Souf pou Ayiti

Published on

Archives

«Ayisyen, Nou tout pa koupab, men nou tout Responsab. Se pawòl Pastè Gregory Toussaint, nan
mesaj li, apre Mach Pasifik nan nivo mondyal ak yon slogan: «Souf pou Ayiti». Inisyativ la reyisi
soti Etazini pase Kanada, Chili, Ayiti. Anba yon flanm solèy, Ayisyen tout kategori epi tout laj
pran lari pou di Kominote Entènasyonal ak moun k ap mennen pouvwa nan peyi d Ayiti: Se pa
Posib. Fòk peyi a rale yon souf. Fòk pèp la rale yon souf. E, pawòl ki di nou tout responsab la,
dwe fè chak grenn Ayisyen, kèlkelanswa kote li ye, poze kesyon sa a: apati jodi a lè m soti nan
mach pasifik sa, kisa m ap fè ansanm ak moun ki nan anviwonman m lan, pou tout bon, sa chanje
nan peyi a, sa chanje pou pitit peyi a?
E sans responsablite sa a, mesaj Mach la charye la a, mache ak yon lespri pozitif ki pou
pèmèt nou ranmase enèji pozitif pou nou aji pi byen toujou. Mesaj la plen Lanmou ladan l. Li
mete sou kote reziyasyon e rayisman chen manje chen ki, sèten fwa, vle fè nou fouye pwòp twou
pou n antere tèt nou. Li ensiste sou kapasite nou menm-menm Ayisyen, pou panse ak aji nan
enterè kolektivite nasyonal la.
Mach pasifik entènasyonal: Souf pou Ayiti a, nan kafou tenten peyi nou an ye la a, sanble
kou de gout dlo ak gwo mach Ayisyen te fè nan Nouyòk, nan lane 80 yo, pou te FDA konnen
SIDA pa marasa ak Ayisyen. Konsa 4H ki te yon estigmat pou Ayisyen, fòk yo wete vye etikèt
sa sou do nou, toupatou sou latè.
Mach Pasifik Souf pou Ayiti, 9 jiyè 2023 a, di mèt mond yo, sitou Etazini, Kanada,
Lafrans ak Sendomeng epi tou Nasyonzini (Antonio Guterres), pèp ayisyen ki te fè 1804 la pa
timoun. Se vye mannèv divize pou yo menm kapab sèl mèt bato a (peyi a) ak gwo mwayen yo
itilize ki fè nou nan eta sa a. Se pou koupe fache ak pratik sa yo, Souf pou Ayiti reyalize la a.
Souf pou Ayiti vin di lemond antye, nou vin wete chenn lan, yo antòtye nou ak li a, pou
nou kapab mache nan direksyon nou deside mennen peyi nou, nan enterè nou. Souf pou Ayiti vin
di gouvènman ayisyen an, ansanm ak tout opòtinis k ap kore l yo, nou pa dakò pou bandi ak
kravat ki ap dirije ak remot kontwol, voye bandi nan katye nou yo, vin vyole, vòlè epi kidnape
nou ankò.
Mach Pasifik mondyal sa a, vin fè lemond antye konnen Ayiti genyen moun, anndan
tankou nan dyaspora yo, ki anime ak anpil volonte, mete ak kapasite, marye ak lanmou, plis
enterè pou byenèt kolektif la, pou pran responsablite yo, pou tabli yon gouvènans ki chita sou:
 Sans reyèl peyi a;
 Kilti nou kòm pèp;
 Epi k ap defini yon seri politik piblik dapre:
 Bezwen ak mwayen, nan tout sans ak nan tout nivo, pou mete politik sa yo an
aplikasyon.
Souf pou Ayiti vin di lemond antye, nan respè youn pou lòt e dapre enterè pèp ayisyen
an, nou pa fouti kontinye mòd kowoperasyon, kote se yo menm ki anwo ap bay lòd epi nou
menm anba ap pran lòd epi egzekite 4 volonte mèt blan an. Li pa nòmal pou Kominote
Entènasyonal la, se li menm ki deside pou kont li, kisa ki bon pou peyi a ak pou pèp ayisyen. Se
yon kowoperasyon ki dwe bati selon vrè bezwen ak reyalite peyi a. Koze pou toujou ap
konsidere Ayiti tankou timoun la, dwe fini.
Souf pou Ayiti ki realize mach pasifik entènasyonal 9 jiyè 2023, se premye jalon nan
ansanm aksyon ak konpòtman ki ranmase tout enèji pozitif, nan yon lojik konstriksyon tout bon
peyi nou an, kote nou pral kontinye fè demonstrasyon. «Nou tout pa koupab, men nou tout
Responsab».

Pierre Richard Joseph, direktè APN nan Nò, libere apre 23 jou nan men ravisè li yo
Pierre Richard Joseph, direktè Otorite Pòtyè Nasyonal Nò (APN), jwenn liberasyon dimanch 9
jiyè a, vè 7 tè nan aswè. Dapre yon sous pre fanmi an, Pierre Richard Joseph lage, apre yo finn
peye yon ranson 2 fwa, san yo pa t an mezi pou presize ki kantite lajan yo te bay.
Pierre Richard Joseph, te kidnape samdi 17 jen 2023, nan Torcel, devan papòt lakay li. Se
gang «Kraze baryè», chèf gang sa a, se Vitel’homme Innocent k apdirije l, ki te responsab
anlèvman sa a, ki koute lavi chofè direktè Joseph la.
6 bandi fè kadejak sou yon tifi 17 lane
Sis (6) manm gang «kokorat san Ras» ki baze nan lokalite Lakwa Peris (komin Lestè), fè
kadejak lendi 10 jiyè 2023, sou yon ti jenn fi ki gen 17 lane. Viktim lan te pasajè nan yon
kamyonèt ki te prale Gonayiv, e bandi sa yo detounen kamyonèt la ak tout moun ladan li. Bandi
ame manm gang ki rele «Kokorat San Ras» yo, vyole tifiy a. Apre, yo libere li, men yo kenbe lòt
pasajè ki te nan kamyonèt la.
Nan menm jou sa a, bandi ame yo te reyisi pran 2 kamyon, nan menm lokalite sa a, ki t
ap pote machandiz ale vann Gonayiv.
Sitwayen Kervens Roméus ap pale
Nan yon lèt tou louvri Kervens Roméus voye bay premye Minis defakto, Ariel Henry, li fè
konnen kijan sitiyasyon an grav nan komin Dedin (depatman Grandans). Abitan yo pa ka plante,
akoz ensekirite a ak sechrès la k ap frape yo. Sa lakoz pwodiksyon diri a kanpe, pa gen dlo pou
moun bwè pou site sa yo.
Marcel Poinsard Mondésir

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Résolution de la crise haïtienne :

Le Conseil Présidentiel de 9 membres, un placébo à la Crise haïtienne, selon le...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

Selebrasyon Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn, 3 avril 

Fanm Deside lanse yon espas dyalòg feminis nan depatman Sidès la.  Fanm Deside wete...