Kreyol

Published on

Archives

Chanjman nan Bank Repiblik dAyiti, DG Ronald Gabriel pran kòmand lan kòm gouvènè

Dimanch 8 oktòb 2023 a, aprè desizyon Konsèy Minis yo, finalman yo chwazi ekonomis Ronald Gabriel pou ranplase Jean Biden Dubois, kòm Gouvènè Bank Repiblik dAyiti (BRH), ki te nan pòs la depi 2015. Pi lwen, Mathieu Fortunat vini DG BRH epi vis Gouvènè a toujou rete nan plas li.

Mesye Ronald Gabriel fè yon metriz an ekonomi, nan inivèsite « Montréal, nan Canada », aprè li te fin dekroche yon diplòm nan CTPEA an Ayiti. Anplis, li te Direktè jeneral BRH etou li te Direktè ezekitif fon Devlopman an.

Ronald te monte kòm direktè jeneral BRH depi 2019. Ant 2015 ak 2019, li te manb Konsèy administrasyon bank lan, kòm konseye ekonomik, kòdonatè politik monetè, e direktè monnen ak analiz ekonomik.

Konsèy administrasyon BRH la repati konsa : Ronald Gabriel: Gouvènè, Georges Henry: Gouvènè adjwen, Mathieu Fortunat: Direktè jeneral, epi Michèle Delerme ak Florient Jean-Marie: manb.

Nan mwenske yon semèn, ajan PNH yo mare 2 prezime bandi ki t ap tante kouri chape poul yo kite peyi a

Bandi yo vle kite Ayiti ak tout fòs, aprè yo fin kraze peyi a epi souse san mas pèp defavorize a ki se pwòp sanblab yo ankò. Yon bò, Cleevens Degazon, ki genyen yon ti non jwèt ki se «Man», se polisye sa a, lapolis te akize kòm youn nan alye fidèl chèf gang ki rele Krisla. Prezime Polisye-gang lan te jwenn arestasyon li, byen bonè maten, dimanch kite premye oktòb 2023 a, nan Ayewopò Entènasyonal Okap Ayisyen an. Selon sous nou, Cleevens t ap ale Etazini, nan kad pwogram Biden lan.

Yon lòt bò, Sidolixe James Smith, non vanyan li se Jimmy, se yon prezime bandi ki soti nan gang Vitelhomme ap dirije a, ki jwenn arestasyon li jedi 5 oktòb 2023 a, nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, an Ayiti, pandan l t ap pral vwayaje pou antre Ozetazini (Miami).

Nèg ak zam pran kontwòl komisarya Tomazo a, epi mete dife ladan l

Nèg ak zam, san fwa ni lwa, debake, jou mèkredi 4 oktòb 2023 a. Yo pran kontwòl komisarya Tomazo a epi yo mete dife ladan l, daprè sa Lionel Lazarre, kòdonatè SYNAPOHA a konfime. Aksyon sa a pase bò 2 zè nan laprèmidi, polisye ki te nan espas la te gen tan ale, dapre sa sendikalis la fè konnen.

Atravè yon videyo, bandi yo, ki ap mete dife nan komisarya a, filme tèt yo pandan Aksyon an epi youn di ban m voye videyo sa bay Lanmò. Enfòmasyon ta menm fè kwè se gwoup gang 400 Mawozo ki ta fè zak sa a, yon gwoup Lanmò San Jou ap dirije nan Kwadèboukè.

Devan komisarya a, gen yon machin tou ki pa t epanye anba aksyon bandi yo ki pa sispann simen latwoublay nan mitan popilasyon an ak move zak y ap komèt chak jou ki jou.

N ap raple, samdi 30 septanm ki te sot pase a, nèg ak zam te anvayi soukomisarya Onavil la, epi mete dife ladan l. Sa te rive ak komisarya Sodo a, jou ki te vandredi 22 septanm lan, lè nèg Kanaran te atake vil la.

Eliacin Evens

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Kreyol

Gang yo kontinye ap touye moun an Ayiti Soti 2021 rive 2024, se anviwon 400...

Kreyol

Men konsta yon sitwayen ayisyen Lidè Politik ayisyen yo pran *lajan peyi* a, chanje yo...

Pati Popilè Nasyonal (PPN) denonse plan lanmò Kò Gwoup la

Pati Popilè Nasyonal salye laprès pale, ekri, televize ak medya an liy yo, pou...