HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Arestasyon gwo biznisman, Joël Khawly, Wa Jakmèl la

Biwo Lit Kont Trafik Nakotik (BLTS) / DCPJ, arete Joël Khawly nan Jakmèl, jou ki te vandredi 25 novanm 2022. Khawly se yon gwo biznisman nan depatman Sidès la. Apre yon fouy nan kay li, lapolis dekouvri zam lagè e yo akize l kòm moun ki gen nan menn li zam ilegal degè, ak minisyon.

Joël Khawly se Biznisman ki pi pwisan nan Jakmèl, e yo te menm rele li the king of Jacmel (Wa Jakmèl), nan yon atik deprès. Li te bati anpil, li nan komès pwodwi premye nesesite, gaz, kamyon, dlo, materyo konstriksyon, motosiklèt ak biwo transfè apati de selilè ak chanje lajan.

N ap raple nan mwa oktòb 1995, komisè gouvènman Jakmèl la, lè sa a, mèt Danton Léger, te sezi diznèf pakè kokayin nan bato Altagrace Marine ki te pou Joël Khawly. Otorite te mete yon dizèn moun anba kòd, pami yo: Khawly. Joël Khawly te libere rapidman. Li te demanti akizasyon Danton Léger fè sou li, ke li te nan trafik kokayin epi te deklare arestasyon li an te ilegal.

Moun ak zam ansasinen direktè akademi polis la, Harington Rigaud

Bandi ak zam ansasinen, nan vandredi apremidi 25 novanm, sou wout Frères, nan komin Pétion-Ville, yon wo grade nan Polis Nasyonal d’Ayiti. Nouvo viktim lan, Harington Rigaud, kòmisè divizyonè, te resevwa plizye bal, tou pre yon makèt sou wout Frè a, e bandi yo te ale ak machin sèvis viktim lan. Sitiyasyon sa a te kreye gwo van panik nan zòn lan. Harington Rigaud soti nan 8yèm pwomosyon polis la e li te aktyèl direktè akademi polis.

Ronald Léon

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News

Fusillade des journalistes à l’hôpital général :

Le Mouvement Point Final dénonce le mauvais traitement des journalistes blessés à Cuba.Depuis le...

Haïti/ USA, crise migratoire :

Le Mouvement Point Final annonce au Département d'État américain que la déportation des Haïtiens...

Massacre à Kenskoff : Le laxisme des autorités….

Le Maire Jean Massillon de Kenscoff, reste prudent sur le bilan de l’attaque des...