HomeEconomie & FinancesSoti janvye rive desanm 2023, 133 mil Ayisyen otorize pou rantre Etazini

Soti janvye rive desanm 2023, 133 mil Ayisyen otorize pou rantre Etazini

Published on

Archives

Daprè dènye chif CBP mete deyò, vandredi 26 janvye 2024 la, e ki gen pou wè ak estatistik pou mwa desanm ki sot pase a, estrikti a fè konnen gen plis pase 133 mil konpatriyòt ayisyen ki jwenn otorizasyon pou vwayaje nan peyi Etazini, nan kad pwogram Biden lan, men plis pase 126 mil gen tan rantre sou teritwa ameriken an.  Chif sa a yo, se sou peryòd soti mwa janvye pou bout mwa desanm 2023.

Nan detay CBP bay sou sit li, li fè konnen gen plis pase 327 mil Kiben, Nikaragweyen, Ayisyen ak Venezyelyen ki rive legalman nan peyi Etazini.  Nan chif sa a, se konpatriyòt nou yo ki pi plis, ak 126 mil ki gen tan rantre.  Peyi ki gen mwens moun ki ale kay tonton Sam, se Nikaragwa ak 53 mil.  Si plis pase 126 000 Ayisyen gen tan rantre nan pwogram Biden lan, se plis pase 133 000 ki gen otorizasyon vwayaje.  Rès ki poko rantre yo, pa gen detay CBP bay sou sa ki ta lakoz, men enfòmasyon nan kominote a lese kwè genyen se pwoblèm biyè avyon yo poko ka achte, gen lòt ki pa gade imèl yo, genyen tou ki konn poko jwenn kote pou yo desann, paske moun ki aplike pou yo a konn di yo klè, li p ap ka resevwa yo lakay yo.  Konsa tou, genyen ki lage kò yo nan lòt peyi, ki pa t ret chita ap tann imèl la tonbe.  Nan estatik CBP pibliye a, li pa neglije raple ak moun k ap fè wout kwochi pou rantre Etazini, pou l di yo pa rantre nan bagay konsa, pou yo pa mete vi yo an danje, lè y ap pran plezi travèse fwontyè.

5 moun tonbe anba bal nan vil Jeremi

Literné Raymond ak Jackson Doll fè pati 5 moun ki mouri ansasinen ak bal, nan zòn Bonbak, nan vil Jeremi, lendi 22 janvye 2024 la.  Genyen divès lòt blese ki al pran swen sou kabann lopital.  Malgre sitiyasyon moun yo mouri a pa fin twò klè pou konnen kilès ki tire yo, patizan Guy Philippe yo lonje dwèt yo byen long sou nouvo delege depatmantal la, Paulémond Michel, ki te fè konnen tout aktivite yo dwe reprann nan Jeremi.  Malgre anons delege depatmantal la te fè pou tout aktivite yo reprann, sa pa anpeche vil la toujou rete sou tansyon, kote aktivite yo paralize konplètman. 

Yon lòt kote, pou yon 3yèm fwa, SYNAPOHA denonse direktè depatmantal Grandans lan, Jean Edner Jacinthe.  Nan nòt sa a sendikalis yo mete deyò, dimanch 21 desanm 2024 la, yo finalman trete direktè Edner de « militan politik k ap fè djòb sal», pou ansyen senatè Sorel Jacinthe.  Fiziyad sa a plonje vil Jeremi nan gwo lapèn ak dezolasyon, anplis li te deja gen ratman prodwi, akoz gang yo ki bloke Maryani depi plis pase yon mwa.

Cholzer Chancy anba kòd

Lapolis an Ayiti mare kou krab ansyen depite Ennri a, Cholzer Chancy, lendi 22 janvye 2024 la, sou lòd jij Al Duniel Dimanch ki t ap enstwi dosye koripsyon CNE a.  Malgre jij la te bay lòd pou voye l menm jou sa a Penitansye, sa pa t anpeche polisye yo te kenbel pou l te pase premye nwit li nan komisarya Petyonvil.  Touswit aprè arestasyon depite a, patizan l yo nan Ennri te bloke wout nan komin lan pou egzije liberasyon l.

Ansyen prezidan Chanm depite a rive jwenn arestasyon l sou dezyèm odisyon l nan kad dosye sa a, e se premye moun jij la kenbe nan dosye a.  Fòk nou souliyen, 19 janvye pase a, jij la lage manda entènasyonal dèyè plizyè ansyen pèsonalite tankou: Michel Martelly, Jocelerme Privert, Jean Max Bellerive, Jean Henry Céant, Marie Carmelle Jean-Mary, Wilson Laleau, Michelle Duvivier Pierre-Louis, Joseph Jouthe, Willot Joseph, Clovis Obas, Francisco De la Cruz, Wolf Papillon, François Malherbe, ak 2 sitwayen yo rele Hérard Morel Espérance ak Daniel Ossé.  N ap souliyen manda Jij enstwiksyon, Al Duniel Dimanche, pran fen, jodi lendi 29 janvye 2024 la.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

La pénurie d’essence continue

Le problème de pénurie d’essence continue de frapper la capitale haïtienne, Port-au-Prince, et les...

Rencontre CARICOM : aucun consensus en vue 

Dans une lettre adressée le dimanche 10 mars au soir à la CARICOM, des...

Un premier contingent de 300 policiers kényans, attendu en Haïti

Un premier contingent de 300 policiers kényans devrait débarquer à Port-au-Prince, d’ici à février...