Kreyol

Published on

Archives

Ayiti Sante: 3 ti bebe 9 mwa, mouri aprè yon dòz vaksen kont lawoujòl ak ribeyòl 

Jou madi 31 oktòb 2023 a, pou pi piti, 3 bebe 9 mwa mouri nan sant ospitalyè FONDEPH, nan Fontamara 27, nan depatman lwès Ayiti, aprè yo te fin resevwa yon dòz vaksen anti lawoujòl ak ribeyòl. Josil Nella, ki se manman Fedson Clairmond, Rene Elisia, manman Naïcha Pierre ak Saintine Pierre ki se manman Valeïka Pierre, deklare timoun yo mouri tousuit apre yo fin resevwa dòz vaksen an nan lopital la. Pou paran timoun yo, se Ministè Sante Piblik (MSPP) ki responsab krim sa yo. Pou enfimyè a li menm ki te bay vaksen yo, pami tout timoun li vaksinen pou jounen an, se sèlman Fedson, Valeïka ak Naïcha ki rive jwenn konplikasyon. Pi lwen, li fè konnen 3 bebe yo te kòmanse vaksinen nan men l, depi sou premye mwa, rive jis kounye a, sou 9yèm lan.

Men sa li deklare ankò: «aprè 13 ane sèvis ak eksperyans, mwen dezole pou sa ki rive a. Sepandan, responsab yo, se dabò responsab ministè Sante Piblik yo ki fè neglijans nan verifikasyon dòz yo.»

Yon lòt kote, èske ou ka imajine Direktè kominikasyon MSPP a, Dr Jeanty Fils Exalus, nan yon echanj ak jounal Le Facteur Haïti, ki di li pral pale ak responsab MSPP yo pou l konnen «si yo enfòme de sitiyasyon an ?»

N ap siyale, nan kòmansman mwa oktòb 2023 a, sou fwontyè Wanament lan, yo te sezi 27 pochèt san, pami yo 5 te kontamine ak viris Sida plis epatit B. Nan menm mwa oktòb la, 3 bebe mouri aprè yon dòz vaksen anti lawoujòl ak ribeyòl. Èske sa ta vle di responsab MSPP yo pa gen okenn kontwòl sou medikaman ak lòt materyèl sante k ap antre an Ayiti?

Diplomasi: blokaj tout vòl Ayiti-Nikaragua yo ak ouvèti fwontyè ayeryèn Ayiti-Dominikani, èske se yon koyensidans?

Tout vòl Ayiti Nikaragwa entèdi, apati lendi 30 oktòb 2023 a. Responsab yo, nan gouvènman Ariel Henry ap dirije a, di yo pran mezi sa a pou anpeche yon kantite migran ayisyen antre ilegalman Ozetazini. Se jounal ameriken «Miami Herald» ki anonse nouvèl la. Anpil moun ki ap kesyone, pa sispann mande poukisa se jounal ameriken an ki anonse nouvèl la, olye se gouvènman Ariel Henry a ki fè li.

Yon ti kras pi ta nan menm jounen an, atravè aviyasyon sivil Repiblik Dominikèn, Luis Abinader re-louvri operasyon «transpò pasaje ayeryen yo», lendi 30 oktòb 2023 a, daprè laprès dominikèn. Li pran desizyon sa a, aprè li te deside re-louvri fwontyè tèrès yo pou sèlman echanj komèsyal. N ap raple, Abinader te fèmen tout fwontyè li yo, pou kont li, nan mwa septanm pase a.

Pou anpil sitwayen k ap kòmante, yo fè konnen èske se ta yon koyensidans pou menm jou gouvènman ayisyen an bloke tout vòl Ayiti-Nikaragwa yo, gouvènman Dominiken an pran mezi louvri fwontyè ayeryèn pa li yo tou, sitou prezidan Abinader te louvri fwontyè terès yo ak Ayiti, sèlman pou kontinye fè komès ?

Eliacin Evens

Popular articles

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Latest News

Kreyol

Wilson Pierre alyas Balans, anba kòd Sibtiti komisè gouvènman Aken an, Mèt Rousseau Libin, nan...

Biwo Suivi Akò Montana a denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt Konsèy Prezidansyèl la

Biwo Suivi Akò Montana a (BSA) fè konnen se yon kont maltaye yon kowalisyon...

Kreyol

Ayiti: tantativ evazyon nan prizon sivil Ench lan : 2 prizonye mouri epi 10 lòt...