kreyòl

Published on

Archives

Liberasyon tout fidèl yo te kidnape nan legliz Notre-Dame de Fatima a
Tout fidèl legliz Notre-Dame de Fatima yo libere san ranson, dimanch 3 desanm 2023, daprè
Jounal Le Nouvelliste. Manm gang «Palmis», alye gang «Gran Grif», te kidnape, nan lannwit
jedi 30 novanm pou rive vandredi 1 ye desanm 2023, plis pase yon douzèn fidèl nan legliz
Notre Dame-de-Fatima nan Calvin, yon lokalite nan twazyèm seksyon kominal Petite-
Rivière-de-l’Artibonite, pandan yo t ap patisipe nan yon veye priyè nan legliz sa a.
Guy Philippe lage
Ansyen asayan, Guy Philippe, ki te nan men DCPJ, aprè twa (3) 3 jou li te pase nan gadavi, li
te jwenn liberasyon li. Lavèy liberasyon l, anpil sous te fè kwè lajistis nan vil Okay ta
pral tande l nan dosye atak sou komisarya polis la ak prizon sivil Okay la, nan lannwit 15 pou
rive 16 me 2016. N ap raple, ansyen eli Grandans la pa t janm rantre nan Sena a, paske DEA
te arete l pou trafik dwòg epi li te plede koupab nan trafik kokayin ak blanchiman lajan sal
nan peyi Etazini. An 2017, yon jij federal ameriken te kondane Philippe pou li pase nèf lane
nan prizon.
Dosye ansasinay Jovenel Moïse
Paul Denis, ansyen minis Lajistis ak Sekirite Piblik, sou pouvwa ansyen prezidan René Garcia
Préval la, te odisyone nan kabinè enstriksyon jij Wlter Wesser Voltaire, lendi 4 desanm lan,
sou dosye lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la. Paul Denis deklare, apre odisyon an, ke li
pa enplike nan konplo ki abouti sou ansasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse la.
Arestasyon Andrew Anthony, yon trafikan dwòg
Nan kad yon operasyon konjwent BLTS/DCPJ mennen nan jou dimanch 3 desanm 2023, ajan
yo rive mete anba kòd Andrew Anthony ki se yon Jamayiken, e sezi 17,287 kg mariwana nan
komin Saint-Louis-du-Sud. Kantite mariwana sa a, fòs lòd yo jwenn li nan kad yon fouy ki te
rive fèt lakay yon sèten Johnny. Malerezman, misye te gen tan lage pye li.
50 moun mouri nan seksyon Fon-Batis
Endividi ak zam, ki te bouche figi yo, ansasinen plis pase 50 moun, nan 7 yèm seksyon Fon-
Batis, komin Akayè, nan nò Pòtoprens, dapre enfòmasyon ki soti bò kote otorite lokal yo.
Masak san sa a, te pase mèkredi 15 novannm 2023 a. Se konsekans yon batay pou tè, dapre
ajan ekzekitif enterimè Akayè a, Jean Edner Gilles. Li fè konnen batay pou tè sa a la depi plis
pase 40 lane. Li denonse konpòtman manfouben otorite yo, ki pa janm pran dispozisyon pou
mete yon bout nan batay pou tè sa a, nan mitan 2 fanmi nan zòn Fon-Batis la.
Aviol Fleurant voye somasyon, Rudy Thomas Sanon kontratake
Depi kèk jou, rezo sosyo pran dife ak yon seri revelasyon ko-animatè emisyon :” ki sa nou vle
?”, nan Radyo Ibo, Rudy Thomas Sanon, fè sou jesyon ansyen minis Aviol Fleurant nan
ministè Planifikasyon ak Koperasyon Eksteryè, pandan 2 zan 7 mwa. Journalis Rudy Sanon
akize Aviol Fleurant kòm yon sispèk nan ka «favoritism nan kontra piblik». Selon jounalis la,
ansyen «Minis Planifikasyon an te koupe kontra dlo Culligan nan Ministè Planifikasyon epi
favorize yon depite (li pa t site non depite a), ak yon nouvo kontra 3 fwa plis pase ansyen
kontra a». Nan revelasyon li yo, Sanon te ajoute ansyen minis la te «favorize anpil pwòch ak
zanmi li, pou yo jwenn pozisyon ak avantaj nan administrasyon piblik sa a». Ko-animatè
emisyon an akize Aviol Fleurant kòm moun ki anrich ilegalman sou do Leta. «Aviol Fleurant
te gen “yon ti mazi sou yon teren nan Debussy, nan sis (6) mwa li bati li ak lajan piblik ak
materyèl CNE». Li te ajoute «revni lejitim Aviol Fleurant pa ka jistifye ogmantasyon
sibstansyèl byen li yo konsa». «Mwen mande tèt mwen ki kote li jwenn tout byen sa yo,
tankou: apatman nan Punta Cana, yon teren nan Debussy pou $150 000? Èske nou panse ak ti
kabinè avoka a li ka pèmèt li genyen tout byen sa yo, èske se pa piye li piye kès Leta a»,
jounalis te presize.

Rudy Thomas Sanon te revele Mèt Aviol Fleurant kòm yon fonksyonè Leta ki fè
tantativ pou te kowonp “ansyen prezidan Jocelerme Privert ak ansyen senatè Don Kato”. “Nan
yon rankont, li di ki te genyen ak yon pwòch li, mesye Fleurant te di li vle fè yon ti jès ak
Chèf Leta a men sous li a di li te refize patisipe nan pratiik koripsyon sa a«. «Mwen gen prèv,
mwen konn ki moun ki te la, nan ki kay li te fè òf sa a. Lè moman an rive, m ap devwale tout
bagay devan lajistis». Se deklarasyon jounalis la pou kore akizasyon li yo.
Devan akizasyon sa yo, ansyen minis la, nan yon somasyon, li pase Rudy Sanon
lòd pou li retrakte l, pou l mande padon, si se pasa l ap trennen, devan Tribinal Penal nan
Pòtoprens, Rudy Thomas, pou delit de près ak difamasyon. «Mwen te fè sa lalwa mande m fè.
Mwen te bay moun ki rele Rudy Thomas Sanon, ansanm ak Radyo Ibo, lòd, an de fwa, pou yo
korije epi difize yon nòt rektifikasyon.» Se sa nou te ka li nan yon atik Junot 7, sou demand
minis la. «Yo pa t konfòme yo. Mwen deside site Rudy Thomas Sanon dirèkteman devan
tribinal kriminèl pou difamasyon, ansanm ak Radyo Ibo, pou silans konplis li…».
Rudy Sanon kontratake ak yon petisyon
Jounalis la te fè konprann li vle ale pi lwen nan batay pou Etik ak laJistis la. Nan dènye
emisyon li yo, Rudy Sanon di li” pa p fè bak e li pa p sèlman denonse pratik koripsyon,
kliyantelis ak detounman fon piblik ansyen minis la te enplike, men li swete entegre
lòt “sitwayen konsène”, menn jan ak li, pou patisipe nan batay pou anpeche yo kontinye piye
Leta a. Pou rezon sa a, mwen pran inisyativ ekri yon petisyon pou mande ULCC mennen yon
ankèt sou jesyon ansyen minis Aviol Fleurant, nan ministè Planifikasyon ak Koperasyon
Eksteryè “. Nan mwens pase yon jounen, petisyon an te gen tan resevwa 2944 siyati an liy.
Jounalis te di li te espere jwenn 2000 siyati. “Petisyon sa a reprezante yon demand kolektif
pou transparans ak responsablite nan jesyon piblik. Nou mande Inite Lit Kont Koripsyon
(ULCC) pou mennen ankèt sou byen nasyonal ak entènasyonal Mèt Fleurant, pandan manda li
kòm minis Planifikasyon. Apre sa, pou yo ta remèt rezilta yo bay otorite jidisyè konpetan yo”.
“Lè w siyen petisyon sa a, ou pa sèlman ede mete fen nan yon posib kilti enpinite, men tou, w
ap asire fon piblik nou yo ap itilize pou byen komen olye pou zafè pèsonèl yo”. Se sa jounalis
la te ekri nan petisyon an, pou te sansibilize sitwayen yo siyen petisyon lan.
Emmanuel Saintus

Popular articles

Deklarasyon Sem Edgard Leblanc Fils devan lanasyon, jou dimanch 6 oktòb 2024

1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòt bò dlo oubyen lòt...

79 ème Assemblée générale ordinaire des Nations Unies :

Le Mouvement Point Final salue le discours du Conseiller présidentiel, Edgard Leblanc Fils à...

Croix-des-Bouquets : La Nationale #8, débloquée par la PNH

La Police nationale a réalisé une intervention dans la commune de la Croix-des-Bouquets vendredi...

14 août 2021 – 14 août 2024, 3ème anniversaire du séisme meurtrier du Grand Sud d’Haïti :

3 ans après, aucun projet de reconstruction du Grand Sud, a constaté le Mouvement...

Latest News

Mouvman Libète, Egalite sou Chimen Fratènite tout Ayisyen (MOLEGHAF)

Nòt MOLEGHAF Dimanch 20 oktòb 2024 Depi 17 oktòb 2024, mafweze vèditè VIV ANSANM yo...

6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la nan kizin

Ak plis pase 60% popilasyon kreyolofòn ki nan Karayib la, Ayiti reprezante pi gwo...

Kreyol

Wilson Pierre alyas Balans, anba kòd Sibtiti komisè gouvènman Aken an, Mèt Rousseau Libin, nan...