HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Archives

spot_img

Chèf gang, Vitelhomme Innocent, kontinye ap defye otorite defakto yo

Omwen 2 machin boule, gang Vitelhomme paralize konplètman Pènye, Tòsèl ak nan zòn tou pre li yo, 72 èdtan, apre iltimatòm li te bay gouvènman defakto a. Byen bonè nan lendi 20 jyen, anpil moun ak zam, ki t ap defile sou motosiklèt, te deklanche yon veritab terè nan katye sa yo epi menase pasan ak chofè transpò piblik yo. Vitelhomme Innocent, «te avèti otorite politik yo sou tout konsekans refi yo pou negosye ak li. Li te pwomèt pou l mete zòn Pènye an fe ak san, si li pa ta patisipe nan inisyativ pou retabli lapè ak trankilite nan Komin Taba ak Petionvil». Sitiyasyon tansyon sa a te kòmanse paralize dewoulman egzamen 9yèm ane ki te derape lendi maten an, sou tout teritwa nasyonal la.

SOHD, nan yon nòt pou laprès, denonse 2 gwo zak ki fèt sou 2 Ayisyen k ap viv Ozetazini

Komisyon dwa moun nan (SOHD) leve vwa l byen wo pou denonse asasina Grégory Oscar, alyas Pouchon, nan Okay, ak bastonad yon diaspora te pran nan lakou kay vwazen an, nan Sendomeng. 2 viktim sa a yo t ap viv nan peyi Etazini. Solidarité des Haïtiens de la Diaspora (S.O.D.H) deklare zak yo pa ka rete enpini, fòk moun ki te patisipe nan zak sa a ak ansanm Polisye ki te egzekite Pouchon, apre bastonad li te sibi a, pase douvan lajistis. SODH ap mande tout òganizasyon k ap batay pou demokrasi ak pou fè respekte dwa moun andedan peyi a mennen bon jan ankèt sou dènye zak sa yo, dekouvri koupab yo e trennen yo bay lajistis, pou jije yo, selon manman lwa peyi a. Siyatè yo egzije pou yo respekte, prensip fondamental dwa ak lavi e pou Ayisyen yo kontinye goumen pou chanje sistèm lan e tabli demokrasi an Ayiti.

Yon enspektè lapolis mouri anba bal nan Kwadèboukè

Enspektè divizyonè Robert Médard te pran plizyè bal, nan vil Kwadèboukè, mèkredi 15 jyen 2022 a. Yo te komèt krim sa a nan Kafou Marassa. Nan moman kriminèl yo te vin kidnape pwopriyetè ponp Ofelya a, yo te louvri kout zam sou enspektè lapolis la, dapre sa nou aprann. Dapre enfòmasyon ki disponib, bandi ame yo te gen tan kidnape yon anplwaye biznis la, yo te pran direksyon Dival 24. Enspektè Divizyonè Robert Médard, se te responsab sikilasyon nan Kwadèboukè.

Ronald Léon

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Dans le dossier du Canal de la Rivière Massacre, la Dominicanie porte le monopole de l’opprobre, mais…

Le dossier du canal d’irrigation de la Rivière Massacre défraie encore les chroniques de...

Kreyol

Bandi nan Kanaran anvayi Komin Sodo, maspinen popilasyon an epi boule Komisarya a Se depi...

Le canal d’irrigation de la rivière Massacre, un dossier de discorde, exploité hors de proportion

La presse locale, en Haïti et en République Dominicaine, également des journaux importants des...