kreyòl

Published on

Archives

Ayiti: aprè plizyè echèk, CARICOM deside soumèt aktè politik yo yon pwopozisyon akò
Aprè plizyè chita pale, aprè pwopozisyon plizyè dokiman, aktè politik ayisyen yo pa janm rive
antann yo sou pyès fòmil pou mete peyi a sou ray demokrasi, ebyen, Group Eminan Pèsonalite
CARICOM yo soumèt aktè politik ayisyen yo yon pwopozisyon akò, semèn sa a, pou analiz ak
reyaksyon yo. Nan pwopozisyon sila a, CARICOM wè pou ta genyen yon Konsèy Prezidansyèl ki
ta dwe genyen 7 moun ladan l, yon Gouvènman Antant Nasyonal, yon Ogàn pou Kontwole
Aksyon Gouvènman ki ta dwefè refòm nan konstitisyon an epi fòme yon Konsèy Elektoral
Provizwa.
Nan propozisyon CARICOM fè a, tranzisyon an ta dwe dire 18 mwa. Konsèy 7 manb lan ap
jwe wòl prezidan, e premye minis Ariel Henry ap toujou rete nan plas li. Toujou selon dokiman
CARICOM lan, nan Konsèy Prezidansyèl la ap genyen 7 moun kote 4 ladan l ap soti nan sektè
politik la, youn nan sektè prive a, youn nan sektè relijye a, ak youn nan sosyete sivil la.
Konsèy Prezidansyèl la ap ede pou genyen yon pouvwa egzekitif a 2 tèt, nan lespri atik 289
Konstitisyon Ayiti a. Y ap genyen pou jwe tout wòl konstitisyon an te bay yon prezidan. Y ap aji an
kolèj prezidansyèl. Se antre yo 7 la, y ap chita pou chwazi kilès pami yo y ap mete pou prezidan
kòlèj la. Konsèy prezidansyèl la pral travay pou genyen bòn gouvènans, retabli sekirite, òganize bon
eleksyon, relanse ekonomi an, poze aksyon imanitè.
Dokiman CARICOM lan propoze tou pou genyen yon Ògàn pou Kontwole Aksyon
Gouvènman an pou fè respekte nòm administratif yo epi pou asire genyen transparans nan aksyon
gouvènman. Ògàn sila a ap genyen 15 manb ki ap soti nan diferan sektè tankou: asosiyasyon
rejyonal, sosyete sivil, profesyonèl, jèn, fanm. Se Konsèy Prezidansyèl la ki ap nonmen moun sa
yo.
Dokiman CARICOM nan prevwa tou pou genyen yon Konsèy Sekirite ki mete sou plas
pou travay ak fòs sekirite yo an Ayiti, nan sousi pou retabli lòd.
Pou koze Gouvènman Antant Nasyonal la, se premye minis Ariel Henry, siyatè Akò 21
Desanm, siyatè Kingston yo ak Sosyete Sivil la ki ap travay pou monte gouvènman an.
Diferan aktè politik ayisyen yo genyen yon delè 2 semèn pou pataje avi yo ak Group
Pèsonalite Eminan CARICOM yo. N ap raple, nan diferan rankont yo, divès pati politik te mande
demisyon premye minis Ariel Henry ki enkilpe nan asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse.
Komisè Gouvènman Pòtoprens la lanse 12 manda dèyè moun non yo site nan rapò ULCC a
5 ansyen senatè, 2 ansyen direktè ONA plis yon ansyen depite se kèk pèsonalite, K. G. Edler
Guillaume vle tande. Mèt Edler Guillaume, ki se Komisè Gouvènman nan Pòtoprens, lanse, madi
21 novanm 2023 a, 12 manda envitasyon pou kèk pèsonalite ki genyen non yo site nan dènye rapò
Inite ki ap Lite Kont Koripsyon an Ayiti (ULCC). Pami pèsonalite sa a yo, genyen 5 ansyen
senatè, 2 ansyen direktè ONA ak yon ansyen depite.
Komisè Edler envite ansyen Senatè Nip la, Nenel Cassy, pou vin reponn kesyon, madi 28
novanm 2023 a, vè 10 zè nan maten, sou manti li bay, lè li t ap fè deklarasyon patrimwàn li, ak
fason li anrichi tèt li, ak lajan li fè nan move kondisyon.
Komisè a envite tou 2 ansyen direktè Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès (ONA), Jemley Jean-
Baptiste ki, selon rapò ankèt ULCC, te lwe machin pou 61 milyon goud, pandan 20 mwa li pase nan
tèt ONA. Pou Stéphanie Mondestin, li menm tou, ki te ansyen direktè ONA, rapò a reproche l paske
li achte yon kay pou 86 milyon goud ki te propriyete ansyen depite Alfredo Antoine, e lajan sa a ki
te dekese a, pase sou kont yon antrepriz li genyen. Komisè a fikse dat lendi 27 novanm 2023 a pou
yo prezante devan li, vè 9 vè nan maten, paske yo genyen non yo ki site nan rapò ULCC a ki fè
konnen yo te fè koripsyon pandan yo t ap dirije ONA.
Komisè a envite ansyen senatè: Joseph Lambert, Richard Lénine Hervé Fourcand, Wanique
Pierre, pou yo vin reponn kesyon, premye desanm 2023, vè 10 zè nan maten, suivan atik 5.4 lwa 12
mas 2014 la, ki trete prevansyon ak represyon koripsyon.
Nan menm jou 27 novanm lan, Mèt Edler programe pou li tande ansyen depite Alfredo
Junior Antoine, vè 11 zè nan maten, kòm ko-otè krim lan, selon jan atik 5.3 lwa 12 mas 2014 trete

kesyon sa a. Nan kad menm dosye sa a Komisè Gouvènman an ap tande tou Piterson Juste vè 12 zè
(midi).
Garcia Delva, Richard Lénine Hervé Fourcand, Wanique Pierre, Nenel Cassy se 5 senatè sa
yo komisè Edler Guillaume programe pou tande nan kad ankèt ULCC te mennen sou yo, sou koze
koripsyon.
Sou bò pa yo, Daphnica Midley, Paul Roland Garçon ki genyen non yo site nan kad dosye
koripsyon ki genyen nan bous Federasyon Risi te bay pou moun al etidye nan peyi sa a, 2
fonksyonè Leta sa a yo te mare sosis yo ansanm pou fè pakèt lajan sou do moun yo ki te aplike pou
patisipe pou bous yo. ULCC repwoche yo kòm moun ki nan asosiyasyon malfektè, selon jan kòd
penal ayisyen an trete zak sa a, nan atik 45, 224, 225. Moun sa yo gen envitasyon pou mèkredi 29
novanm lan.
Se nan dat 15 novanm 2023 a, Inite Lit Kont Koripsyon Ayiti (ULCC) te remèt lajistis 19
rapò sou ankèt pou koripsyon yo te mennen.
Etazini sanksyone pwopryetè avyon ak ajans vwayaj ki òganize vòl Ayiti Nikaragwa yo
Depatman Deta Ameriken anonse, madi 21 novanm 2023 a, yo sanksyone pwopriyetè avyon ak
responsab ajans vwayaj yo k ap òganize vwayaj Ayiti Nikaragwa yo. Etazini jele byen epi koupe
viza tout moun sa yo li sanksyonen a. Brian Nichols mande Ayisyen ak Kiben yo chwazi vwa legal
pou yo rantre USA. Depatman Deta anonse yo pran desizyon pou anile viza ameriken tout moun k
ap òganize vòl pou migran pase Nikaragwa, pou tonbe Etazini. Nouvèl politik sa adopte ayè madi
21 novanm 2023 a.
Gouvènman ameriken an di, konpayi k ap fè vwayaj sa yo ap pran kòb nan men moun yo, fè
yo pran wout machin pou rive sou fwontyè Etazini. «Majorite nan migran sa yo pa gen okenn baz
legal pou yo rantre ou byen rete Etazini, aprè yo fin depanse yon bann kòb, epi mete lavi yo ak lavi
fanmi yo an danje». Se sa Depatman Deta ekri nan yon nòt ofisyèl. Yo mande migran Ayisyen ak
Kiben yo pou yo pran vwa ki pi sèten e ki pi legal pou rantre Etazini.
Anpil Ayisyen, ki te deja genyen ant 2500 a 3000 dola ameriken nan men kèk ajans ki
òganize vòl Ayiti Nikaragwa yo, pa sispann plenyen akoz ajans sa a yo, pa deside remèt yo kòb yo,
malgre vwayaj yo kanpe.
Chèf polis Depatman Latibonit la vizite Ba-Latibonit, aprè 3 mwa li fin enstale
90 jou aprè l fin enstale nan tèt Polis Latibonit, Direktè Depatmantal la, Jean-Louis Paul Ménard,
vizite, pou yon premye fwa, vil Senmak, jedi 23 novanm 2023 a. Jean-Louis Paul Ménard te chita
pale ak Komisè Gouvènman jiridiksyon an, Mèt Venson François, ak komisè prensipal awondisman
an tou, pandan vizit li a. Li profite okazyon an pou li fè konnen li nan faz dyagnostik sitiyasyon an,
jis pou defini yon plan estratejik pou kwape gang yo ki ap fè kidnaping, vyòl ak vòl nan depatman
an.
Yon òganizasyon dwa moun nan depatman an, «MEDAH Dwazimen», ki gen nan tèt li Mèt
Michelet Dorgilles, mande popilasyon Latibonit lan pote plent nan lajistis kont DDA ki refize pran
mezi pou konbat bandi yo. Jean-Louis Paul Ménard enstale kòm Direktè Depatmantal Polis
Latibonit la, depi 23 dawout 2023.
Eliacin Evens

Popular articles

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Latest News

Kreyol

Wilson Pierre alyas Balans, anba kòd Sibtiti komisè gouvènman Aken an, Mèt Rousseau Libin, nan...

Biwo Suivi Akò Montana a denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt Konsèy Prezidansyèl la

Biwo Suivi Akò Montana a (BSA) fè konnen se yon kont maltaye yon kowalisyon...

Kreyol

Ayiti: tantativ evazyon nan prizon sivil Ench lan : 2 prizonye mouri epi 10 lòt...