HomeHot NewsOkay: bandi anba kòd

Okay: bandi anba kòd

Published on

Archives

spot_img

Okay: bandi anba kòd

Nan yon operasyon Lapolis ak Pakè Okay mennen samdi 26 mas la, a 3 zè nan maten, Milord Romelus jwenn arestasyon l nan Zoranje, komin Senlwi/Sid. Milord fè anviwon 5 mwa nan mawon, apre li te fin ansasinen Dieuné Augustin, nan komin Chantal.

Gwo mobilizasyon kont kidnapin, madi 29 mas, nan Pòtoprens

Tout dispozisyon deja pran pou yon mach pasifik ak sivik ki pwograme pou madi 29 mas la, soti san vyolans, dapre Jean-Robert Argant. Se yon inisyativ plizyè òganizasyon sosyete sivil, pami yo: Kolektif 4 Desanm, Sant Karl Levêque, APCH, Nou Pap konplis, ki pral di non a zak bandi yo nan peyi a, epi pou denonse mepri ak inaksyon gouvènman an. Inisyatè yo espere popilasyon an ap desanm an mas nan lari Pòtoprens, madi sa a, nan okazsyon 35yèm anivèsè konstitisyon 87 la, e pral mache kont kidnaping ak ensekirite. Sèten aktè politik fè konnen tou yo pral mande pou Ariel Henry demisyone.

SODH voye yon pinga bay tout aktè politik ki vle pran woulib

Solidarité des Haïtiens de la Diaspora mete chapo l byen ba pou l salye tout militan konsekan k ap kontiniye batay nan lit pou chanje peyi a e k ap reziste pou retire tè Papa Dessalines lan anba grif gouvènman PHTK, SDP, Matelly ak alye l yo. SODH ap pote kole ak tout mouvman k ap fèt, nan lespri pou dechouke gouvènman gang, defakto, kale tèt, Ariel Henry e alye, e mete kanpe yon gouvènan sali piblik pou remete Ayiti kanpe doubout.

(SODH) Solidarité des Haïtiens de la Diaspora ap mande tout Ayisyen, e sitou avan gad lit pèp la, pou siveye tout òganizasyon ti boujwa, tout akò akòkò k ap negosye ak Ariel Henry bò tab la ak anba tab la, ki reprezante boujwa tikoulout, gang, kale tèt PHTK kriminèl k ap kontinye simaye kadav frè ak sè nou yo nan tout lari. An nou veye pou yo pa vin pran tèt gwo mouvman leve kanpe sa a, nan al negosye ak boujwa tilolit restavèk k ap kontinye fè richès yo sou do pèp la. SODH ap kontinye goumen, nan dyaspora tankou andedan peyi a, pou kraze sistèm peze souse sa a e remete Ayiti peyi papa Dessalines ak zansèt nou yo kanpe doubout.

Doktè Michel D’Alexis lage pou lajan, apre 24 jou li pase nan men ravisè l yo

Doktè Michel D’Alexis te lage pou lajan, samdi 25 mas la, 24 jou apre anlèvman li, andedan klinik li nan riyel Berne. Avan liberasyon doktè Michel D’Alexis, moun ki te pote ranson an, yon papa 15 timoun, kidnapè yo te tou kenbe l. Doktè Michel D’Alexis gen 73 zan. Li se ansyen prezidan Sosyete Ayiti Obstetrik ak Jinekoloji. Li se pwofesè nan plizyè inivèsite, e sa fè dezyèm fwa yo te kidnape li.

Lapolis nasyonal dejwe yon tantativ kidnaping nan Taba

Ajan polis fwontyè a (POLIFRONT) ak brigad entèvansyon kont ensekirite fonsye a (BRICIF) dejwe jedi sa a, yon tantativ kidnapin nan blòk Anbasad Ameriken an, nan ri Romain, Taba. Ajan PNH yo te kwense bandi yo ki te oblije kouri kite dèyè yo otaj la, yon anplwaye nan yon bank komèsyal. Yo te menm abandone machin yo: yon kia Sportage, ak zam yo: yon fizi kalib 12, ak twa katouch. Malfra yo te sove abò machin viktim lan, yon Izuzu D-Max, koulè ble, ki anrejistre sou nimewo: AA-10470, selon sa nou te kapab wè sou paj facebook PNH. Viktim lan, ki te reprann libète l, apre entèvansyon lapolis, te fè lwanj pou pwofesyonalis ajan Polifront ak BRICIF yo.

Ansyen senatè ayisyen an, John Joël Joseph, yo pral ekstrade l Etazini

Daprè Jamaica Observer, ansyen senatè ayisyen an, Joseph Joël John, youn nan moun yo sispekte nan ansasinay prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, dakò pou yo ekstrade l Etazini. Direktè prensipal Adjwen nan zafè pousuit la, Jeremy Taylor, te depoze devan tribinal Kingston nan St Andrew, yon demand ekstradisyon kont ansyen senatè a. Li te fè konnen, depi madi, gen yon manda arestasyon pwovizwa kont akize a, jan trete ekstradisyon ant Etazini ak Jamayik egzije li. Li te note tou, dapre trete sa a, Etazini gen 60 jou pou founi bon jan prèv enplikasyon akize a nan ansasinay prezidan Jovenel Moïse, 7 jiyè 2021 an. Taylor te di aklè devan tribinal la, «se sèlman ansyen palmantè a yo ta dwe ekstrade». Anvan li te siyen konsantman l, John Joël Joseph te eksprime enkyetid li pou l kite fanmi l dèyè. Sepandan, yon entèprèt te eksplike ke yo poko ap voye l ale Etazini.

Jij Ann Montague-Cole te konseye mesye Joseph pou li «pare l» pou yo ekstrade l, apre li fin bay konsantman ekri an, men li di li «konpranm ke yon nonm ka pè kite madanm li ak pitit li yo». Fanmi an, apre arestasyon John Joël Joseph, jou ki 20 janvye 2022, te aplike pou azil nan Jamayik, nan biwo Ajans Paspò, Imigrasyon ak Sitwayènte (PICA) men, jiska prezan, Biwo Sekretè Pèmanan Ministè Sekirite Nasyonal poko janm founi yo yon repons. Fanmi Joseph gen pou tounen nan tribunal la, jou ki 5 avril, pou yon desizyon final sou estati refijye yo mande a.

Ronald Léon

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Dans le dossier du Canal de la Rivière Massacre, la Dominicanie porte le monopole de l’opprobre, mais…

Le dossier du canal d’irrigation de la Rivière Massacre défraie encore les chroniques de...

Kreyol

Bandi nan Kanaran anvayi Komin Sodo, maspinen popilasyon an epi boule Komisarya a Se depi...

Le canal d’irrigation de la rivière Massacre, un dossier de discorde, exploité hors de proportion

La presse locale, en Haïti et en République Dominicaine, également des journaux importants des...