Rapò ant mouvman Bwa Kale a ak bès kidnaping yo, an Ayiti
Mouvman «Bwa Kale» a patisipe nan bese ka kidnaping yo nan peyi d Ayiti, soti fen avril pou
rive kòmansman me 2023, dapre «Centre d’Analyse et de Recherche en Droits de l’Homme»
(CARDH).
Depi anviwon 2 semèn, kantite ka kidnapin yo sinyale ki fèt an Ayiti, patikilyèman nan
depatman Lwès la, diminye anpil. Direktè egzekitif «Centre d’Analyse et de Recherche en Droits
de l’Homme» ( CARDH ), M. Gédéon Jean, konfime bès sila a gen rapò ak mouvman «Bwa Kale»
a ki tanmen sou tèritwa nasyonal la, depi fen avril pase a. Nan yon entèvyou li bay Juno7, jounen
vandredi 5 me a, direktè egzekitif CARDH la – yon òganizasyon ki abitye fè monitoring epi
pibliye enfòmasyon sou zafè kidnaping anndan peyi a – konfime fenomèn sila a bese, depi fen
avril rive kòmansman me 2023. «Fenomèn Bwa kale a enfliyanse bès ka kidnapin yo. Nou
obsève, pou mwa avril la ak kòmansman mwa me a, gen yon bès konsiderab ki fèt sou kesyon
kidnaping lan. Sa parèt lojik, sa parèt nòmal, paske gen yon aks kidnaping – Laboule, Tabarre,
ak gang Ti Makak la – ki detui pwovizwaman. Lè ou pran Village-de-Dieu ak Granravin – kote
yo vin sere otaj yo –, ak fenomèn «Bwa Kale» a, santiman laperèz la vin chanje kan. Bandi yo
rete nan fyèf yo, paske gen anpil nan yo ki mouri. Lè ou pran gang Ti Makak la, gen anviwon
100 prezime bandi ki mouri, dapre monitoring nou fè». Se sa Gédéon Jean eksplike.
Defansè dwa moun lan, ki pat an mezi pou l pa bay chif ki eksplike diminisyon ka
kidnaping yo, raple, CARDH pwodui bilten sou fenomèn sa a, chak 3 mwa. Nan dènye rapò a ki
konsène mwa janvye, fevriye ak mas 2023, òganizasyon dwa moun sila a di li anrejistre 389 ka
kidnapin an Ayiti, pami yo 29 resòtisan etranje. Òganizasyon an te souliyen fenomèn lan
ogmante nan peryòd sa a, akoz plizyè rezon, ladan yo: lòt tèritwa ki antre nan biznis sa a, ak
alyans ki fèt ant plizyè gang. Pa egzanp, alyans ant anwo Bèlè – ki sou kontwòl chèf gang
«Kempes» – ak Village-de-Dieu epi Grand-Ravine, te lakoz anpil kidnaping nan zòn tankou:
Bois-Verna, Pétion-Ville, Delmas, Turgeau. Mèt Gédéon Jean site kèk ka, tankou chèf gang
Kampes ki te bezwen itilize koulwa Delmas 24, an pasan pa Solino, men ki echwe nan tantativ li
a, gras ak vijilans abitan Solino yo.
Mouvman «Bwa Kale» a tanmen fen mwa avril pase a, apre plizyè abitan nan katye
Kanapevè te fin touye epi boule yon dizèn prezime bandi. Mouvman sa a pran nan plizyè kwen
nan Pòtoprens, tankou Debussy, Petyonvil ak lòt vil pwovens, nan objektif pou anpeche bandi
vin tabli baz yo epi komèt move zak. Pa gen yon bilan egzakt ki disponib, men chif yo bay plizyè
dizèn «prezime» bandi popilasyon an touye epi boule kadav yo. Si popilasyon an ak kèk polisye
pote sipò yo bay mouvman an, plizyè otorite ki reyaji sou mouvman sa a, tankou premye minis,
Ariel Henry, ak minis Jistis la pou yon ti bout, Émmelie Prophète Milcé, yo montre yo kont
demach sila a. Yo mande pou popilasyon remèt bandi epi zam yo rekipere bay bay lapolis.