti 500 ale 700 dola ameriken. Nan lane 2021 an, dokiman sa a te koute anviwon 400 dola vèt, alòske afich ki nan konsila dominiken ann Ayiti yo ak piblikasyon ki fèt sou rezo sosyo yo fè konnen pri an varye soti 175 pou timoun pou rive 225 dola pou granmoun, dapre Listin Diario. Dapre jounal dominiken an, li pa fasil pou rive konnen konbyen chak viza koute ofisyèlman. Dapre chif ofisyèl ministè Zafè Etranjè dominiken, gen diferans ant pri diferan viza dominiken yo, jounal la fè remake.
«Rezolisyon kounya 2-07 ministè sila a, fè konnen li ta dwe soti 40 pou rive 60 dola, selon tip lan. Men enfòmasyon menm enstans lan founi, aprè yon demand nan kad repòtaj sa a, fè konnen, viza yo koute 70, 80, 85 e 90 dola tou, an fonksyon de kategori an», se sa nou li nan atik sa a.
Ansyen prezidan chinwa, Jiang Zemin, mouri
Fwa sa a, se pa rimè. Ansyen prezidan chinwa, Jiang Zemin, ki te dirije peyi a nan lane 1989 pou rive 2000, e ki te gen 96 lane, fè vwèl pou peyi san chapo, mèkredi 30 novanm 2022 a, dapre ajans nouvèl leta Lachin lan. Xinhua rapòte se yon «lesemi ak echèk ògàn miltip ki pote l ale nan mitan jounen mèkredi a (30 novanm), vè midi trèz, nan Shanghai».
N ap raple Jiang Zemin te rive sou pouvwa a, jis apre deblozay manifestasyon yo sou plas Tiananmen nan Beijing. Malgre gwo boulvès ki te gen nan lemond nan epòk sa a, li te rive akonpaye transfòmasyon nasyon chinwa a epi plante l tankou yon pisans nan mitan lòt peyi yo, sou sèn entènasyonal la.
Ronald Léon