Kreyol

Published on

Archives

Ayiti Edikasyon: yon lòt imilyasyon pou Pwofesè ak Siveyan egzamen 9yèm ane yo

Mèkredi 27 septanm 2023 a, Vis Delege Awondisman Laskawobas la, Jeantès Belfort, denonse fason Direksyon depatmantal Edikasyon Sant la krache sou siveyan egzamen nevyèm yo, ak yon chèk tibèkiloz. Nan deklarasyon li fè jou mèkredi 27 septanm lan, li di se avèk anpil konstènasyon ak endiyasyon li konstate Direksyon Depatmantal Edikasyon Sant la imilye tout pwofesè ki te patisipe nan siveyans egzamen ofisyèl 9yèm ane fondamental la, ane sa a, pou distri Savanèt, ak yon ti chèk 2700 goud. Se yon chèk yo dwe ale chanje nan sikisal BNC Bèladè oubyen Ench, pou twa jou travay yo te fè, alòske kòb moto a sèlman ap prèske pran ti chèk la. Vis Delege a di l ap poze tèt li kesyon: èske otorite Edikasyon yo nan depatman Sant la pa pran an kont lavi chè a k ap brase bil tout moun nan peyi a, paske pou yon moun Savanèt ale Bèladè pa egzanp, l ap peye frè transpò a 2700 goud ale-retou.

Vis Delege a kontinye pou l di si siveyan yo te gen kran, yo pa t dwe resevwa chèk sa yo nan men enspeksyon distri eskolè Savanèt la, paske direksyon depatmantal edikasyon Sant pa t angaje yo ak yon kontra ki te di davans men konbyen kòb l ap peye yo. Nan sans sa a, Vis Delege a mande pou responsab edikasyon yo nan depatman an re-konsidere fason yo trete siveyan yo, ki pran angajman pou asire pasasyon egzamen Leta yo, sa ki ka yon motivasyon anplis pou pèmèt pasasyon egzamen yo reyisi avèk plis siksè.

Vis Delege Belfort fè konnen yon Siveyan ki konnen se ti kraze monnen sa a Leta ap peye yo pou founi twa jou an plen ap siveye, èske l ap gen ase enterè pou l ranpli fonksyon li jan sa dwe ye ?

N ap raple, se majorite pèsonèl ki te patisipe nan pasasyon egzamen nevyèm yo, ane sa a, k ap plenyen pou sa Leta ba yo a, puiske lajan transpò y ap depanse a ap pi plis pase chèk yo pral chanje a nan BNC, swa Ench oubyen Beladè.

Malad ki te nan lopital Sanatoryòm yo, nan cho

Pasyan ki te kite lopital Sanatoryòm, akoz vyolans gang nan Kafoufèy, ka ale chèche medikaman nan 4 lòt lopital ki disponib pou sa. Ministè Sante Piblik ak Popilasyon fè konnen gen 4 lòt kote pasyan ki t ap swiv tretman nan lopital Sanatoryòm yo ka ale chèche medikaman.

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), nan yon nòt li mete deyò, jou madi 26 septanm lan, fè konnen gen 4 kote ki disponib pou malad ki t ap swiv tretman nan lopital Sanatoryòm nan Pòtoprens, pou yo ale chèche medikaman pou kontinye ak tretman an yo. Nan fen out la, malad, doktè ak pèsonèl nan lopital sa a, te kouri kite l, akoz bandi Gran-Ravin ki te atake Kafoufèy epi kreye panik nan mitan popilasyon an. 4 kote sa yo se: lopital Sen Franswa d Sal ki nan ri Chareron nan Pòtoprens, lopital Raoul Pierre-Louis ki nan Akachon 32, nan komin Kafou, lopital Grace Children, ki nan Dèlma 31, epi Sant Sante Notre-Dame du Cap ki chita kò l nan Ri Ogé, nan Petyonvil.

Depi lè atak la, sant ospitalye sa ap mal fonksyone, akoz anpil moun ki dezète l, met sou sa malad yo gen difikilte pou swiv tretman yo jan sa ta dwe ye, sa ki vin mete sante yo nan yon eta kritik, akoz medikaman yo pa ka jwenn.

Lopital Sanatoryòm resevwa, chak jou, malad k ap soufri ak maladi nan poumon, sitou moun ki fè tibèkiloz. Espas la gen 100 kabann epi anviwon yon santèn anplwaye.

Yon fanm Lanmò San Jou, anba kòd

Lapolis arete, nan Ayewopò Toussaint Louverture, yon fanm Lanmò San Jou ki ta pral pati nan pwogram Biden.

Lapolis, sou paj Facebook li, atravè yon videyo, anonse li arete, vandredi 22 septanm lan, Pierre Darlène Ermélus, 38 lane, ki ta fanm Lanmò San Jou, chèf gang 400 Mawozo a k ap opere nan komin Kwadèboukè. Arestasyon sa a fèt nan Ayewopò Toussaint Louverture, pandan dam sa a ta pral pati pou ale Etazini, nan kad pwogram Biden lan.

Nan yon entèwogatwa ak lapolis, dam lan fè konnen se yon sèl fwa li te kontre ak Lanmò San Jou, nan kad yon bagay mistik. Li te pran kout poud nan pye, e yon kouzin li te mennen l kay ougan. Se sa k fè li ta pral rankontre chèf gang 400 Mawozo a.

Li nye tout sa polisye yo ta repwoche l kòm akizasyon. Li fè konnen li pa konn anyen, ni li pa nan kòkòday ak Lanmò San Jou, epi li voye akizasyon yo jete.

Malgre yo te akize l sou rezo a, li pa t janm ale pote plent pou demanti sa k ap di sou li yo. Nan entèwogatwa a, li fè konnen li pa t pran sa k ap di yo pou serye.

Pou kounye a, li nan men lapolis pou swit legal yo. N ap raple w, Lanmò San Jou li menm, toujou gen avi rechèch dèyè l, pou asosiyasyon malfektè, asasinay elatriye.

Eliacin Evens

Popular articles

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Latest News

Kreyol

Wilson Pierre alyas Balans, anba kòd Sibtiti komisè gouvènman Aken an, Mèt Rousseau Libin, nan...

Biwo Suivi Akò Montana a denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt Konsèy Prezidansyèl la

Biwo Suivi Akò Montana a (BSA) fè konnen se yon kont maltaye yon kowalisyon...

Kreyol

Ayiti: tantativ evazyon nan prizon sivil Ench lan : 2 prizonye mouri epi 10 lòt...