Kreyol

Published on

Archives

Mibalè: popilasyon an touye yon prezime bandi, aprè arestasyon l

Jean Michel Belance, alyas «Gran Black», ki gen 33 lane, se yon jenn gason lapolis arete nan sware dimanch 15 oktòb 2023 a, e ki te nan komisarya Mibalè a. Yo akize l kòm bandi. Manb popilasyon an rantre nan gadavi a, yo kraze baryè komisarya a, pran l epi touye l ak manchèt, dimanch 15 oktob la, bò 10 zè 55 nan aswè.

Selon plizyè moun ki fè pati brigad siveyans vil Mibalè ki te pale ak jounal la, yo fè konnen yo te genyen alèt sou Gran Blak ki se yon prezime bandi ki te al kache nan yon ti zòn Sodo ki rele Manzè Mari, yo te pati dèyè l, nan samdi swa. Li te kouri, epi nan dimanch, yo te genyen bon jan enfòmasyon sou li, yo arete l e remèt li bay lapolis Mibalè.

Selon yon sous polisyè, yo jwenn sou telefòn Gran Blank foto anviwon 17 pyès idantite plis pyès pal. Nan pyès sa a yo, genyen 15 kat idantifikasyon plis 2 pèmi kondui.

Men lis non moun yo jwenn pyès yo sou telefòn Gran Black: 1-Wislor Pharat : 3 fevriye 1998, moun Dèlma ; 2- Pickenson Millien: 20 janvye 1991, moun Jeremi ; 3- Patrick Dorvil : 1994, depatman Lwès ( kat sa a gen yon pati nan enfòmasyon yo ki pa byen parèt); 4- Dapheney Baptiste: 20 oktòb 1998, moun Dèlma ; 5- Ernest Bénèche : 14 oktòb 1986, moun Dèlma ; 6- Christophe Nervil : 27 septanm 1987, moun Sodo ; 7- Fednel Jean : 11 me 1999, moun Okay ; 8- Kenson Altidor : 5 mas 1999, moun Kwadèboukè ; 9- Marc-Chaly Paul: 5 janvye 1999, moun Dèlma ; 10- Médinel Élusma: 8 me 2003, moun Gwo Mòn ; 11- Robens Pierre-Richard Kéger, 15 novanm 1996, moun Pòtoprens ; 12- Stanley Turenne Célestin : 14 fevriye 1996, moun Kwadèboukè; 13- Jimmy Dessalines : 10 me 2000, moun Site Solèy ; 14- Lorgens Joseph, 12 desanm 1997, moun Plezans; 15- Micherlange Filidor: 1ye desanm 1995, moun Site Solèy; 16- Selexan Wilterson : 11 me 2001, moun Dèlma, ( Pèmi kondui) ; 17- Gallite Sonson : 17 me 1993, moun Jeremi, (Pèmi Kondui).

N ap raple, depi aprè atak bandi yo te fè pou te tante pran vil Mibalè an otaj, nan sware 26 septanm pase a, kote manb popilasyon an ak lapolis te touye anviwon yon 30 tèn pami bandi yo, popilasyon Mibalè a pa genyen repo nan chèche bandi nan tout ti kwen.

Ayiti/ Sante: Lopital Senterèz, nan vil Ench, twouve li nan gwo difikilte

Doktè Prince Pierre Sonson eksplike pwoblèm lopital la ap andire, akoz bandi ak zam bloke mòn Kabrit. Bandi, ak gwo zam fann fwa, ki bloke mòn Kabrit yo, se yo ki lakòz machin pa ka pase, e sa mete lopital Senterèz nan vil Ench lan, anba gwo difikilte pou reponn a bezwen ka pasyan yo nesesite, paske manke materyèl medikal. Se sa doktè Prince Pierre Sonson deklare vandredi 13 oktòb 2023 a.

Direktè Medikal enstitisyon sanitè a, doktè Prince Pierre Sonson, rankontre laprès nan vandredi maten, pou fè konnen se anba gwo difikilte, yo menm kòm responsab lopital la, ap fonksyone. Pa egzanp, anpil ekzamen ak operasyon pa ka fèt. Pi lwen, li lanse yon vibran apèl bay tout bandi «Ak sapat» e bandi «Ak vès» ki bloke wout yo, kote li mande pou yo bay lopital yo nan tout peyi an, ki vle bay popilasyon swen lasante, yon chans.

Doktè Prince mande sipò ak kolaborasyon tout moun, pou ede yo fè faskare ak sitiyasyon difisil y ap andire nan lopital Ench lan. Li deklare yo pa sispann resevwa pasyan ki sòti nan diferan lòt depatman nan peyi a.

Fòs Miltinasyonal: yon delegasyon peyi Kenya ap debake Ayiti semèn sa a

Kenya ap voye yon delegasyon an Ayiti, semèn ki ap vini la a, pou evalye sitiyasyon jiridik e diplomatik fòs miltinasyonal la. Se minis Zafè Etranjè Kenya a, Musalia Mudavadi, ki fè revelasyon an, jedi, devan komisyon sekirite paleman nan peyi li.

Delegasyon sila a ap genyen pou rankontre otorite yo an Ayiti. Yo pa presize konbyen jou delegasyon ap fè nan peyi a.

Selon sa divès medya kenya yo rapòte, Gouvènman Kenya deja valide deplwaman polisye ki ap fè pati fòs sa a. Li rete paleman an, kounye a, pou deside.

Depi 10 oktòb 2023, nou te deja voye nan «Nandi Hills», 200 polisye elit al antrene pou fè fas ak defi yo an Ayiti. Se konsa Japhet Koome, ki se enspektè jeneral polis Kenya a, te pale nan reyinyon validasyon an.

Ap genyen 1 000 ajan y ap chwazi nan inite deplwaman rapid, inite anti vòl, inite sèvis jeneral, inite patwouy fwontalye. Paralèlman, polisye yo ki ka kòmanse antre Ayiti an novanm, kontinye ap antrene.

Lapolis anonse li tire 3 bandi nan baz 400 Mawozo epi sezi 2 zam

Kòdinasyon relasyon piblik PNH la enfòme gen twa bandi nan baz 400 Mawozo ki rive bwè dlo bouch yo, jodi madi 10 oktòb la, aprè echanj kout zam avèk 2 blennde ki te gen ajan UTAG. Pami endividi ki mouri yo, genyen youn ki rele Wesly Victor ki gen non brav li: Ti il. Fòs lòd yo sezi 2 zam, nan operasyon sa a.

Nan kad entansifikasyon operasyon lapolis nan komin Kwadèboukè, twa bandi ki soti nan 400 Mawozo, pami yo Wesly Victor, alyas “Ti il”, mouri nan echanj kout zam ak 2 machin blende UTAG, nan zòn Despinos, Wout Nasyonal #3, nan aprèmidi madi 10 oktòb 2023 sa a: se sa nòt la fè konnen.

Polisye UTAG yo te sezi 2 zam ki gen mak: AR-15 kalib 5,56 ak yon Mossberg kalib 12, nan operasyon sa a ki gen pou wè ak mezi wo kòmandman an pran, pou ogmante operasyon lapolis nan komin Kwadèboukè.

Nòt la fini pou l di PNH la detèmine pou l kontinye operasyon li yo ki gen pou objektif: kraze gang nan tout 4 kwen peyi a.

Evens Eliacin

Popular articles

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Latest News

Kreyol

Wilson Pierre alyas Balans, anba kòd Sibtiti komisè gouvènman Aken an, Mèt Rousseau Libin, nan...

Biwo Suivi Akò Montana a denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt Konsèy Prezidansyèl la

Biwo Suivi Akò Montana a (BSA) fè konnen se yon kont maltaye yon kowalisyon...

Kreyol

Ayiti: tantativ evazyon nan prizon sivil Ench lan : 2 prizonye mouri epi 10 lòt...