Kreyol

Published on

Archives

Gang yo kontinye ap touye moun an Ayiti

Soti 2021 rive 2024, se anviwon 400 000 moun ki nan kouri anndan peyi a.  Yon bon pati nan yo oblije kite kapital la, Pòtoprens, pou chape anba mechanste gang yo.

Sitiyasyon kriminalite a agrave ankò pi plis, depi jedi 29 fevriye 2024 la.  Gang ak zam yo ansasinen anpil anpil moun, pami yo : plizyè polisye nasyonal nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Yo atake epi boule pòs polis, lekòl, inivésite, bibliyotèk, lopital, famasi, biwo Leta, biwo eta sivil, depo manje, elatriye.  Yo kontinye ap pete kout bal, lajounen kou lannuit, nan plizyè katye.

Pòtoprens ak zòn ki viwonnen l yo tounen yon kokennchenn prizon, kote se tout popilasyon an ki anba kontwòl gang ak zam yo.  Douvan sitiyasyon sa a, dwe gen bon jan aksyon ki fèt, san pèdi tan, pou pote sekou bay popilasyon an, dapre espè endepandan Nasyon Zini pou dwa moun nan peyi d Ayiti a, yon Ameriken, William O’Neill.  Gen danje pou yon kokenchenn masak fèt sou popilasyon peyi d Ayiti a.  Sa a, se avètisman reprezantan pèmanan peyi d Ayiti douvan Konsèy dwa moun Nasyon zini yo, Justin Viard. 

Kèk konsèy MSPP) pou popilasyon an pandan pasaj eklips solèy la 

Eklips solèy total ki ap gen pou fèt jodi a, nan peyi Etazini, Kanada ak Lafrans, ap touche plizyè lòt peyi, pami yo, Ayiti, kote li ta dwe pasyèl.  Poutèt sa, pou pwoteje popilasyon an, ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) pibliye plizyè konsèy ki ka pèmèt moun yo, sitou timoun yo, pwoteje zye yo kont domaj fenomèn sa a ka pote.

  • Premye bagay MSPP mande : se pa kite tantasyon fè w leve je w gade syèl la, pandan pasaj eklips solèy la.
  • Si kèk moun toujou afole pa fenomèn sa a epi panse yo pa ka pran lari, MSPP raple, menm pandan eklips la, w ap ka fè tout aktivite w.
  • MSPP envite moun yo mete chapo oubyen kaskèt, ki ka ede yo pa fikse solèy la, pandan moman eklips la.  Li rapousuiv pou l di: moun ki pa gen anyen yo pral regle nan moman an nan lari, pou yo rete lakay yo.
  • Yon lòt pwen enpòtan: MSPP mande pou okenn moun pa itilize linèt solèy oubyen vit machin tente, pou gade solèy la.  Pou otorite sante yo, pratik sa a pa bon.  Li ka andomaje je w.
  • Epi, pou l fini, li mande pou moun yo evite gade ak fè foto eklips la ak telefòn yo.  Meyè bagay la, se ta mete linèt ki fèt pou sa menm.

Daprè eksplikasyon lasyans, gen 3 tip eklips solèy. 

  1. Eklips pasyèl: se lè lonbraj Lalin lan pa ale dirèkteman sou Latè ; 
  2. eklips anilè, se lè Lalin nan pa fin bare wonn lan nèt, poutèt li twò lwen li, 
  3. epi eklips total, se lè Lalin nan bare Solèy la nèt.

 se fenomèn sa ki pral fèt jodi a, men se sitou moun Meksik k ap gen chans pou wè l byen, nan zòn lan.

LANSE-HAITI eksprime preyokipasyon l pa rapò a sitiyasyon politik, ekonomik ak zak vyolans yo nan peyi a

Nan yon nòt li mete deyò, jodi lendi 8 avril 2024 la, LANSE-HAITI di l eksprime preyokipasyon l fas a sitiyasyon politik, ekonomik, sosyal, epi ensekirite ak vyolans ki pa sispann fè dlo koule nan je popilasyon an, dènye tan sa a yo.  Li di, tout fenomèn sa yo makònen ak yon kriz imanitè san parèy nan peyi a.

Toujou nan nòt sila a ki pote siyati Frantz Souverain, Moïse Elius ak lòt ankò, LANSE-HAITI di l pran nòt de siyati 9 pati ki konsène yo, nan akò politik pou yon tranzisyon pasifik ak òdone ki bay nesans a yon Konsèy Prezidansyèl, pou rezoud kriz politik ak enstitisyonèl peyi a ap konnen dènye tan sa a yo.  Nan sans sa a, LANSE-HAITI mande tout aktè nasyonal ak entènasyonal ki enplike nan demach sila a, pou yo asime responsablite yo epi respekte angajman yo pou yo mete yon bout nan kalvè popilasyon an ap monte a.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Latest News

HISTORICAL ACCOUNT OF HAITIAN PEOPLE FROM A DIFFERENT PERSPECTIVE

Rasin Ganga [email protected] Part five Peasants class versus the State  The Peasant Class creates mechanisms that render establishing a state...

ISTWA PÈP AYISYEN YON LÒT APWÒCH

Senkyèm pati aRasin [email protected] Peyizànri parapò ak leta Peyizànri an pwodwi yon latriye mekanis ki rann...

« Ayiti, le meilleur est à venir ! »

Après autour de deux siècles de tumultes et d'épreuves multiformes et pluridimensionnelles : notre...