Kreyol

Published on

Archives

Kenya enpoze kondisyon l
Kenya deklare jedi ke li pa p voye polisye li yo Ayiti, amwenske peyi manm Nasyonzuni yo
finanse konplètman misyon multi-nasyonal la, ke LONU apiye a.
Minis Enteryè Kenyan an, Kithure Kindiki, deklare bidjè jeneral pou deplwaman an, k ap
dire yon lane e ki vize retabli kalm nan peyi d Ayiti ke gang finn ravaje a, se $600 milyon.
Kindiki di yon komisyon palman Kenyan an : » aranjman ak mobilizasyon pou misyon sa a pral fèt
pami peyi manm LONU yo. »
Li ajoute : « Toutotan tout resous yo pa mobilize epi disponib, twoup nou yo pa p kite peyi
a. »
Konsèy Sekirite Nasyonzuni an bay konsantman li, nan komansman mwa oktòb la, pou
Kenya dirije yon misyon sekirite pou ede polis nasyonal Ayiti jere zak vyolans gang yo. Kenya di li
pare pou l kontribye 1000 polisye nan fòs la, e Kindiki di gen 11 peyi ki pran angajman vizavi
misyon an – san li pa nomen yo. »
« Nou pa p voye yon fòs okipasyon, n ap voye yon fòs pou apiye estrikti ki deja egziste nan
peyi a, selon demann yo fè, » Kindiki ajoute.
Yon tribinal Kenyan pase lòd pou anpeche gouvènman an voye okenn polisye an Ayiti,
toutotan li pa pran yon desizyon sou yon petisyon ki defye deplwaman an. Kou Siperyè Nairobi a ap
konsidere yon dosye ke politisyen opozisyon an, Ekuru Aukot, prezante devan l. Misye plenyen pou
di misyon an vyole konstitisyon an e ke pa gen okenn lwa ni trete ki apiye yon bagay konsa.
Kindiki fè konnen preparasyon pou misyon yo ap kontinye malgre dosye ki devan tribinal la. Kou
Siperyè a gen pou l tande yon lòt pwosè 16 novanm, tandiske palman Kenyan an poko apwouve
deplwaman an, ki se yon egzijans dapre la lwa peyi sa a.
Patisipasyon Kenya nan misyon an fè fas ak anpil kritik bò kote Kenyan yo ki kesyone sajès
yon misyon riske konsa. Ayiti viv plizyè lane tibilans akoz gang ame yo ki ap goumen pou pran
kontwòl plis teritwa nan peyi a, e, pou atenn objektif sa a, y ap komèt zak vyolans brital. Met sou
sa, ekonomi a ak sistèm swen sante a an degraba.
Gang « Kokorat San Ras » la menase pou redwi komin Lestè an sann
Nan yon odyo ki viral sou entènèt la, lendi 6 novanm 2023 a, gang « Kokorat San Ras », k ap opere
nan depatman Latibonit, pwomèt pou li redwi an sann komin Lestè. Aprè dènye atak Gang kokorat
san ras la fè nan Lestè, depatman Latibonit, kote Fricksol Matilus te tonbe anba kout bal bandi yo,
nan yon videyo ki vin viral sou entènèt la, Gwoup kokorat san ras la menase pou redwi Lestè an
sann e pousyè. Pou rezon sila a, Bendji, ki se youn nan chèf yo, mande pou moun nan zòn lan bay
espas la blanch, yon fason pou evite sa k ap vini sou yo a, li kalifye de yon veritab « Tanpèt. »
Paralèlman, divès abitan nan Lestè voye yon SOS bay lapolis, nan sousi pou anpeche masak
bandi yo, pwomèt y ap fè a rive vre. Pi lwen, popilasyon Lestè a kritike DDA/PNH yo estime ki pa
pran sitiyasyon kritik y ap viv la an konsiderasyon, sitou nan sa k gen pou wè ak mezi drastik yo te
dwe deja pran pou anpeche nèg ak zam yo k ap fè lalwa ak taye banda nan komin Lestè.
Fwontyè Dajabon : sòlda lame Dominikèn yo ta foule espas tèritwa peyi dAyiti
Kontrèman ak divès lòt moun ki kòmante, Doktè Maismy-Mary Fleurant deklare sou radyo Mega,
ke lame dominikèn lan pa t antre sou tèritwa Ayiti a nan Wanament. Yon gwo tansyon leve sou
fwontyè Dajabon lan nan Wanament, ant sòlda dominiken ak divès sitwayen ayisyen ki akonpaye
ajan BSAP yo, madi 7 novanm 2023 a. Selon premye eleman enfòmasyon yo, tansyon sa yo moute,
paske militè dominiken deside antre sou espas « nèt » ant 2 peyi yo onivo Wanament, nan zòn kote
Ayisyen yo ap konstwi kanal la.
Sou menm lanse a, jounalis Guillaumette Audelin ki te sou plas, rapòte se pa t sèlman espas
« net » Ayisyen an sòlda Dominiken yo te foule, yo te antre a pye sou tè dAyiti a tou, yo te vini ak
elikoptè, dwón epi jodi a te genyen plis sòlda ki te deplwaye sou fwontyè a, kontrèman ak kantite ki
konn toujou nan espas Dominikani an.
Sitiyasyon sila ki t ap pran anplè te pouse popilasyon Wanament lan pran lari, kote foul la te
menm rive anvi « devore » Direktè Depatmantal BSAP la, Samson Camiel, puiske, selon sa yo di,

kòmandan Camiel ta pran tout gwo zam nan men ajan yo, sa ki koz yo pa t kapab mye fè fas kare ak
sòlda Dominiken yo ki te pwente tout gwo zam yo sou Ayisyen sa yo. Se gras ak vijilans polisye yo
ki sove Direktè a.
Divès sitwayen « ak 2 men, 2 pye » yo ki t ap montre fason yo endiye pou aksyon sila
Dominiken yo poze a, te deklare nan kèk videyo yo prè pou goumen ak sòlda dominiken yo san yo
pa gen zam nan men yo, jis pou yo rive defann entegrite pèp Ayisyen ak tèritwa peyi a ki, pou yo,
toujou rete yon espas trè sakre.
Kèlke tan aprè tansyon yo, minis Zafè etranjè ayisyen an, Jean Victor Généus, ak minis afè
etranjè dominiken an, Roberto Alvarez, te pale nan telefòn. Chanselye Ayisyen an rapòte bay tokay
dominiken li, « enkyetid » lidè Ayisyen yo genyen konsènan deplwaman militè ki te « vyole teritwa
Ayisyen » an, madi 7 novanm 2023 a. Minis Généus renouvle bay gouvènman Dominiken an dezi
Gouvènman Ayisyen an genyen pou rezoud konfli a « nan lapè », alantou tab negosyasyon an.
Finalman, toulède pati yo pran angajman pou yo retabli yon klima trankilite ak kalm sou fwontyè a
ant 2 peyi yo.
N ap note, se pa premye fwa sòlda dominiken yo antre nan espas sa a ki se pou tou (2) peyi
yo. Poutan, selon doktè Maismy-Mary Fleurant, kontrèman ak sa tout lòt moun ap di, sou sa ki pase
ant 2 peyi yo, sòlda Dominiken yo pa t foule sòl Ayisyen an.
Eliacin Evens

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

La pénurie d’essence continue

Le problème de pénurie d’essence continue de frapper la capitale haïtienne, Port-au-Prince, et les...

Rencontre CARICOM : aucun consensus en vue 

Dans une lettre adressée le dimanche 10 mars au soir à la CARICOM, des...

Soti janvye rive desanm 2023, 133 mil Ayisyen otorize pou rantre Etazini

Daprè dènye chif CBP mete deyò, vandredi 26 janvye 2024 la, e ki gen...