HomeNouvèl kout an kreyòlAyiti: Joseph Félix Badio, yon prezime «kle» nan asasina prezidan Jovenel Moïse...

Ayiti: Joseph Félix Badio, yon prezime «kle» nan asasina prezidan Jovenel Moïse la

Published on

Archives

An Ayiti, lapolis arete Joseph Félix Badio, jedi 19 oktòb 2023 a, nan Big Star Makèt, nan Petyonvil. Badio se youn nan sispèk «enpòtan», nan kad asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse ki te tonbe lakay li, nan Pèleren 5, nan dat 7 jiyè 2021, selon sa yon rapò ankèt DCPJ revele.

Prezime asasen an te nan yon machin Chevrolet, koulè nwa, ki gen nimewo plak AA-05432. Machin sa a anrejistre sou non Marie Patricia Jean-Gilles. Nan machin lan, fòs lòd yo jwen 6 telefòn epi yon pèmi kondwi sou non Jean-Gilles. Komisè polis Petyonvil la, ki te nan ensètitid sou arestasyon an, paske pa t gen pyès dokiman ki te jistifye se te Badio, te vin konnen se prezime asasen an, aprè prezime a, li menm ankò, konfime se efektivman li menm, Joseph Félix Badio.

Pi lwen, Badio deklare bay fòs lòd yo, li pa t janm nan mawon. Li rete Delma 40 B, nan kay papa li, ak nan komin Taba tou.

Selon jounalis Roody Sanon, pa t gen moun ak Badio nan makèt Big stars, alòske, pou divès lòt medya, ta gen 3 lòt ak li, men moun sa yo te rive chape poul yo. Kisa DCPJ a kapab di peyi a sou sa?

Aprè prezime asasen an pase plizyè tan nan komisarya Petyonvil la, yo te transfere l bay DCPJ pou suit nesesè. Selon rapò DCPJ te mete deyò, Joseph Félix Badio konsidere kòm sispèk nimewo 1 nan asasina Prezidan Jovenel la. Nan menm rapò sa a, DCPJ di, e n ap site : «Nan jou asasina Prezidan an, Badio ak aktyèl Premye Minis Ariel Henry te pale nan telefòn.» Pale pou di kisa? Yon repons pèsonn pa konn ki kote pye l ak tèt li ye.

De plis, nan kad yon emisyon jounalis Garry Pierre Paul Charles t ap fè ak PM Ariel nan radyo Scoop FM, PM nan te deklare wi li rekonèt Badio trè byen, pa gen moun ki pa konn Badio, men li pa ko wè l fas ak fas. E, pou sa yo akize Badio kòm kwa se li ki motè operasyon lanmò Jovenel la, Ariel Henry di li pa kwè ladan l, paske non sèlman Badio «pa gen kapasite pou sa, men tou, li pa gen lajan pou sa.»

Èske arestasyon Badio a ap pèmèt DCPJ rive mete men nan kòlèt lòt prezime konplis asasina sa a? Sa se kesyon anpil sitwayen Ayisyen kou etranje ap poze, nan moman an.

Komisè Gouvènman an nan Mibalè ekri Minis jistis la, pou netwaye tèt li

Lendi 23 oktòb 2023 a, nan yon rapò komisè gouvènman a. i. pakè Mibalè a, Mèt Gabriel Fleury, voye bay Minis Jistis ak Sekirite Piblik Ayiti a, Emmelie Prophète-Milcé, CG a mande minis la pa pran an konsiderasyon yon «plent» batonye lòd Avoka yo nan Mibalè a, Mèt Jorel Lubin ak divès lòt avoka ta depoze kont li, atravè yon «pretandi petisyon» ki siyen pou mande revoke l. Li fè konnen moun yo ki siyen bagay sa a, ase yon pakèt kowonpi.

Komisè a kontinye nan nòt la, pou fè konnen anpil moun ki pote plent kont li yo, se yon ansanm volè, kowonpi ki te nan tèt pakè Mibalè, kòm paketye, nan yon peryòd, e ki te revoke pou move zafè. Genyen lòt moun lajistis ap pousuiv pou izaj de fo.

Komisè a site Mèt Joël Lubin li di ki proklame tèt li kòm batonye, ki te sibtiti komisè gouvènman e ki te revoke pou fwod elektoral etou ki boure bawo Mibalè a ak yon pakèt fo avoka. Li rapousib pou di Mèt Jean Smith Louis, ki se konseye bawo a, li menm tou te sibtiti komisè gouvènman pakè a, yo te revoke l pou koripsyon, li te konn abitye pran lajan anba tab pou libere kriminèl. Kanta pou Mèt Anel Dorzin, konseye bawo a, lajistis ap pousuiv li pou izaj de fo nan zafè Mèt Palvin Phizéma.

Komisè Gouvènman Gabriel Fleury fini nan lèt li a, pou l di ti gwoup koriptè ak fosè sa yo pa genyen ase moralite pou fè sa yo fè a kont li. Kòm moun ki genyen 39 lane nan administrasyon piblik la, li poko janm pran yon lèt blam.

AYITI: 4 Kolonbyen ak yon (1) Ayisyen jwenn arestasyon yo nan komin Beladè

Lapolis nan Beladè arete 4 Kolonbyen, plis yon Ayisyen, jou samdi 21 oktòb 2023 a. Ansanm, 5 mesye sa yo transfere nan gadavi Mibalè a, nan sousi pou ajan DCPJ ta vin pran yo, odisyone yo epi ankete sou yo. Selon tout enfòmasyon, tout 4 sitwayen Kolonbyen yo ta gen viza Ayisyen sou paspò yo.

Men non konplè 5 mesye yo : Luna Perra Carlos, Anas Parra Wilmar, Luna Perra Bryan, Narvaez Cardena Francky ki se 4 sitwayen Kolonbyen yo, ak Félix Pierre ki se non sitwayen Ayisyen an. Yo te nan yon machin ki gen mak « Nissan XTERRA», koulè vèt, ki gen plak BB-33500, epi ki anrejistre ak non sitwayen Patrice Paulet.

N ap souliye, selon BELLA-INFO, 5 mesye yo arete yo, se te aprè yon gwoup jenn gason ak fanm ki, depi lè atak bandi ame te fè sou komin Sodo ak Mibalè a, te bay tèt yo misyon mete barikad sou tout wout Mibalè-Laskawobas-Beladè a, sa ki pèmèt yo kontwole soti ak antre vil sa yo, lajounen tankou lannwit. Se nan kad rezistans ak vijilans sa a, jèn sa yo nan komin Beladè, patikilyèman nan lokalite Kafou Roy-Sec, rive estope machin sa a ki t ap transfere mesye yo sou fwontyè Beladè a, paske yo t ap antre an Repiblik Dominikèn.

Evens Eliacin

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Kreyol

Gang yo kontinye ap touye moun an Ayiti Soti 2021 rive 2024, se anviwon 400...

Kreyol

Men konsta yon sitwayen ayisyen Lidè Politik ayisyen yo pran *lajan peyi* a, chanje yo...

Pati Popilè Nasyonal (PPN) denonse plan lanmò Kò Gwoup la

Pati Popilè Nasyonal salye laprès pale, ekri, televize ak medya an liy yo, pou...