HomeActualitéNouvèl an kreyòl

Nouvèl an kreyòl

Published on

Archives

Yon denye omaj pou Dr Kelly, nan mekanik

Nan jou vandredi 5 jen 2020 an, anpil moun te ale bay yon denye omaj ak Kelly, nan lokalite Kay Jakmèl (depatman Sidès). Kelly, yon gason byen pòtan, yon mekanisyen byen koni, te rive pèdi lavi nan sikonstans ke pèsonn pa konnen. Sèlman, yo leve jwenn li mouri anndan chanm li. Apre li te ale kouche, pandan li t ap gade televizyon, li te jis di li te santi kò li pa t fini twò bon, li ale kouche. Yon delegasyon Jounal Haiti Progrès te ale patisipe nan fineray Kelly ki se yon zanmi Jounal la, ke ekip Haiti Progrès an Ayiti pa p janm bliye.

 

Jovenel Moïse dwe ale 7 fevriye 2021

Eske w konnen gwo pale kòmanse fèt nan tout kwen peyi a, sou zafè dat pou prezidan Jovenel Moïse ta dwe kite pouvwa a. Selon konstitisyon peyi a, nan atik 134.1, Jovenel Moïse dwe ale 7 fevriye 2021. Se nan dat sa a ke manda chef palè nasyonal la ap fini. Men, dapre pawòl anpil ki gen tan ap fèt la a, patizan pouvwa a gen tan sòti grif yo men longè pou defann enterè yo, kote yo fè konnen ke Jovenel dwe kite pouvwa a 7 fevriye 2022. Yo bliye si se menm atik 134.1 sa a yo te itilize pou koupe manda 10 senatè yo. Ebyen, baton ki bat chyen nwa a, se li k ap bat chyen blan an.

 

Bidjè madichon

Vandredi 5 jen an, nan yon konsèy minis ki te fèt, mesye minis yo aksepte «bidjè 2019-2020» an san pase devan palman an ki kraze. Bidjè madichon sa a gen yon montan 198,7 milya goud ladan li. Bidjè sa a rive aksepte apre plis pase nèf mwa, kote se ak lwa finans 2017 -2018 la yo t ap sèvi. Yo te rekondwi li plizyè fwa. Bidjè 2019-2020 an, ki evalye a 198,7 milya goud, gen yon ogmantasyon 36,4% pa rapò ak bidjè 2017-2018 la ki te rekondwi an 2018-2019. Bidjè si la a te fikse a 145,6 milya goud. Nouvo bidjè a pase a 198,7 milya goud. Se yon ogmantasyon 53,1 milya goud.

 

Ansasen yo frape

Yon jenn dam mouri anba bal bandi ame, nan Avni Martin Luther King (Nazon), jedi 4 jen an. Dam sa a mouri apre li fini pran anpil bal anba men bandi yo ki te tann yon anbiskad pou li, sou wout Nazon an, kote yo bloke machin li epi simen bal sou machin lan ak tout dam lan ki mouri sou plas. Se te gwo panik sou Nazon an, pandan bandi ame sa yo t ap mennen aksyon sa a, kote yo tire anpil pou te fè moun nan zòn nan kouri kite kote y ap fè operasyon an, san Lapolis pa enkyete yo.

 

Bandi Site Solèy touye yon polisye

Lendi premye jen an, bandi ame nan komin Site Solèy, ki se youn nan pi gwo katyè popilè ki gen an Ayiti, touye anba bal, yon polisye ki rele Wismick Aristil. Polisye a te sòti al chèche chèk li, lè bandi yo te sennen li, tire anpil bal sou li kote misye mouri sou plas. Wismick Aristil, se yon polisye ki te sòti nan 20e pwomosyon Lapolis la.

 

Tè a tranble 49 fwa nan mwa me a

Latè a tranble 49 fwa nan mwa me a, an Ayiti, dapre yon rapò Rezo Siveyans Sismik an Ayiti. Rezo Siveyans Sismik la fè konnen li kapte 49 tranbleman tè ak entansite fèb ou mwayen sou echèl Richter a. 34,7% sekous sa yo te fèt nan depatman Sidès, 22,5% nan depatman Nòdwès, 12,3% nan depatman Lwès.

 

2 moun mouri 3 lòt blese

Madi 2 jen, nan yon katye popilè ki rele Nan Bannann, ki trouve li nan Kap Ayisyen, gen 2 moun ki mouri anba bal ak 3 lòt moun blese. Bagay sa a rive apre 2 manm gang ki rele Aji Vit ki nan yon katye ki rele Shada 2, mete bal sou jenn gason sa yo, kote Junior Wanitho Chéry (20 lane) ak Evens Volmyr (21 lane), mouri sou plas, san bat.

 

Lapolis anba Kowonaviris

Mesye polisye ayisyen yo di yo pè kou chat maladi kowonaviris la k ap taye banda nan yon pil peyi nan monn la. Konsa, mesye polisye an Ayiti yo fè konnen pa gen anyen responsab yo mete an plas pou yo, pou ta pèmèt ke yo menm, yo fè fas ak maladi sa a. Kèk polisye, ki pa vle yo site non yo, deklare ke yo pè anpil e yo anba strès akòz yo konstate lanmò ou konvalesans kèk polisye parèy yo ki trape maladi a. Nan komisarya Delma a, responsab komisarya a deklare ke li pa kapab, li nan gwo pwoblèm pou motive polisye nan komisarya sa a, akòz 4 nan yo deja mouri anba kowonaviris la.

 

Ouvèti Liv an Foli

Nan yon pwen pou laprès, responsab Liv an Foli yo fè konnen y ap kenbe aktivite Liv an Foli a, men li pa p kapab fèt menm jan ankò, akòz maladi kowonaviris la. L ap fèt yon fason vityèl. 26e edisyon Liv an Foli a ap demare nan dat 8 jen pou rive 14 jen, an liy. Achte liv yo ap kapab fèt sou sit fwa a, ki se: www.livresenfolie.com , kote moun kapab konekte sou sit Nouvelis ak Unibank tou. N ap raple ke 26e edisyon sa a gen pou envite donè, ekrivèn Evelyne Trouillot ki gen plis 942 tit an dedikas.

 Bandi ame nan Kafou Aviyasyon sou blòf

Vandredi 5 jen an, aktivite ta sanse reprann tou piti, nan Kafou Aviyasyon, Nan nò kapital la, Pòtoprens, kote ta sanble gen yon akò sou blòf ki rive jwenn ant bandi ame nan katye Tokyo, Waf Jeremi ak Kafou Aviyasyon. Batay, tire kout zam, ant bandi sa yo, fè yon ti kanpe nan Kafou Aviyasyon, apre chita pale ki te fèt ant kèk chef bandi nan blòk sa a. Abitan nan katye Tokyo ki te boule nan batay ant gang ame sa yo, nan mwa avril 2019 la, kòmanse retounen lakay yo, ti pa ti pa. N ap raple ke machin ki sòti nan Nò kapital la, sikile kounye a nan zòn lan, epi batay ki te genyen ant bandi ame nan Boston, Belekou yo, fè yon ti kanpe, anndan Site Solèy.

 Yon moun boule tou vivan

Yon sitwayen moun ta sispèk ki gen maladi kowonaviris, boule tou vivan anndan lakay li. Pwoblèm sa rive nan Lamentin 52 (Kafou), kote fanmi misye deklare pa t gen okenn tès ki te fèt pou viktim nan, ki ta di li gen maladi Kowonaviris la. Krim sa a rive fèt pa moun ki abite nan zòn nan, kote yon annik wè misye malad yo aji, paske viktim nan t ap viv pou kont li, nan kay la.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News

Afrique

Paul Biya de retour au Cameroun après sept semaines d’absence Yaoundé, la capitale du Cameroun,...

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite tout Ayisyen (MOLEGHAF)

Nòt MOLEGHAF Dimanch 20 oktòb 2024 Depi 17 oktòb 2024, mafweze vèditè VIV ANSANM yo...

Commémoration du 218ème anniversaire

Commémoration du 218ème anniversaire de l'assassinat de l'empereur Jean Jacques Dessalines ( 17 octobre...