HomeActualitéISTWA PÈP AYISYEN YON LÒT APWÒCH

ISTWA PÈP AYISYEN YON LÒT APWÒCH

Published on

Archives

Senkyèm pati a
Rasin Ganga
[email protected]

Peyizànri parapò ak leta

Peyizànri an pwodwi yon latriye mekanis ki rann pwodiksyon yon leta, yon chèf ki
sou tèt sosyete a, li rann sa enposib. Se pa yon chèf yo wè epi y al goumen avèk li.
Ann Ayiti, apre lendepandans, vin gen de (2) pwojè sosyete paralèl :
1) Sosyete afranchi a ki sou modèl loksidan an.
2) Sosyete peyizan an ki ap viv nan yon fason ki otonòm pandan li bay sosyete sa a
kenbe yon bwa long otan l kapab, men li ekziste, li pa ka pa konsidere l.
Fòk nou konprann lojik peyizànri a se yon lojik ki anti etatik jouk nan zo, ni nan
filozofi l ni nan fonksyònman l. Leta afranchi a, pou l fonksyone te bije konsidere
peyizànri a. Nou pa dwe konfonn sosyete peyizàn an ak enstrimantalizasyon Kako yo ki fèt
atravè gran propryetè fonsye, ki pa gen anyen arevwa :
Pandan tout 19èm syèk la, leta afranchi a te konpoze ak de (2) branch. Afranchi
milat yo yon bò epi, yon lòt bò, afranchi nwa yo, ki se nouvo lib, ansyen jeneral pandan
lagè lendepandans. De (2) branch sa yo ki vin fòme klas dominan an te toujou an konfli e
depi apre Bwaye, yo te vinn ap mobilize Kako yo tanzantan ; se afranchi nwa yo sitou ki te
konn fè sa. Kidonk pandan tout 19èm syèk la ak kòmansman 20èm syèk la, te souvan gen
yon konfli ki pete pou pouvwa a, kote Kako yo te konn desann Pòtoprens vin atake palè
nasyonal la epi enstale yon lòt nèg pa yo. Pi souvan se te yon gwo pwopriyetè fonsye, yon
gwo peyizan nan pami ansyen jeneral nwa lagè lendepandans yo. Se sa yo rele
enstrimantalizasyon peyizan yo nan goumen ant de (2) zèl nan klas dominan an.
Men, menm nan tradisyon chante, jiskaprezan, w ap jwenn divès eleman ki montre
sistèm peyizan an li anti leta. Pa egzanp gen yon lwa ki rele Zaka ki se lwa ki reprezante
peyizan an nan tradisyon kiltirèl la, depi l wè leta li kouri. Moun ki gen lwa Zaka nan tèt li
a si w bezwen l kouri di l men leta.
Sivilizasyon riral la yo rele l peyi andeyò. Se andeyò sistèm etatik la li ye. Talè nou
pwal wè twa (3) fòm otorite politik leta pran (gouvènora otonòm, leta nasyonal
endepandan, leta afranchi) e katriyèm nan, ki se altènativ la, se sosyete peyizan an ki li
menm anti etatik.

Rezistans peyizan fas ak kapitalis la

Dènye gwo rezistans pèp peyizan an parapò ak agresyon kapitalis la sou fòm
enperyalis. Istwa sa a merite rakonte, malgre Woje Gaya (Roger Gaillard) fè yon seri sou
sa. Men nan achiv amerken yo gen anpil dokiman ki montre kòman rezistans Kako yo te
vrèman gen yon dimansyon konsiderab, e li te simen panik nan mitan twoup meriken yo,
rive yon moman sitou li te pran fòm ke yo menm yo pa t abitye wè. Menm jan Panfil
Delakwa (Panphile De Lacroix) k ap bay temwanyaj pandan lagè lendepandans se yon
bagay ekstrawòdinè. Tou sa nou rele syans tradisyonèl la li te fè yon enpak konsiderab sou
tout franse yo. Yo te di youn nan pi gwo pwoblèm yo te genyen se ke yo te konn wè de
moun yo fin mouri epi yo retounen parèt sou yo ap goumen. Se sa nou menm nou rele
zonbi. Sa vle di rete yon fè enkontestab sè ke ayisyen gen yon syans ki pèmèt yon moun
gendwa fin antere mouri epi l retounen alavi.

Twa (3) fòm otorite politik leta ayisyen pran

3 fòm politik leta ayisyen pran nan evolisyon li :
1) Moman Tousen/ Gouvènora otonòm
2) Moman Desalin/ Leta nasyonal endepandan
3) Moman Petyon/Bwaye/ Leta afranchi

1) Moman Tousen/ gouvènora otonòm

Se premye fòm politik, nou kapab di, ki enskri nan jenèz leta Ayisyen an. Yon
gouvènora otonòm, pòs rasyal, andedan anpi franse a ; se sa Tousen li menm li t ap
rapousib. Sa vle di andedann anpi franse a, Tousen te anbisyone pou li vini gouvènè jeneral
avi, jan l te kòmanse fè sa li menm. Men anbisyon l pat rete sèlman nan Sendomeng.
Tousen te anbisyone dirije tout prezans anpi fransè a nan Amerik la. Li pa t ap goumen pou
lendepandans, se pou yon laj otonomi sou yon gwo teritwa lajman laj kote kesyon rasis lan
t ap kaba. Gen plizyè tèz ki pale sou Tousen ; genyen menm ki pretann li pa t ap konbat
lesklavaj vre, genyen ki opoze Tousen avèk Moyiz nan kad yon analiz klas sosyal, gen lòt
ki opoze l ak Desalin ; men, sa ki enpòtan pou konprann nan istwa Ayiti a, istwa pèp
Ayisyen an, tout evènman sa yo ap pase nan yon ti bout tan tan ki kout anpil. Trè souvan
istoryen yo pa konsidere jan peryòd la te kout, ki fè lè w ap pale sou listwa a, sou tandans
ki ap devlope ladan, ou pa ka fikse l definitivman paske w nan mitan konba, konfli kote
chaje kontradiksyon. Ou kapab pale de tandans. Egzanp ou kapab di Tousen osnon Desalin
te gen tèl ou tèl tandans. Desalin limenm te dirije pandan de (2) lane sèlman. Si gen yon
fòm leta nou kapab di ki gentan pwan tout fòm kò li, li byen defini, se leta afranchi a. Leta
afranchi a li toujou la, e se li k ap fini la a. Note byen : leta afranchi a ap fini an menm tan
ak sistèm mondyal loksidan an.
Li klè Tousen t ap goumen pou eliminasyon lesklavaj. Gen istoryen ki bezwen
diminye valè pèsonaj la, ki al nan dokiman ki di Tousen te gen esklav, men analiz sa yo pa
solid ditou. Premye fè a se yon esklav Tousen te achte epi l te libere. Dezyèm fè a se bofis
li, yon nwa afranchi ki te marye ak yon pitit fi l ki te gen yon ti plantasyon avèk trèz
esklav, lè misye al goumen nan Savana, GA peyi etazini, Tousen te reskonsab plantasyon
sa a pou li. Nan trèz moun sa yo, listwa rapòte Desalin te nan pami yo. Ki fè se te depi la

Tousen ak Desalin te konnen. Non Desalin nan menm, dapre yon vèsyon listwa, se te yon
lòt bofis li ki te marye ak menm pitit fi sa a ki te rele Mari Mat, yo te mwens konnen nan
listwa. Se vre nou konn Izaak (Isaac) ak Plasid (Placide) sèlman men Tousen te gen lòt
pitit ; te gen Gabriyèl, Tousen, Mari Mat. Li te gen yon premye madanm ki te rele Sesil
anvan Sizàn.
Tousen te gen Desalin ansanm ak li ; malerezman listwa poko rapòte douz lòt nèg yo
ki te esklav ke Tousen t ap jere pandan de lane. Mwen ta enterese konnen douz lòt nèg yo
ki te sou plantasyon sa a pou wè konbyen nan yo ki te vin fè pati lame Tousen an, nan pami
wo grade yo, ki t ap goumen. Lè sa a w ta ka sipoze se te depi lè sa a Tousen t ap òganize
nèg yo pou goumen pou libète. Kidonk Tousen pa t ap goumen pou lendepandans sèlman,
men li t ap goumen pou libète jeneral esklav yo ; li ta enteresan pou nou li deklarassyon pò
Kantirèl kote l te fè pwoklamasyon pou mande tout nwa yo anbake ansanm avè l.
Kolon franse yo te genyen ladan ki t ap goumen pou otonomi yo paske te gen nan yo
ki te gen pwoblèm ak sistèm esklizif la, yo te bezwen fè komès ak tout lòt peyi. Tout
pandan lagè endepandans lan yo t ap mennen konplo ak anglè yo pou yo te pran koloni an.
Se sa ki fè Tousen te bije goumen kont tout fòs enperyalis sa yo a lepòk.
Gen kesyon Tousen / Moyiz la ki fè anpil pale, ki merite fouye plis tou. Sa sèlman
yo retni, Tousen te touye Moyiz ki te neve l. Men gen anpil pyès istorik ki montre Tousen
te fè anpil demach, ekri lèt pou defann Moyiz lè kolon blan yo ki nan nò t ap akize Moyiz
bay metwopòl la, pou arete oswa touye Moyiz. Tousen te fè anpil tantativ pou pwoteje
Moyiz. Nan dènye moman yo, lè bagay yo te vin konplike nèt, li te pwopoze Moyiz pou l
pran mòn pou l kontinye batay la ak nèg mawon yo, men li pa t dakò. Men li te fè plizyè
pwopozisyon. Fasilman w te ka di Tousen touye Moyiz, men fòk ou konn kontèks la. Nan
lagè toujou gen sa, menm jan an Fidel Castro touye Ochoa. Jiska prezan yo poko konprann
pouki Castro touye jeneral Ochoa; jeneral kiben sa a ki te defann revolisyon an anpil epi
rive yon moman revolisyon an te bije touye misye.
Gen yon tandans onivo entènasyonal pou yo plis rekonèt Tousen pase Desalin paske
Tousen mouri an tan ke jeneral franse. Se menm koze ideyoloji sipremasi oksidantal la.
Pou yo, Desalin te parèt reprezante yon bagay ki pa ase oksidantal, yo te prezante l kòm
reprezantan barbari afrikèn nan.
Nou sipoze konpare politik Tousen an ak kat (4) dimansyon lòd mondyal la :
ekonomik (sistèm kapitalis), ideyolojik (siperyorite rasyal, sipremasi blan/loksidan),
politik (vizyon kolonyal), antwopolojik (konsepsyon moun),
Yon kesyon pou nou poze : ki kote pèp ayisyen an ye nan pwojè sa a ? Nou wè Tousen
te sanble dekonekte ak filozofi Bwa Kay Iman nan. Prensipal direktiv, tout filozofi ki gen
nan Bwa Kay Iman nan, (nou pa fè ki fè nou retwouve nou konsa jounen jodi a) se : “jete
pòtre dye blan an koute kri libète ki nan ou an.” Se sa ki atake dimansyon ideyolojik ak
antwopolojik lòd mondyal la ; depi de (2) dimansyon sa yo atake, lòt de (2) yo pran espant.
Se pa pou nou pran pawòl sa yo nan nivo relijye. Depi w konprann langaj senbolik, w ap
konprann yo di w pa rete ap kwè nan sivilizasyon sa a, pa swiv li. Pwojè Tousen an pa
konekte nan pawòl sa a. Se sa ki fè w wè menm nan zafè relijyon, se katolik li te ye,

katolik fèvan ki te konn preche, fè katechis. Te menm gen kolon ki te konn kouri dèyè
misye paske li pase twòp tan ap fè katechis ak moun yo. Kidonk pwojè Tousen an pa mete
an kesyon sipremasi loksidan an menm jan ak yon seri moun de goch jounen jodi a ki
toujou kwè nan sipremasi loksidan an, dezyèman li dekonekte ak sèman Bwa Kay Imam
nan. Men Kouran lagoch ki ap monte kounye a remete an kesyon sipremasi blan an.

Fen senkyèm pati an

Popular articles

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Ouragan Béryl :

Le Mouvement Point Final a fait des visites des lieux dans le Sud -Est...

Latest News

Afrique

Dossier tentative de coup d’État au Bénin : Olivier Boko et Oswald Homéky écoutés...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

33ème anniversaire du Coup d’État du 30 septembre 1991:

Le Mouvement Point Final présente le rapport de l'insécurité actuelle avec le Coup d'État...