HomeHot NewsWout Fontamara 29 ak Matisan, toujou bloke ak bandi yo

Wout Fontamara 29 ak Matisan, toujou bloke ak bandi yo

Published on

Archives

spot_img

Wout Nasyonal nimewo 2, ki relye Pòtoprens ak 4 depatman peyi a, bloke lendi 13 ak madi 14 septanm 2021 an, byen bonè nan maten, nan nivo Fontamara 29. Moun ki te bloke wout la bay detay sou sa ki ta lakòz mouvman blokaj sa a, kote y ap revandike kont akò ki siyen ant Ariel ak yon seri pati politik. Men, n ap siyale machin pa t ka pase paske sikilasyon an te totalman paralize. Sof chofè moto ki te jwenn kèk ti espas pou franchi.

Te gen tire tou ki te kreye panik nan zòn lan. Daprè tout dènye enfòmasyon, se yon blennde PNH la ki t ap eseye ale debare wout la ki te oblije tire epi te gen ripòs bò kote endividi ame ki bloke wout la. Pa gen blese apre echanj bal sa yo. Wout Fontamara a te bloke depi 5è 30 nan maten an. Wout Nasyonal nimewo 2 a, se wout ki mennen nan Gran Sid la, se la anpil kamyon pase pou ale nan depatman Sid, Grandans ak Nip, pou pote èd bay viktim tranblemann tè 14 dawout yo.

Si w paka kriye, pa fè grimas

Kèk ti grenn manm PHTK pran lari pou mande demisyon premye minis Ariel Henry ak jistis pou ansyen prezidan Jovenel Moïse. Jou madi 14 dawout 2021 an, kèk dizèn sitwayen te demare devan ministè Jistis, yon sitin nan Ave Charles Sumner, ki t ap vire an manifestasyon. Moun sa yo te vin devan ministè Jistis la pou mande minis Jistis revoke a, Rockfeller Vincent, pran tout dispozisyon pou bay ansyen prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse, jistis, apre li te fin mouri ansasinen lakay li, jou ki te 7 jiyè a. Moun sa yo te gen mayo nwa ki ekri jistis. Sitin lan ta pral vire an manifestasyon kote sitwayen sa yo te pase nan plizyè wout ap chante epi mande demisyon premye minis lan, Ariel Henry. Anpil nan yo t ap di yo pral chache Ariel Henry pote bay komisè gouvènman an, Bed-Ford Claude. Sa te fè yo pran direksyon monte Lali pou tonbe Boudon. N ap fè konnen nou pa t remake prezans lapolis pandan manifestasyon sa a ki t ap dewoule san okenn ensidan. Manifestasyon sa a vini nan yon moman kote yon akò politik apèn siyen ant PM lan epi manb opozisyon an. Li vini tou nan yon kontèks kote gen chire pit ant Renald Lubérice, Rockfeller Vincent, Bed-Ford Claude fas ak Ariel Henry.

Kidnapin nan pi rèd ankò

Èske nou konnen gen sitwayen ki gen plis pase 15 jou anba men bandi ame ki anlve yo, kote y ap mande yo lajan ke yo pa p janm posede nan lavi yo. Bandi ame yo ap mache volè zafè moun, fè moun ki gen ti biznis tankou gwo biznis, peye gwo sòm lajan. Kidnapè yo pran tout kalte moun ke yo jwenn sou wout yo. Se tankou malfini yo fonksyone. Lè yo pase, nenpòt moun yo jwenn, yo pran l. 

Pandan jou sa yo, plizyè sitwayen bandi ame yo kidnape, yo mande paran moun sa yo gwo lajan, se kout 1 milyon dola meriken ti mesye volè sa yo mande fanmi moun ke yo kidnape yo, jounen jodi a.

Wilner Durosier

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Dans le dossier du Canal de la Rivière Massacre, la Dominicanie porte le monopole de l’opprobre, mais…

Le dossier du canal d’irrigation de la Rivière Massacre défraie encore les chroniques de...

Newsreel

During his speech at the just-ended UN General Assembly in New York, Prime Minister...

Le canal d’irrigation de la rivière Massacre, un dossier de discorde, exploité hors de proportion

La presse locale, en Haïti et en République Dominicaine, également des journaux importants des...