HomeActualitéJistis : Minis Emmelie Prophète Milcé ap fè konnen li la

Jistis : Minis Emmelie Prophète Milcé ap fè konnen li la

Published on

Archives

Ministè Jistis ak Sekirite Piblik Ayiti blame komisè gouvènman a.i. Miragwàn lan, Jean Ernest Muscadin, ak komisè gouvènman a.i. Okay la, Ronald Richemond.  Atravè yon lèt Emmelie Prophète Milcé siyen e voye bay konsène yo, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la blame komisè gouvènman a.i. Miragwàn lan, Jean Ernest Muscadin, ak komisè gouvènman a.i. Okay la, Ronald Richemond, nan dat 15 desanm 2023 a.  2 komisè sa a yo te gen yon bouch gonfle, depi semèn lan, paske komisè Muscadin te ale mennen yon operasyon sou tèritwa komisè Richmond.  Minis jistis la, Emmelie Prophète, voye yon lèt blam bay komisè Muscadin, chèf pousuit jiridiksyon Miragwàn lan, nan dat 15 desanm pase a, pou tèt li di komisè a depase limit lalwa ba li, paske li te di l al chèche arete chèf gang Maryani an, Boutba, jis Okay, ki se jiridiksyon komisè Richmond.  Minis Jistis la rale zòrèy Miskaden, kote l mande l pou l aji selon lalwa, nan lèt sila a, epi pou l pa envante koze ki pa nan atribisyon li.  Ministè Jistis la rapousuiv pou l di gen bagay komisè Miskaden ap fè, se li ki envante yo, e li pa gen dwa sa a, tankou ekip moun li gen ak li k ap bare wout.  Yon lòt kote, Ministè Jistis la blame komisè Richmond tou, nan menm dat la.  Nan yon lèt, li di li te gen vye konpòtman, nan plede tanpete, joure ak komisè Miskaden, nan medya.  Minis la di sa pa fè lònè 2 mesye yo.

N ap siyale minis Jistis la poko janm bay moun bandi ap fè kite kay yo, kidnape yo e vyole fanm ak tifi yo, ankenn jistis, jouk kounye a.

Gonayiv ensekirite : pou pipiti, 2 moun mouri ansasinen ak bal

Endividi moun pa rive idantifye, touye, pandan jounen vandredi 15 desanm 2023 a, pou pi piti, 2 moun nan vil Gonayiv (chèf lye depatman Latibonit).  Youn nan viktim yo, Jackson Pierre, yon teknisyen entènasyonal nan domèn mekanik, mouri nan Blòk Gatwo, aprè l te fin resevwa plizyè katouch.  Jackson Pierre se pwofesè nan Lekòl Pwofesyonèl « United Technicians (UT) » ki sou wout Nasyonal nimewo 1, zòn Gatwo 21.  Direktè UT a, Durelus Bernave, fè konnen ansasinay Mèt Jackson Pierre se yon kou di, pou lekòl la.

Premye sesyon bakaloreya pèmanan

Plis pase 35 mil kandida patisipe nan premye sesyon bakaloreya pèmanan, pou ane akademik 2023-2024 la.  Premye sesyon bakaloreya pèmanan pou ane akademik 2023-2024 la ap fèt, soti lendi 18 pou bout vandredi 22 desanm k ap vini la.  35 979, se kantite kandida ki ap soti nan dis Direksyon depatmantal edikasyon peyi a.  Se sa otorite MENFP fè konnen, jou jedi 14 desanm lan, nan kad yon konferans, pandan yo te pwofite pale sou relokalizasyon pwovizwa kèk lekòl piblik nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.  Nan kad konferans sa a, Direktè jeneral ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la (MENFP), Meniol Jeune, te plis pale sou konsiy ministè a toujou bay ; konsiy pou kandida, siveyan, sipèvizè ak tout lòt moun ki enplike, yon fason ou yon lòt, nan pasasyon eprèv sa yo, dwe respekte.  Pami yo, gen: entèdiksyon pou moun antre ak zam nan sant yo; entèdiksyon pou itilize telefòn; epi fè konnen gen sanksyon ki prevwa pou tout kandida ak pèsonèl sant yo ki ta fè fwod.

Yon lòt bò, responsab Biwo Nasyonal Egzamen Leta yo (BUNEXE), Renan Michel, fè yon rapèl pou di 37 979 kandida yo ap gen pou yo konpoze nan matyè yo pa t fè mwayèn yo, pandan egzamen pase yo.  Pi lwen, nan entèvansyon li an, li mande responsab 178 sant yo nan tout peyi a, pou yo afiche orè yo nan sant yo, yon fason pou tout elèv kapab byen enfòme, nan ki matyè y ap konpoze chak jou. 

Nan sa k gen pou wè ak relokalizasyon pwovizwa kèk lekòl piblik nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, responsab yo fè konnen plis pase yon dizèn lekòl piblik nan Pòtoprens, ki pa t rive fonksyone kòmsadwa depi ouvèti ane lekòl 2023-2024 la, akoz vyolans gang nan kèk zòn oubyen moun ki fè yo tounen abri, arive relokalize.  Lis lekòl ki relokalize yo se lekòl nasyonal Don Durelan Dumerlin ; lise Anténor Firmin ; lise San-Senkantnè ; lekòl nasyonal Caroline Chauveau ; lekòl nasyonal Repiblik Brezil ; lekòl nasyonal Célie Lilavois ; lekòl nasyonal Darguesseau Lespinasse ; lekòl nasyonal Virginie Sampeur ; lekòl nasyonal Repiblik Paragwe ; lekòl nasyonal Colbert Lochard ; lekòl nasyonal Repiblik Chili ; lise Jean-Jacques Dessalines.

Lise Marie-Jeanne, sou bò pa l, timoun yo ap kapab rantre nan nouvo lokal la an janvye 2024. Pandan tan sa a, plizyè klas ap fonksyone nan oditoryòm ansyen lokal lise sa a.  Nan sa k gen pou wè ak anrejistreman nimerik la, pou jodi jedi 14 desanm 2023 a, genyen 17 mil 128 lekòl (17 128 lekòl) ki deja anrejistre ; yon milyon 68 mil 385 elèv (1 068 385 elèv) ak 31 mil 633 anseyan (31 633 anseyan)

Otorite yo raple dènye jou a, se 15 janvye 2024 pou yo boukle pwosesis anrejistreman sa a.  Nan ka kontrè yo p ap ka enskri elèv yo nan egzamen an.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...