HomeActualitéPPN mande PM defakto Ariel Henry kite pouwva       

PPN mande PM defakto Ariel Henry kite pouwva       

Published on

Archives

Pati Popilè Nasyonal (PPN) salye patriyotikman tout Ayisyen ki nan 4 

kwen peyi Dayiti, tankou sila yo k ap viv nan dyaspora a.  Nou salye laprès 

pale, ekri, televize ak medya anliy yo.  Apre plis pase 30 mwa nan tèt peyi a, gouvènman Ariel Henry a ak ekip li a konpòte yo an manm initil.  Yo touye lespwa, yo touye lavi nan tout peyi a, yo pa kreye bonjan kondisyon pou chak grenn Ayisyen ta menm rale yon ti souf, alewè pou yo ta viv alèz.  Se gang sèlman y ap pran swen.

Gang yo ansasinen, boule tou vivan, rache, kidnape pèzib sitwayen yo.  Pouvwa a pa janm denonse sa.  Gang yo ap touye gran lajounen, boule kay malere, malerez, mete fanmi nan kouri ak ti moun sou ponyèt yo, ale dòmi nan lari, nan lekòl, nan raje :  gouvènman defakto a pa janm di yon mo.

Ariel Henry, se yon enkonpetan, yon restavèk, yon tchoul k ap travay kont pèp ayisyen an, se Kominote Entènasyonal la l ap bay sèvis, tankou : Etazini, Kanada, Lafrans, Gwoup Malfektè, Kò Gwoup ak sektè prive restavèk kowonpi an.

Ariel Henry pa fè pwòp tèt li konfyans, li pa respekte okenn Akò li siyen.  Li plis kwè nan gang ak lidè raketè politik li yo.

Pati Popilè Nasyonal (PPN) mande pou gouvènman sanginè, kriminèl, gangstè, premye minis defakto Ariel Henry ap dirije a, rache manyòk li san pèdi tan, pou kite pouvwa a 7 fevriye 2024.

PPN ap raple ke Akò makwòkwò 21 Desanm, ki te siyen ant Ariel Henry ak Gwoup Pati Politik akolit li yo, ki te kenbe defakto Ariel Henry nan Primati a, pa kapab kenbe Ariel Henry sou pouvwa a, apati 7 fevriye 2024.  Nan sans sa a, Ariel Henry sipoze retire kò li nan tèt peyi a ak ekip sanginè parèy li yo.

PPN ap fè konnen se sou gouvènman Ariel Henry a, ki se PHTK twazyèm vèsyon, plis fwaye gang kreye, gen plis teritwa pèdi, plis moun ansasinen, boule, rache.

PPN di Akò makwòkwò kite kenbe sankoutchya de fakto Ariel Henry nan tèt Peyi Dayiti a, ap bout 7 fevriye 2024.  Nan sans sa a, Pati Popilè Nasyonal la mande Ariel Henry pou lage pye w, ou pa p regle anyen, ou pa renmen peyi Dayiti.  Se nan gang ou plis kwè. 

Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap mande pèp la pou pa mache dèyè okenn vagabon politik, rat dokale, politisyen sankouchtya.  Pèp ayisyen an, kale je nou kont fo lidè sousè sa yo, machanm peyi ki nan tout vye zak !

PPN ap fè apèl ak tout fòs vanyan Peyi Dayiti, pou fè yon sèl fòs pou rive ranvèse Ariel sou pouvwa a.  Se nan bon altènativ ak direktiv, pou montre tout popilasyon an enterè yo genyen pou pran desten yo an men, pou anpeche Ayiti desann pi ba, pase kote apatrid yo mete l la. PPN mande pèp la pou rete vijilan kont tout apatrid k ap pwone revolisyon dèyè katedral, yon fason pou kreye divèsyon.

Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap sipòte tout mouveman mas yo, mobilizasyon ak manifestasyon k ap fèt nan tout peyi a, nan lide pou retire peyi Dayiti anba grif kriminèl tout plim tout plimay, gouvènman Ariel Henry a ak akolit li yo.

PPN fè apèl e ap ankouraje tout aktè politik yo sou ijans ki genyen pou yo chita pou jwenn yon altènativ pou ranplase sankoutchya a, ensousyan ak enkonpetan an k ap detwi peyi a.

Aba chèf gang, Ariel Henry !

Aba lamizè ak ensekirite !

Viv Ayiti !

Viv lit liberasyon pèp la !

Pou otantifikasyon: 

Keny BERNADIN 

Sekretè Jeneral Pati Popilè Nasyonal (PPN) 

                    (509) 37 06-6372 

Email : [email protected]

Fas a sitiyasyon kriz la, Platfòm Politik Rezistans Demokratik angaje l pou jwenn yon solisyon

Fas a sitiyasyon kriz ki gen nan peyi a, Platfòm Politik Rezistans Demokratik, nan yon nòt ki pote siyati : Jonas Coffy, nan non Ayisyen pou Ayiti, Sterline Civil : pou pati politik Angaje pou Devlopman, Renald Luberice, ansyen premye minis, Claude Joseph, ansyen komisè gouvènman, Bedford Claude, ansyen minis Kondisyon Fanm, Marie Giselhaine Mompremier, ansyen minis Enteryè, Ardouin Zéphirin, ak lòt ankò, di yo angaje yo pou yo rive jwenn yon solisyon pou akonpaye pèp la, nan tout revandikasyon, mouvman demokratik, pou fòse Ariel Henry kite pouvwa a, epi retabli lòd demokratik, gras a bonjan eleksyon, onèt e transparan, kote tout moun ladan l.

Pi lwen, Platfòm Politik RED pwofite egzije jistis pou prezidan Jovenel Moïse ; jistis ak reparasyon pou tout viktim anba vyolans gang yo, tankou fanm ak tifi yo vyole, moun yo kidnape, deplase, fòse yo, fanmi moun ki mouri yo elatrye, pandan li di l ap soutni aksyon ak politik piblik k ap konbat inegalite sosyal, pou pèmèt chak Ayisyen viv pi byen, nan yon sosyete pwospè, ki nan dimansyon rèv ak vizyon zansèt nou yo.

Platfòm Politik Rezistans Demokratik souliye tou, li pran desizyon pou angaje l nan fè rasanbleman, lajman laj, pou pèmèt tout Ayisyen konsekan, an Ayiti ak nan dyaspora a, fòme yon fòs chanjman tout bon, e rive remete Ayiti granmoun tèt li, nan fasilite rekonsilyasyon Nasyon an.

Pènye:  Stevens Jeanty twouve l nan gwo difikilte, aprè bal bandi fè l pa wè nan tou 2 je l

Stevens Jeanty, 35 lane, se non jèn gason sa a ki nan gwo difikilte ak tout 2 je l, aprè nèg ak zam ki t ap tire anndan yon lekòl nan Pènye, jou madi 30 janvye a, lakoz katouch fwote ladan yo, jistan li vin pa wè, selon temwanyaj li.  Si, nan yon premye tan, nouvèl yo te lèse kwè li se yon pwofesè, sitwayen an fè konnen li se jis yon paran ki ta pral chache pitit li lekòl, pandan deblozay yo te eklate yè, nan zòn Tòsèl ak Pènye.

“Jiskaprezan, nou poko wè yon medsen.  Nou te jis pase Pènye, ou konnen Pènye gen yon lopital.  Yo ba li yon premye swen, annatandan, men nou poko gen egzakteman yon bilan oubyen yon lide sou eta de je yo”, se sa yon pwòch viktim lan te eksplike sou antèn radyo Karayib.

Viktim lan, ki te vin pran lapawòl aprè sa, te eksplike fè yo epi fè konnen pou jis moman li ap pale ak jounalis Karayib yo, li pa wè, aprè l te fin santi bal la fwote l.  “Pandan m anndan an, mwen te ale chache pitit mwen an, gwoup gang yo te nan lekòl la, yo kòmanse tire.  Pandan m nan lakou lekòl la yo simen bal sou nou.  M gen tan wè reflè bal la mwen fè yon mouvman epi bal la tou fwote m nan 2 je m. Depi lè m fin pran bal la, mwen tou pa wè ankò”, se sa Stevens Jeanty rakonte.

Li fè konnen bal la pa pran l, si l te vrèman touche l, li t ap mouri, pandan li souliye li pa wè ladan yo. “Te gen anpil san nan je a, mwen pa wè ditou ladan yo.  Pa gen okenn medsen ki fè anyen pou mwen nan je yo.  Nan lopital mwen te ale a, yo netwaye je yo, yo ban m yon sewòm men pa gen anyen ki lòt fèt.  Yo netwaye l avèk alkòl, lòt bagay.”

Mwayen l pa t pèmèt li ale wè espesyalis je, men pandan interviw a gen yon doktè ki te refere viktim lan nan yon lopital nan Dèlma 31, pou fè swivi ak je yo, paske gen espesyalis oftalmològ la k ap ka wè vrèman sa je yo genyen, si gen posiblite pou Stevens Jeanty pa pèdi yo.

N ap raple ensidan sa a rive aprè vyolans gang ki te genyen nan madi 30 janvye, nan zòn Pènye, sa ki lakòz anpil moun kouri kite kay yo, san konte viktim ki fèt nan kan popilasyon an e ki ta resevwa katouch.

Evens Eliacin 

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...