HomeActualitéPierre Espérance pèsiste e siyen dèyè li: laprimati toujou ap finanse gang...

Pierre Espérance pèsiste e siyen dèyè li: laprimati toujou ap finanse gang yo

Published on

Archives

Pierre Espérance pèsiste e siyen dèyè li: laprimati toujou ap finanse gang yo

«Doktè Ariel Henry te bay nasyon an manti, lè li te di pa gen okenn relasyon ant ekip dirijan lan ak gang yo»: se deklarasyon direktè egzekitif RNDDH la, Pierre Espérance, sou Magik-9, jounen lendi 21 mas la. Li kontinye pou li di : «Ekip dirijan sa yo kontinye ap finanse gang yo. Ladwàn peyi a bay gang yo zam ak minisyon, sitou sa ki nan G-9 yo.» «Nou gen prèv, laprimati voye kòb bay 400 mawozo pou pèmèt moun yo reprann aktivite yo nan komin Kwadèboukè, pou debloke wout Malpas. Se pa pou anpeche yo fè kindnapin, ni se pa operasyon polisyè ki fè 400 mawozo pa p opere». Se sa Pierre Espérance te ajoute sou Magik-9.

Ajan PNH yo libere yon otaj, san yo pa bay ranson

DCPJ, ak sipò SWAT, pandan yon operasyon ki te fèt nan Torcel, vandredi 18 mas sa a, te libere yon otaj, san yo pa bay ranson. Viktim lan se Michelove Lizaire Muscadin, 41lane. Pandan atak la, yon moun yo idantifye sou non Civil Phanor, ak yon pistolè Lorcin, kalib 3.80 mm, te mouri, nan echanj kout zam ak lapolis pandan de (2) lòt kidnapè, blese, te kouri met deyò. Yo te kidnape Michelove Lizaire Muscadin lakay li, nan Thomassin 44, nan lannwit 14 pou rive 15 mas 2022.

Ayiti kondane debakman Larisi nan Ikrèn e mande belijeran yo pou pran wout dyalòg pou lapè

Ayiti pran pozisyon aklè nèt, nan kan peyi ki kondane epi mete yo anfas Larisi, pou tèt li te anvayi peyi Ikrèn. «Mwen mande Larisi ankò, pou l sispann bonbade peyi Ikrèn, pou respekte endepandans vwazen li yo». Se deklarasyon Premye Minis defakto ayisyen an, Ariel Henry, nan yon konferans pou laprès, vandredi 18 mas 2022 a. Premye Minis Ariel Henry, ki pa t mete dlo nan bouch li pou denonse konpòtman zagoloray peyi Larisi a, mande Vladimir Putin pou li mete yon bout nan lagè a, san pèdi tan. Mesye Ariel Henry mande pou bay diplomasi yon chans pou lapè ka tounen. Lè sa a, «li pral pi bon pou tou de peyi yo ak rès peyi yo nan lemonn, ansanm ak Ayiti,» li kwè.

Na p raple lagè a nan Ikrèn te deja fòse gouvènman an pran dispozisyon nesesè, prese prese, pou retire etidyan Ayisyen yo nan Ikrèn. Men gen yon lo ki al refijye tèt yo nan peyi Eslovaki ak lòt peyi Ewopeyen.

Inyon Nasyonal Nòmalyen Ayisyen (UNNOH) selebre 31yèm anivèsè li, nan dat 16 mas 2022

Nan okazyon an, responsab estrikti sa a te òganize yon jounen refleksyon, kote anpil manm nan sektè edikasyon te reponn prezan. Pami yo, Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat, te la. Nan diskou li a, Koòdonatè Jeneral UNNOH, Josué Mérilien, atire atansyon otorite Ministè Edikasyon Nasyonal sou move kondisyon travay pwofesè yo e li reyafime angajman òganizasyon sendikal la, nan batay pou bon jan kalite edikasyon. Koòdonatè UNNOH a, pwofesè Josué Mérilien, mande popilasyon an pou yo mobilize kont fenomèn ensekirite ki kontinye ap fè fanmi ayisyen yo kriye.

Ronald Léon

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

 kreyòl

Ayiti: aprè plizyè echèk, CARICOM deside soumèt aktè politik yo yon pwopozisyon akòAprè plizyè...

Kreyol

Palman Kenya apwouve deplwaman 1000 polisye yo ann AyitiFinalman, Asanble Nasyonal la vote an...

Une question demeure lancinante: pourquoi cet appui sans discernement à Ariel Henry?

Le monde continue de tourner. La vie persiste et fleurit, comme ces plantes du...