Kreyol

Published on

Archives

Mario Antonio Palacios avwe FBI, li vòlè lakay Jovenel Moïse

Nan yon atik jounal Miami Herald mete deyò, li rapòte temwanyaj yon ajan FBI, devan yon tribinal federal nan Miami, ki fè konnen Mario Antonio Palacios, youn nan mèsenè ki patisipe nan lanmò Jovenel Moïse, jou ki te 7 jiyè 2021 an, avwe li te pran yon kolye, 2 mont ak 2 060 dola ameriken, pandan yo t ap asasinen ansyen prezidan an, lakay li. Toujou nan kad ankèt sa a, kèk akize ki nan prizon an Ayiti fè revelasyon bay anketè ameriken ak kolonbyenyo. Yo di kantite lajan yo estime ki te genyen kay ansyen prezidan an, nan Pèleren 5, varye ant 45 a 53 milyon dola vèt.

Mario Antonio Palacios te ale nan mawon nan peyi Jamayik, 2 mwa aprè asasinay la. Li ta pral pran kontak ak yon moun li fè konfyans ki rele Alberto Moreno, alias «Don Carlos». Se menm Moreno sa a ki ta pral jwe wòl entèmedyè, jistan yo ta pral pran ansasen prezime an.

Jou ki te 7 oktòb 2021, nan yon echanj videyo ki dire anviwon 6 zè d tan, Palacios ta pral avwe li pran yon kolye, 2 mont, 2 060 dola kach, ak lòt objè pèsonèl ki te pou Martine Moïse ak ansyen prezidan an. Nan moman sa a, yo potko arete l. Li ta pral jwenn arestasyon l, an janvye 2022.

N ap fè konnen tou, jounal Miami Herald revele gen akize ki nan prizon isit ki deklare bay ankètè ameriken ak kolonbyen yo, te gen anndan kay prezidan an, jou ansasinay la, yon sòm lajan ki evalye ant 45 e 53 milyon dola.

An Ayiti, jij Walther Wesser Voltaire, k ap ankete sou dosye a, pa sispann tande kèk moun. Dènyeman, li te tande ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, aprè li te envite Luckner Désir. Mèkredi a (25 oktòb), li tande ansyen senatè Antonio Cheramy.

Nan kad ankèt sa a, gen 11 akize ki nan men lajistis ameriken. Gen 3 pami yo ki deja plede coupab nan istwa lanmò sa a epi ki riske pase tout vi yo nan prizon.

Lapolis arete Arcus Johnny Cadestin, alyas «Sniper»

Nan yon videyo enstitisyon lapolis la mete deyò, jou lendi 23 oktòb, li prezante popilasyon an Arcus Johnny Cadestin, alyas Sniper. Endividi sa a te konn fè tèt li pase pou polisye sou rezo sosyal yo, nan fè kwè li toujou nan operasyon lapolis, elatriye. Li avwe, nan videyo PNH la, se manti li te konn bay. Tout sa l te konn ap di yo: se imajinasyon.

Sniper jwenn arestasyon l, jedi 12 oktòb la, nan moman li te nan Ayewopò Toussaint Louverture, daprè lapolis. Pandan plizyè mwa, li twonpe vijilans anpil moun sou rezo sosyal yo, nan fè videyo pou montre li nan operasyon, li konn fè afwontman ak bandi. Li fini pa avwe, nan videyo lapolis la, se manti li te konn bay.

Endividi sa a te konn menm rive ap kritike wo kòmandman lapolis la li di ki pa vle bay lòd pou ale afwonte bandi yo. Li te konn voye anpil pawòl piman bouk pou montre li fache kont wo kòmandman an. Tout sa yo, se te imajinasyon, selon endividi a ki souliyen sa l te konn ap di yo pa t kanpe sou anyen.

Sniper, ki t ap reponn kesyon polisye yo, avwe li pa t janm vrèman nan okenn operasyon polisye te konn ap mennen, jan l te konn fè kwè sa nan videyo li yo. Li menm fè konnen li pa gen zam, se yon senp sivil li ye. Men, anpil moun sou rezo a te konn kwè Sniper se polisye, pou jan li te konpòte l.

Atravè videyo a, endividi a rekonèt li bay anpil manti sou koze a, fè moun kwè li patisipe nan operasyon lapolis ap fè kont gang. Li te pwofite konseye moun yo itilize entènèt la yon lòt jan, pou yo pa tonbe nan pwoblèm tankou l.

Pou kounye a, Arcus Johnny Cadestin nan men lapolis, pou lajistis kapab panche sou ka li, aprè li fin pase plizyè mwa ap bay manti nan itilize tit polisye, sou rezo sosyal yo.

Lapolis Latibonit touye, ak bal, Izo ki se chèf gang baz Ti Grif la

Inite Tanporè Anti-Gang (UTAG) touye ak bal, Izo ki se prezime chèf gang baz «Ti Grif» la nan Vèrèt, depatman Latibonit an Ayiti, ayè dimanch 29 oktòb 2023 a. Izo jwenn lanmò l nan boukante bal ak fòs lòd yo, selon sa divès media lokal rapòte.

Chenet Kervens, alyas Izo, ki ap opere nan Lyankou etou ki se alye baz Gran Grif la, li menm ki nan Savyen, Latibonit, jwenn lanmò li, anba bal lapolis.

Luckson ki se chèf gang Savyen an, ki nan Tirivyè, ki pa kontan lanmò Izo a, soti nan baz yo pou Teworize manb popilasyon an.

Evens Eliacin

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Kreyol

Gang yo kontinye ap touye moun an Ayiti Soti 2021 rive 2024, se anviwon 400...

Kreyol

Men konsta yon sitwayen ayisyen Lidè Politik ayisyen yo pran *lajan peyi* a, chanje yo...

Pati Popilè Nasyonal (PPN) denonse plan lanmò Kò Gwoup la

Pati Popilè Nasyonal salye laprès pale, ekri, televize ak medya an liy yo, pou...