HomeActualité Gang yo fè 25 milyon dola, chak ane, nan kidnaping 

 Gang yo fè 25 milyon dola, chak ane, nan kidnaping 

Published on

Archives

Selon yon rapò gwoup Inisyativ Global Kont Krim Òganize Transnasyonal, nan vil Jenèv, peyi Laswis pibliye lendi 12 fevriye 2024 la fè konnen, gang yo fè biznis prive kounye a, parapò ak volim lajan yo rantre.  Yo fè chantaj kont senp sitwayen ak fanmi yo epitou sèvi ak lajan kidnaping pou yo ka gen mwayen pou yo ka achte zam epi peye sòlda yo genyen ki nan gang yo.  Pilwen, rapò a di : « kounye a, antite sa yo gen plis endepandans ekonomik ak tèritwa, sa ki rann li pi difisil pou kontwole yo. »  Rapò a site entevyou li fè ak politisyen ki pa t vle pou yo bay non yo, lapolis, anplwaye ONG, biznisman ak senp sitwayen.  Rapò a di tou, reyalite sa a poze yon gwo defi pou fòs entènasyonal LONU apiye ki pou deplwaye an Ayiti.

Se depi nan mwa oktòb 2021, gouvènman defakto Ariel Henry ap dirije a te mande asistans fòs miltinasyonal pou apiye Polis Nasyonal (PNH) la ki pa gen ase resous pou rezoud kriz ensekirite a, epi vin ede soulaje kriz imanitè a.

Dapre rapò a, gang yo egzije biznis yo peye jiska $20 000, chak semen, plis yon pousantaj sou kontenè yo resevwa, epi menm pa fwa mande yo ede fè aranjman pou livrezon zam, olye pèman lajan kach.  Gang yo tabli tou plizyè pòs peyaj sou wout kapital la nan teritwa yo kontwole, kote yo ranmase anviwon $8 000 chak jou.  Rapò a rapousib pou di jefò sa a « biwokratize anpil » e gen gang ki menm distribye kat, chak semen, pou tcheke moun k ap travèse yo pi vit.  Rapò a ajoute endistri « kidnaping » lan antre anviwon $25 milyon chak ane, lè yo pran an konsiderasyon nouvo tandans yo ki se kidnape gwoup moun k ap vwayaje nan kamyonèt, bis yo.

N ap siyale Ayiti ak Etazini siyen yon akò semèn sa a, sou kesyon krim transnasyonal.  Se pou kreyasyon yon enstitisyon ki rele: Inite Transnasyonal Ankèt Kriminèl (UTEC), akò sa a siyen.

Yole Derose rele anmwey pou fanatik Wendyyy yo

Yole Derose soti nan silans li epi pale ak fanatik Wendyyy yo ki vle fè kwè se koze bòykotaj k ap regle kont atis la pou mizik “Mèsi” a.  Sa gen anviwon 4 jou, depi anpil pawòl anpil sou koze mizik “Mèsi” ki sou albòm III Wendyyy a jwenn yon copyright nan B.E Relations & Publishing k ap jere tout èv Ansy Derose pou fanmi defen an.  Desizyon sa a fè anpil moun fache sou rezo sosyal yo epi pa sispann lanse anpil pawòl piman bouk, nan lide pou montre lwayote yo ak rapè a.  Genyen ki menm lèse kwè se paske se Wendyyy, ki fè yo aji konsa pou eseye bòykote l.

Yole Derose ki konsène pa eritaj mizikal mari l kite, soti nan silans li nan yon piblikasyon li fè sou Facebook. Li fè konnen pa gen okenn koze bòykotaj k ap regle, se yon zafè prensip paske twòp moun eksplwate zèv mari l san otorizasyon.

“Anpil gwo non avize ap eksplwate tout sa nou genyen sou pretèks ke nou te gen kontra ak yo.  Mwen envite nou an gras sispann ak kanpay fanatik Wendyyy yo ki vle fè kwè ke se koze bòykotaj ak jalouzi kont Atis la k ap regle.  Mezanmi, an n serye! sispann ak radòt sa a yo! Wendyyy se yon jèn atis ke mwen apresye depi li fèk kòmanse karyè l.  Men, lè w deside mete lòd nan yon sitiyasyon, fòk ou respekte reg jwèt la.  Se yon zafè prensip”, se konsa Yole Derose reyaji nan piblikasyon Facebook la.

Chantèz ayisyèn lan, pou pote klarifikasyon, fè konnen se li menm ki bay B.E Relations & Publishing responsablite pou jere zèv mari l, depi an 2022. “Konpayi sa a te aksepte travay difisil sa a ki se rekipere tout zèv nou ki pou piyay depi lontan sou Nèt la.  Entènèt potko gwo zouti li ye jodi a.  Nou te plis ap goumen pou “Droits d’auteurs “ vini yon reyalite lakay nou Ayiti” : se sa l deklare.

Yole Derose ajoute pou l di konpayi a reyaji konsa, paske se travay li l ap fè, pandan l souliyen pa gen okenn demann ki te fèt pou chante Mèsi.  “Gen twòp jan pou sa ta regle nan plas tout pawòl dwat e goch sa yo k ap pale avèk menas k ap fèt sou moun konpayi a.  An n serye mezanmi”: se konsa diva ayisyèn lan konkli mesaj li a.

Toutfwa, anndan yon pòs sou Instagram, Wendyyy te fè konnen, pou mizik Mèsi a, tout kredi yo respekte epi presize monetizasyon mizik la ta prale pou Ansy Derose, otomatikman.  Rapè a, ki di li aksepte copyright la, souliyen pou l di objektif la se pa t fè lajan men pito remèsye piblik la epi marye 2 jenerasyon pou rive rann omaj a yon lejann ki se Ansy Derose, menm jan li te fè pou Alan Cavé.

Mertil Marcelin alyas Arab, transfere nan Penitansye Nasyonal

Mertil Marcelin, alyas Arab, transfere an ijans nan prizon Penitansye Nasyonal Ayiti, nan Pòtoprens, nan dat 16 fevriye 2024 la, aprè li te jwenn arestasyon l, 13 fevriye pase a.  Aprè yo fin entèwoje l nan komisarya Dèlma 33 a, yo transfere l nan Penitansye Nasyonal Ayiti, jodi a.

Mertil Marcelin, tout moun konnen sou non Arab, vin yon figi piblik, akoz yon videyo l ki te viral, nan dat 5 me 2023 a,  kote l t ap distribiye manchèt bay popilasyon an avèk yon diskou: « Chak moun yon manchèt pou pèp la libere tèt li.»

Apre aksyon sila a, komisè gouvènman Pòtoprens lan, Jacques Guy Lafontant, ta pral mete yon manda rale mennen vini dèyè l pou ensitasyon vyolans.  Arab ki te pran « ak » de sa, te eksprime l pibikman pou di : «m ap kontinye kanpe batay, jiskaske pèp la jwenn liberasyon l anba nèg ak zam. »

Mertil Marcelin te jwenn arestasyon l nan vil Okay, nan depatman Sid Ayiti, nan dat 13 fevriye 2024 la, sou divès chèf akizasyon, tankou: destriksyon byen piblik, ensitasyon vyolans ak asosiyasyon malfektè.

Éric Désiré

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...