Wilson Pierre alyas Balans, anba kòd
Sibtiti komisè gouvènman Aken an, Mèt Rousseau Libin, nan tèt kole ak Lapolis, arete ougan Wilson Pierre, alyas Balans, sou akizasyon li touye moun. Endividi sa ta antere, doubout, sitwayen Leclerc Jean-Louis, tou vivan, nan lakou perestil li. Gen plis pase yon semenn, Leclerc te pòte disparèt.
Yon jenn gason 15 lane, mouri anba bal nan Solino
Yon jenn ti gason, 15 zan, pèdi lavi li, nan Solino jodi dimanch 12 me a. Pandan l ap sot fè cheve l, li resevwa yon katouch, nan yon atak bandi yo t ap mennen nan zòn sa a.
Pon Juvena bloke
Yon pil tè tonbe sou pon Juvena a. Sa te rive aprè yon gwo lapli ki fèt nan lannwit 12 me an, kote yon deboulonnay tè te fèt, e se sa ki bloke wout Juvena a.
Gary Conille vle dirije tranzisyon an
REN, youn nan 2 estrikti nan Konsèy la, ki pa gen dwa vote yo, chwazi ansyen premye minis Gary Conille pou vin nouvo premye minis tranzisyon an. N ap raple, mesye Conille, ki te okipe Primati a pou yon ti bout tan, sou Prezidan Martelly, gen non l site nan rapò PetroCaribe a.
Lapolis repran kontwòl komisarya Gresye a
Polis Sid, Sidès, Lwés ak Nip repran komisarya Gresye a nan men gang yo, men danje a toujou la. Anpil moun Gresye antre Leyogan, vin kache pou gang Gresye yo. Gang yo sanble itilize pwomotè mizik ak atis, kòm kouvéti pou mennen operasyon yo nan Karayib la.
Ajan SDPJ fèmen Pakè Okap la
Plizyè ajan SDPJ nan depatman Nò a, rive fèmen pakè Okap Ayisyen an, jodi lendi 13 me 2024 la. Yo mande revokasyon dwayen tribinal la, paske li ta libere ansasen ki ta touye ajan SDPJ a, e remèt li tout byen ak materyèl ki te pou Zago Loray la.
Misyon Miltinasyonal Soutyen pou Sekirite
Nan yon ton ki chaje ak satisfaksyon, mèt André Michel onore Ariel Henry ak Nasyonzini, nan vwa SDP. Nan yon tèks li pibliye jounen madi 7 me 2024 la, nan non Sektè Demokratik e Popilè a (SDP), avoka pèp la, mèt André Michel, felisite ansyen premye minis Ariel Henry ki, an 2022, mande Nasyonzini asistans, vya yon fòs etranjè, pou ede Polis Nasyonal Ayiti a fè fas kare ak gang ak bandi yo ann Ayiti. Mèt la deklare SDP santi, tout bon vre, fòs entènasyonal la sou wout pou vini ede PNH la kraze gang yo epi mete sekirite nan peyi a. Pou sa, li remèsye ansyen gouvènman Ariel Henry a ki te mande Nasyonzini Fòs la pou Ayiti, depi nan mwa Oktòb 2022.
Avoka pèp la di gouvènman Ariel Henry la ansanm ak alye Ayiti yo nan Nasyonzini tankou Etazini, Lafrans ak Meksik, mèsi pou gwo batay diplomatik yo mennen pou Nasyonzini te adopte rezolisyon sou koze otorize et voye fòs miltinasyonal la ann Ayiti.
Mèt Michel kontinye pou l di PM Ariel Henry mèsi, dèske li te ale jouk en Afrik, nan peyi Kenya, pou siyen akò pou Fòs la te ka vini nan peyi d Ayiti. Li di tou, SDP kontan anpil paske tout aktè politik ak sosyete sivil la ki nan Konsèy Prezidansyèl la, dakò, jounen jodi a, pou fòs entènasyonal la vini nan peyi a. Se yon bon bagay pou popilasyon an.
Li kwè, gras a Fòs Entènasyonal la, gwo biznis ak ti Biznis yo pral kapab louvri pòt yo. Madan Sara yo pral kapab mennen aktivite yo. Restoran yo pral rekòmanse fonksyone, ak lespwa moun pral ka pase tout kote nan peyi a, tankou : Matisan, Maryani, Kanaran elatriye. Sa pral bèl anpil.
Ansyen manm opozisyon an sou Jovenel Moïse fè konnen, depi plis pase 18 mwa, SDP ap repete yon sèl bagay: «nou p ap ka soti anba gang yo, san yon fòs Entènasyonal.» Konsa, sitwayen yo, ki te blije kite kay yo nan Fontamara, Matisan, Kafou-Fèy, Tòsèl, Taba, Kwadèboukè, Gresye, Santo, Kanaran, Pènye, Ba-Dèlma, Bèlè, Solino, Gran-Ravin, Site-Solèy, Fò-Senklè, Fò-Nasyonal, Anba-Lavil, nan Latibonit ak nan rès peyi a, pral kòmanse gen lespwa y ap retounen lakay yo, yon jou.
André Michel fè konnen SDP pa nan danse kole ak Gang. Se sa k fè tout chèf gang ap atake dirijan SDP yo, maten, midi, aswè. Finalman, avoka a di Sektè Demokratik Popilè a remèsye Nasyonzini pou fòs entèynasyonal la ki se, pou strikti sa a, pi gwo kado yo te ka fè Ayiti, nan moman sa a.
Kèk nan materyèl pou misyon an
Paralèlman, administrasyon amerikèn lan pran tout dispozisyon pou voye yon èd militè ann Ayiti, ki estime a plis pase 60 milyon dola. Se sa Politico rapòte, samdi 4 me a. Daprè medya sa a, 80 Humvee, 35 machin MaxxPro, zam pou snaypè, dwón, se ekipman administrasyon Biden lan deside voye ann Ayiti, nan kad deplwaman fòs miltinasyonal la. Kèk nan materyèl sa a yo deja rive nan peyi a, e yo pral remèt yo bay PNH la.
Anplis de sa, divès jounal rapòte, fen mwa me a, ta dwe genyen yon premye gwoup sòlda ki ta dwe antre ann Ayiti, nan kad misyon an, e deja genyen yon gwoup kontraktyèl Pentagòn angaje k ap konstwi baz pou loje sòlda yo, nan zòn ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti a.
Yon ti refleksyon sou fason mèt André Michel montre Ayiti p ap kapab reziste san fòs etranjè a: e si toutfwa, pou yon rezon osnon yon lòt, fòs la pa ta antre ann Ayiti, o final, kisa ki ap lespwa Ayisyen menm, fas ak ensekirite a?
Emmanuel Saintus