HomeSportKreyol

Kreyol

Published on

Archives

Youri ak Lambert gen yon istwa ak dwòg, depi lontan

Se pa premye fwa non Joseph Lambert ak Youri Latortue ap site, nan koze trafik dwòg. Gen yon liv ki rele an fransè: «Les Dossiers Zombie: gangs, drogues, politique et vaudou, sous le mandat des Nations Unies», ki pibliye nan mwa jen 2021. Li pale anpil sou aktivite Youri Latortue k ap alimante gang yo nan Pòtoprens epi istwa l nan trafik dwòg depi lontan. Otè liv sa a, ki idantifye l sou non Max Kail, fè konnen, li se yon ansyen manm yon inite anndan Nasyonzini ki t ap travay ann Ayiti kont gang yo ak lòt gwoup kriminèl. Depi nan premye chapit liv la, li pale de yon polisye ki rele Jerry Enderson, yo te arete an 2008 pou yon ka kidnaping ki te fèt sou Dèlma. Otè liv la di: Jerry Enderson «te responsab pou touye moun, pou senatè a, ki kontwole avyon k ap pote kagezon kokayin ak mariwana nan kot Sidès peyi a, pou frè Lambert yo ak senatè Edwin Jenny». Nan chapit 9 liv la a, li pale sou Youri Latortue ki «aprann taktik ak trafik lakay Lyetnan-Kolonèl Michel François. […] Taktik yo se te elimine opozan politik yo ak kraze zo yo, epi trafik la, se pou kokayin ki soti peyi Kolonbi a, k ap tranzite ann Ayiti. Konpetans espesyal sa yo fè Youri Latortue yon jwè inik nan mitan fanmi kokayin la ann Ayiti». Li fè konnen, DEA te arete Youri Latortue nan ayewopò entènasyonal Miyami. «Li (Youri) te gen chans, paske tonton l (Gérard Latortue, ki te premye minis nan moman an) te fè entèvansyon sou Washington pou yo ba l yon tikè pou l retounen Ayiti». Otè a rakonte, se pou sa Youri te al nan eleksyon, pou yo pa arete l.

Sanksyon Kanada yo pa gen menm pwa ak pa OFAC yo

Sanksyon Kanada yo jele tout byen moun ki sou lis yo nan peyi Kanada. Epi, yo entèdi sitwayen ak enstitisyon kanadyen ki Kanada oubyen aletranje, fè tranzaksyon ak moun sa yo. Anplis Youri Latortue ak Joseph Lambert, peyi Kanada mete ansyen prezidan Michel Joseph Martelly ak ansyen premye minis Laurent Salvador Lamothe ak Jean Henry Céant, nan lis la. Lis la genyen tou senatè Rony Célestin, ansyen senatè Hervé Fourcand ak ansyen depite Gary Bodeau. Jiskaprezan, malgre gouvènman kanadyen an anonse sanksyon kont plizyè lòt moun, se sèlman Joseph Lambert ak Youri Latortue ki ofisyèlman anba sanksyon OFAC. Otorite ameriken yo pa pwononse yo, pou kounye a, si y ap aplike menm sanksyon yo pou nouvo moun Kanada sible yo. OFAC bay tèt li pouvwa pou l mete oubyen retire yon moun, nenpòt kilè.

Nan yon entèvyou li te bay AyiboPost, ansyen direktè jeneral lapolis la, Mario Andrésol, te revele ansyen prezidan Michel Joseph Martelly te konn pote dwòg pou Kolonbyen yo. Si Michel Joseph Martelly ta tonbe anba sanksyon OFAC yo, djaz li, ki se Sweet Micky, pratikman p ap kapab jwe okenn kote nan mond lan.

Sanksyon OFAC yo gen yon pwa entènasyonal ki konsiderab. Akoz pouvwa dola ameriken an, ak pwa Etazini nan tranzaksyon lajan ak biznis nan mond lan, jeneralman, tout moun ak enstitisyon toujou evite tonbe anba sanksyon Etazini. Se pou sa, prèske tout kote nan mond lan evite kolabore ak moun oubyen enstitisyon ki anba sanksyon ameriken, tankou sanksyon OFAC yo.

Mondyal 2022: chanm otèl, kote Lionel Messi t ap dòmi nan peyi Kata a, pral tounen yon mize

Qatar University de Doha, se la ekip foutbòl Ajantin lan te fè tout tan li, pandan mondyal 2022 a, nan peyi Kata. Enstitisyon an anonse, mèkredi 28 desanm 2022 a, chanm kote Lionel Messi t ap dòmi an pral tounen yon mize nan semèn k ap vini la a, se sa medya fransè RMC Sport rapòte atravè yon atik li pibliye sou sit li.

Chanm sa a, Lionel Messi te pase tan l pandan yon mwa, gen 2 kabann byen senp, yon biwo, yon televizyon figi plat, yon kanape. Aprè atakan PSG a fin ranpòte mondyal la, responsab espas la deside transfòme chanm foutbolè a an mize, pou moun ka vin vizite.

Kote ansyen jwè Baselòn lan t ap dòmi an gen yon «écusson» ak non l ki ekri sou pòt chanm lan ki se nimewo B201.

Okenn dat poko bay kilè mize sa a ap louvri pou moun ka vin vizite. N ap raple w Lionel Messi ak koyekipye l yo pèmèt Ajantin ranpòte twazyèm mondyal li, aprè 36 lane blanch. Albiceleste a, nan seyans penalite kont ekip Fransèz la, chanpyon nan peyi Kata. Pou kounye a, Messi an vakans. Li ta dwe tounen nan PSG nan kòmansman mwa janvye a, daprè anpil medya etranje.

Ronald Léon

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...