HomeHot NewsKi sa ki te rive yon jou kou jodia ?

Ki sa ki te rive yon jou kou jodia ?

Published on

Archives

Ki sa ki te rive yon jou kou jodia ?

12 mas 2021-12 mas 2022, yon lane depi senk polisye, nan sèvis yo, te tonbe anba bal ansasen bandi nan Village-De-Dieu. Georges Renois Vivender, Désilus Wislet, Eugène Stanley, Ariel Poulard ak Lucdor Pierre, se senk polisye ki te tonbe anba bal ansasen bandi Vilajdedye, pandan operasyon lapolis, jou ki te 12 mas 2021 an. Operasyon an te lakòz lanmò senk opolisye, yon douzèn lòt blese, yon machin blende lapolis boule ak bandi yo ki te sezi yon lòt. Se te plizyè inite espesyalize nan Lapolis Nasyonal, pami yo: SWAT ak BOID, ki te mennen operasyon sa a. Malgre apèl detrès, okenn ranfò, okenn bakòp pa t vinn pote yo sekou. PNH te abandone yo epi, jiska jodi a, Lapolis Nasyonal poko janm rekipere kadav polisye sa yo. Apre negosyasyon, bandi ansasen Village-De-Dieu yo te remèt blende yo te sezi a. Georges Renois Vivender, Désilus Wislet, Eugène Stanley, Ariel Poulard ak Lucdor Pierre, nou se senk ewo nou pa fè zewo.

Kanape-Vè, Ayiti – sikilasyon

Omwen 10 moun mouri ak plizyè blese nan yon grav aksidan nan Kanape-Vè. Yon kamyon fatra meri Pòtoprens te pèdi fren. Li al frape ak yon minibus sou mòn Kanape-Vè, nan apremidi 9 mas 2022 a. Bilan an ta sanble lou anpil, dapre kèk temwen ki te sou plas, ant 6 a 10 moun mouri ak plizyè blese. Pyeton ak pasaje nan minibis la, se prensipal viktim aksidan trajik sa a. Temwen yo rapòte Chofè minibis la mouri kraze nan machin li. Nan moun blese yo, genyen ki deja pèdi yon manm nan kò yo. E kantite viktim lan kapab ogmante nan jou k ap vini yo.

3 Jounen pòt fèmen pou egzije liberasyon doktè Pierre Boncy ak Michel D’Alexis

Asosyasyon Medikal Ayisyen (AMH) ak Asosyasyon Medikal Espesyalize mande pou pwofesyonèl medikal yo fèmen pòt klinik yo e pou lopital prive nan 10 depatman peyi a aksepte sèlman ka ijans, pandan jounen 14, 15 ak 16 mas, yon fason pou mande kidnapè yo lage doktè Pierre Boncy ak Michel D’Alexis.

Doktè Osni Eugène, vis-prezidan Fowòm lan, envite sektè medikal ayisyen yo mete tèt yo ansanm pou «kidnaping doktè yo pa rive ankò nan peyi a.» E li espere ak 3 jou arè travay sa yo, Leta ayisyen pral fè jefò pou bloke aktivite gang kriminèl yo ann Ayiti. Se nan dat 2 mas, endividi ak gwo zam, ki te fè tèt yo pase pou polisye, akonpaye ak yon fo jij de pè, te kidnape nan klinik yo, nan Riyèl Berne, Pierre Boncy, mizisyen Jazz e irologis ak Michel D’Alexis, jinekològ. Yo pwomèt yo pral mete kanpe lòt aktivite pou pwoteste kont ensekirite ak kidnaping k ap grandi nan peyi a.

Premye minis defakto, Ariel Henry, rankontre Prezidan eli a nan Chili, Gabriel Boric

Premye minis defakto Ariel Henry, nan tèt yon gwo delegasyon, rive jedi 10 mas nan Santiago, kapital peyi Chili, pou l te patisipe nan seremoni envestiti nan Valparaiso, nouvo prezidan chilyen an, Gabriel Boric. Anvan envestiti a, vandredi 11 mas, nan palman chilyen an, nan vil Valparaiso, Premye minis defakto ayisyen an, Ariel Henry, te rankontre jedi 10 mas la ak prezidan eli chilyen an, Gabriel Boric, nan Meri Santiago a.

Jounalis ayisyen yo manifeste kont vyolans ak ensekirite epi yo reklame jistis pou Jounalis Maxihen Lazarre

Jounalis ayisyen yo te pran lari, mèkredi sa a, nan Pòtoprens, pou mande jistis pou youn nan konfrè yo, jounalis Maxihen Lazarre, lapolis ta touye semèn pase, nan manifestasyon ouvriyèz yo pou ajisteman salè minimòm a 1500 goud. Jounalis yo te mete mayo blan ak foto defen an pou kondane britalite lapolis abitye fè sou yo nan egzèsis pwofesyon yo e yo te mande pou Leta pran responsablite l nan ensekirite ki gaye toupatou ann Ayiti. Manifestan yo te jwenn sipò manm nan popilasyon an tankou travayè, avoka ak militan politik ki te akonpaye yo sou tout pakou mach sa a. Reynald Petit-Frère, koòdonatè jeneral Kolektif Medya sou Entènèt (CMEL), espere enpinite ap kaba nan peyi a e pou tout lòt jounalis viktim yo, fanmi yo ap jwenn jistis ak reparasyon.

Ronald Léon

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News

Fusillade des journalistes à l’hôpital général :

Le Mouvement Point Final dénonce le mauvais traitement des journalistes blessés à Cuba.Depuis le...

Haïti/ USA, crise migratoire :

Le Mouvement Point Final annonce au Département d'État américain que la déportation des Haïtiens...

Massacre à Kenskoff : Le laxisme des autorités….

Le Maire Jean Massillon de Kenscoff, reste prudent sur le bilan de l’attaque des...