HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Bay piti pa chich

Jounal Ayiti Pwogrè, ak sipò plizyè zanmi nan Etazini, te fè solidarite ak moun nan Depatman Nip, patikilyèman nan lokalite Kawouk, 3zyèm seksyon ki nan komin Ansavo, jou samdi 28 dawout 2021 an.

Nan kad solidarite sa a, abitan nan Kawouk te trè satisfè, kote yo pa sispann pale de jès sa a, yo dekalare ke nou se premye group moun ki vini sipòte yo, depi jou samdi 14 dawout la, kote gwo tranbleman latè a te frape yo byen fò, e majorite nan kay yo te detwi rapyetè.

Nan sans sa a, rankont ak chita pale te fèt ak plizyè abitan nan lokalite a, kote granmoun, jenn tankou timoun te patisipe nan chita pale ki t ap fèt sou fason pou moun pwoteje tèt yo, nan moman tranbleman latè a. Nan moman ti chita pale sa a, latè a, nan rejyon Nip la, pa t sispann bay ti replik, detanzantan.

Apre rankont chita pale sa a, nou te pataje ti kichòy ansanm, kote moun te soti vrèman satisfè, paske bay piti pa chich.

Kovid-19: 30 nouvo ka ki vin bay yon total plis pase 20 mil ka konfime

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an pa sispann devwale chif sou kesyon maladi kowonaviris la (Kovid-19) ki an Ayiti depi mwa mas 2020 an. Nan dènye chif responsab yo pibliye mèkredi a, yo fè konnen gen 30 nouvo ka ki konfime, sa ki vin bay yon total 20 896 moun ki gen maladi kowonaviris la.

Lwès la, se depatman ki gen plis ka ki konfime, avèk 14 228. Nan 30 nouvo ka yo, gen 13, se nan depatman Lwès la yo anrejistre yo. Depatman ki gen pi piti ka konfime, se Nip, avèk 291 moun.

Kantite ka yo, lè MSPP fè dekont yo, pa gwoup daj, sa vle di pou gade moun ki laj ki plis kontamine, depi lè maladi a an Ayiti, li revele se moun ki nan laj ant 30-39 lane, kote chif la se 5 389 pou yo. Soti 0 pou rive 9 an se 474 ka konfime.

Nan menm chif MSPP yo, li fè konnen gen 3 602 moun ki pase lopital, 586 moun mouri epi 17 926 moun jwenn gerizon, depi lè pandemi an sou teritwa a.

Pandan tan sa a, MSPP kontinye ak kesyon aktivite vaksinasyon kont maladi kowonaviris la, kote 25 717 moun deja resevwa premye dòz vaksen Moderna a, 3 019 resevwa dezyèm dòz vaksen Moderna a epi 341 resevwa dòz inik, vaksen Johnson lan, si nou kwè chif MSPP mete deyò yo.

Wilner Durosier

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Le canal d’irrigation de la rivière Massacre, un dossier de discorde, exploité hors de proportion

La presse locale, en Haïti et en République Dominicaine, également des journaux importants des...

Kreyol

Komedyen René Fiallo mouri René Fiallo, ki se yon selèb komedyen nan peyi Repiblik dominikèn,...

Kreyol

Depatman Grandans: yon nouvo direktè polis enstale Komisè Louis Edner Yacinth enstale kòm nouvo Direktè...