HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl an kreyòl

Nouvèl an kreyòl

Archives

Gran pwen k ap domine konjonkti sosyo-politik e ekonomik peyi Dayiti

Ayiti kilti

Jou vandredi k ap 25 desanm 2020 an, nan okazyon fèt MAKAYA, yon gwoup etidyan deside onore 35 Zile, ki se yon nan pi gwo rapè Ayiti konnen. Yon lòt bò, nan tèt kole ak bibliyotèk minisipal vil Ench lan, Sant Kiltirèl Louvri Je konte òganize premye edisyon «festival des idées», jou k ap 27 desanm 2020 an. Nan aktivite sila a, ap genyen: ekspozisyon liv, konferans-deba, koudjay kiltirèl ak visit gide.

Malgre ensekirite a pa sispann taye banda, premye minis defakto a, Joseph Jouthe reyalize pi gwo rèv li

Pandan zak kidnaping yo pa sispann, nan yon videyo ki te vin viral sou rezo sosyal yo, nou konstate chef CSPN lan, men nan kou, ap trip ak Tony Mix. Nan videyo sa a, DJ a di minis la: «w ap danse m aswè a?» San ezitasyon, minis lan reponn: «wi». N ap raple pandan li t ap enstale Direktè Jeneral lapolis la, Joseph Jouthe te deklare li anvi danse Tony Mix.

Kidnaping nan pran yon lòt dimansyon

Nan aprèmidi 16 desanm lan, yo kidnape yon jèn jesyonè ki gen 24 lane e ki rele Byanka Gauthier, nan zòn Latan. Victim lan te nan yon machine ki imatrikile BB_42974. Ravisè yo te mande 150 000 dola ameriken pou yo libere l. Yon lòt bò, vandredi 18 desanm 2020 an, endividi moun pa rive idantifye, kidnape yon minè gi genyen 16 lane, ki rele Betsaina Louis-Jean, nan zòn Poupelard. Zak malonèt sa a te soulve kòlè moun nan zòn lan ki te pran lari a pou egzije liberasyon viktim lan ki te jwenn liberasyon l nan dimanch maten.

Delma 19, plizyè moun viktim nan yon ti nich

Soti nan lannwit 17 pou rive 18 desanm 2020 an, nan Delma 19, plizyè moun viktim nan yon otèl ki rele Tinich. Nou idantifye 3 mò pami viktim yo.

Nan Kwadèboukè, batay ant gang ame mete dlo nan je popilasyon an

Jou ki te jedi 17 desanm 2020 an, nan komin Kwadèboukè, 11 moun mouri, plizyè lòt blese, nan kad yon afwontman ant gang «400 Mawozo» e gang Karl Henry ( depòte). Aprè konsta, mèt Gaspard Ullysse, jij nan jiridiksyon Kwadèboukè a, bay lòd pou paran viktim yo leve kadav yo.

Byanka Gauthier libere

Byanka Gauthier, jèn demwazèl 24 lane nèg ak zam te kidnape, nan mèkredi 16 desanm pase a , jwenn liberasyon l soti nan lannuit 19 pou louvri dimanch 20 desanm lan. Selon enfomasyon ki jwenn bò kote yon manb fanmi an, kidnapè yo libere demwazèl la bò minwi, epi lage l sou Channmas la, nan komin Pòtopwens, depatman Lwés.

N ap raple w, nan premye negosiyasyon yo, kidnapè yo te mande 150 mil dola vèt, pou libere Byanka Gauthier. Toujou selon manb fanmi an, se kont ranson yo libere jèn fi a, men pwòch la pa t vle bay detay sou kantite kòb yo bay kidnapè yo, pou libere Byanka.

Goumen pou sa w kwè

Sou inisyativ direktè kominikasyon ENARTS la, Georges Beleck, kominote estidyantin anndan lekòl sa a, òganize, jou vandredi 11 desanm lan, yon aktivite ki pote non «Oser être soi-même».

Objektif aktivite sa a, se pou pèmèt gran piblik la dekouvri valè ak potansyèl ki gen anndan youn nan pi gwo lekòl kiltirèl ak atistik nan peyi a.

Nan ti pale ak Georges Beleck sou aktivite a, responsab twoup Regards Croisés a fè konnen se yon fason pou prezante valè ENARTS genyen. «Se yon fason pou prezante valè ENARTS, ki gen anpil talan sou plan atistik, teyat, dans. Genyen ki konn prepare pla ayisyen, genyen se atizana. Se yon manyè pou n al chache sa nou ye a», Georges Beleck te deklare.

Se nan menm sans sa a, pou ale chache oubyen dekouvri sa ki kache kay etidyan ENARTS yo, ke Georges Beleck di yo te chwazi tèm «Oser être soi-même» lan.

Bdouby Nobert

Popular articles

BYRON LARS PRESENTS IN EARNEST 

NYFW Spring 2024 By Ann Cooper I will always remember the first time that I came...

Pourquoi ne puis-je pas pleurer, même si je suis triste?

Vous est-il déjà arrivé d'avoir besoin d'un bon cri, mais d’être incapable de pleurer...

La solution à l’insécurité, de plus en plus loin

Les signataires du National Memorandum of Understanding (PEN) annoncent une série de mobilisations, à...

Que dit la Loi? Du Conseil Supérieur de la Police Nationale

Si la loi accorde une certaine autonomie à la Direction Générale de la Police...

Latest News

Le canal d’irrigation de la rivière Massacre, un dossier de discorde, exploité hors de proportion

La presse locale, en Haïti et en République Dominicaine, également des journaux importants des...

Kreyol

Komedyen René Fiallo mouri René Fiallo, ki se yon selèb komedyen nan peyi Repiblik dominikèn,...

Kreyol

Depatman Grandans: yon nouvo direktè polis enstale Komisè Louis Edner Yacinth enstale kòm nouvo Direktè...