HomeHot NewsNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Degou, repiyans ak desepsyon, Jij enstriktè Renord Régis anonse li pa p sèvi lajistis ankò
Jij enstriktè, Renord Régis, responsab ankèt nan dosye asasina ansyen batonye Monferrier
Dorval la, demisyonen, kòm Jij, nan CSPJ.
Nan yon korespondans li adrese CSPJ a, nan dat 15 septanm 2021an, Majistra Enstriktè,
Renord Régis, di li desi nan fason enstitisyon jidisyè a ap vanse nan peyi a. Li anonse li kite
fonksyon li kòm jij, yon metye li di li pa «renmen ankò», paske li pa vle «pèdi bousòl li ki se
lalwa, konsyans li ak sans etik li».


Yo detekte de varyan kowonavirus la: Delta ak Mu, sou tout zile kiskeya a
Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP) deja idantifye an Ayiti varyan Delta ak Mu
kowonavirus la. Selon MSPP a, varyan sa yo pi danjere, yo trape pi fasil e yo pa epanye jèn yo.
Li swete popilasyon an pran anpil prekosyon pou pa trape maladi sa a.
Nan lòt bò fwontyè a, otorite sante nan Repiblik Dominikèn rapòte yo te detekte varyan
Delta a, ki trè kontajye, nan 5 pwovens nan peyi a. Yo deja jwenn li nan San Cristóbal, Santo
Domingo, Duarte ak Altagracia. Gouvènman Dominiken an anonse prezans varyan Delta a sou
teritwa li, apre tès ki te fèt nan laboratwa brezilyen yo. Ministè Sante Dominiken an rapòte tou
yo idantifye Varyan Mu an, yon varyan k ap bay OMS anpil tèt chaje.
Ronald Léon

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News

Afrique

Gabon : référendum constitutionnel approuvé à 91,8% Le peuple gabonais a tranché lors du référendum...

Que dit la Loi ?

Du choix d'un premier ministre  Quel que soit le cas de figure, le choix du...

Haïti corruption :

Le Mouvement Point Final demande au nouveau Gouvernement d'Alix Didier Fils-Aimé à mettre l'action...