Kreyol

Published on

Archives

Bandi nan Kanaran anvayi Komin Sodo, maspinen popilasyon an epi boule Komisarya a

Se depi nan anviwon 4trè aprèmidi, vandredi 22 septanm 2023 a, bandi t ap opere nan Kanaran. Yo te anvayi sant vil Sodo ki a 13 kilomèt de Mibalè. Yo kouri dèyè 2 grenn polisye yo ki te nan komisarya a ak kout bal, chase popilasyon an nan sant vil Sodo ki nan depatman Sant Ayiti. Plizyè moun nan popilasyon Vil Bonè a blese ak bal. Yo ap pran swen sou kabann lopital. Plis pase 17 moun mouri, selon sous nou. Bandi yo mete dife nan komisarya vil la, epi yo ale ak yon Teryòs PNH ki t ap desèvi komisarya komin lan. Malgre tout «SOS» manm popilasyon an te lanse sou rezo sosyal yo, pou mande ranfò polisye Ench ak Mibalè, pa t genyen ankenn ranfò lapolis ki te rive sou lye a pou vin pote konkou.

N ap fè remake, kout bal sa yo ki pa t sispann chante nan komin lan, kanpe depi 11h 48 nan aswè. Selon divès sous nou genyen nan kèk zòn ki anviwonnen komin lan ak kèk lòt ki nan sant vil la, bandi yo lave Sodo: Anviwon disèt (17) moun mouri ak bal, divès lòt blese grav ap pran swen lopital, sou komisarya a boule, yo ale ak machin polisye yo, plizyè biznis, gwo kou piti, dechèpiye, 2 moto boule. Sa a se bilan pwovizwa atak bandi Kanaran yo fè sou komin lan, soti vandredi pou rive samdi 23 septanm 2023 a. Pi lwen, yo ta desann nan 3 machin men yo retounen ak plis pase 10. Yo vòlò anpil moto epi yo chaje machin yo ak tout sa yo vòlè, tankou: telefòn, diri, pwa, bwason elatriye.

N ap raple, sa genyen prèske yon lane depi nan konfli Kamicho ak kamichèl la, popilasyon Sodo a te genyen gwo menas anvayisman bandi sou tèt li, nan Sant vil la. Malgre sa, otorite yo pa t janm pran pyès mezi nesesè.

Ansyen depite Mibalè a, Abel Descollines, senpatize ak popilasyon an, e montre malgre tout kontak li fè, otorite yo pa reponn li. Pi lwen, li pwofite denonse yon ansyen otorite nan Depatman Sant lan. Li di, depi 2017, ansyen otorite sa a sèmante se li ki pou genyen kontwòl lapolis nan depatman an, e se li ki toujou mete Direktè Depatmantal polis yo.

Bandi yo deja kite vil Sodo pou rantre nan baz yo. Yo pase pa Titanyen. Vil la kalm, pou kounye a, men popilasyon an toujou sou chòk epi kontinye ap kouri kite vil la.

Demanti Ministè Lagrikilti

Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR) demanti pawòl ki fè kwè li pataje yon dokiman sekrè ak Dominiken ki bay Luis Abinader rezon sou koze konstriksyon kanal sou rivyè Masak la. Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlopman Riral, atravè yon nòt li mete deyò, demanti pawòl k ap sikile ki lèse kwè li ta pataje yon dokiman sekrè ak Dominiken ki bay prezidan peyi vwazen an, Luis Abinader, rezon sou koze konstriksyon kanal sou rivyè Masak ki ap fè pil pawòl anpil. Ministè a fè konnen pozisyon l toujou ale bò kote peyi ak agrikiltè nan plèn Maribawou, epi fè konnen y ap akonpaye yo nan travay k ap fèt yo, nan lide pou li respekte nòm teknik epi pou l pa gen okenn enpak sou lavi moun.

«Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR) sezi aprann, nan laprès, Minis Agrikilti a ta pataje ak Dominiken, yon dokiman sekrè ki ta bay Prezidan dominiken an rezon sou pozisyon li pran nan dosye konstriksyon Rivyè Masak la. Ministè ap pote yon demanti a rimè sa a ki pa chita sou pyès fondman», se sa ministè a ekri nan nòt sa a.

Pi lwen, ministè a fè konnen li toujou defann pozisyon ki ale nan enterè peyizan ak agrikiltè nan Plèn Maribawou. «Se pou rezon sa a, nan tout reyinyon, ministè a toujou defann dwa pou peyi Dayiti benefisye, egal a egal, resous peyi a pataje ak vwazen dominiken». Se sa li raple nan nòt sila a. Otorite nan ministè Agrikilti fè konnen, pi lwen, li pran tout dispozisyon pou li akonpaye chantye a, jan gouvènman an te mande sa, 13 septanm ki sot pase a, epi li ajoute pou l di akonpayman sa a, se yon fason pou konstriksyon an reponn ak nòm teknik yo epi tou pou li pa gen okenn enpak sou lavi moun ak plantasyon nan Ba Maribawou.

Ministè a fini pou l di li mete l disponib pou li chita pale ak tout sektè ki konsène nan konstriksyon Kanal la, pou yon pi bon planifikasyon chantye yo epi li di li konsyan mobilizasyon sa a se ekspresyon solidarite ak patriyotis yon popilasyon ki montre lemondantye, Ayiti se yon Nanchon granmoun.

78yèm asanble jeneral Nasyonzini: Prezidan Joe Biden mande Konsèy sekirite a aji vit sou dosye Ayiti a

Prezidan brezilyen an, Luis Inacio Lula Da Silva, ak sekretè jeneral Nasyonzini an, António Guterres, prezante avi pa yo sou sitiyasyon Ayiti a. Prezidan ameriken an, Joe Biden, mande konsèy sekirite Nasyonzini an pou otorize rapid, fòs entènasyonal la pou vin ede lapolis Ayiti a lite kont gang yo. Biden, ki te pale madi 18 septanm 2023 a nan Nasyonzini, di pèp Ayisyen pa ka tann ankò. Se menm konsiderasyon an pou prezidan brezilyen an, Luis Inacio Lula Da Silva, ak sekretè jeneral Nasyonzini an, António Guterres.

Prezidan Biden salye demach dyalòg CARICOM antame ak aktè politik Ayisyen yo. Menm jan an tou, li remèsye prezidan peyi Kenya a, William Ruto, li menm ki montre volonte li genyen pou pran tèt fòs miltinasyonal la an Ayiti.

Sekretè jeneral Nasyonzini an, sou bò pa l, te pwofite atire atansyon chèf deta yo ki nan asanble a, sou dosye Ayiti a, kote depi mwa oktòb pase, aktyèl premye minis lan te ekri ONU pou mande ede Ayiti nan koze sekirite. Sekretè jeneral Guterres te pwofite kritike yon mond fragmante, kote lagè ap taye banda, e Ayiti pa epanye.

Ayiti: nan entènasyonal la, chita pale kontinye yo sou dosye ensekirite peyi a

Avan 78yèm sesyon asanble jeneral Nasyonzini an, Sekretè deta Etazini an, Anthony Blinken, diskite ak sekretè jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, sou dosye Ayiti a. Sekretè Deta peyi Etazini, Antony Blinken, pale samdi ak Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, kèk jou sèlman anvan 78yèm sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini an.

Asanble Jeneral la pral tanmen madi, nan Nouyòk

Daprè yon nòt pou laprès, Depatman Deta voye bay VOA, Blinken ak Guterres diskite sou divès kesyon, tankou Inisyativ Sereyal Lanmè Nwa a, lagè Larisi ap mennen nan Ikrèn lan epi ensekirite a an Ayiti. Responsab yo diskite sou priyorite Etazini pou Asanble Jeneral la, pami yo: ranfòsman prensip de baz Chat Nasyonzini an ak Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun lan. Yon lot priyorite Etazini genyen, se modènizasyon LONU pou fè fas ak defi 21yèm syèk yo epi kijan pou pwoteje anviwonman an. Etazini oganize kèk rankont pandan semèn asanble a ki va konsantre sou menas medikaman sentetik yo, entelijans atifisyèl epi gwo pwojè enfrastrikti. VOA Kreyòl ap sou plas nan Nouyòk, pandan semèn lan, pou kouvri tout sa ki gen pou wè ak Ayiti, nan Asanble Jeneral Nasyonzini an.

AYITI Edikasyon: nan rezilta egzamen ofisyèl yo, Depatman Sant la voye bon sant

Youn nan ra fwa nan listwa l, sou 5 a 10 dènye lane sa yo, Depatman Sant peyi a bat yon «rekò» nan egzamen 9yèm AF ak BAK INIK yo, pou lane akademik 2022-2023 a. Nan yon piblikasyon Minis Edikasyon Nasyonal peyi dAyiti, Nesmy Manigat, fè vandredi 15 septanm 2023 a, kote li prezante 10 premye loreya yo pa depatman, finalman se loreya depatman Sant lan, Jérôme Sherley, ki soti loreya nasyonal ak 1 722/1 900 pwen, pou yon mwayèn 9,06/10. Se te menm ka a pou semèn pase a. Nan yon premye piblikasyon Minis Nesmy Manigat te fè nan dat mèkredi 13 septanm 2023 a, kote li te prezante ansanm, 10 premye loreya yo pa depatman, pou rezilta 9yèm AF yo. San gwo sipriz, se loreya depatman Sant lan, Mith-Saina Lamyr, ki te soti loreya nasyonal ak 1 536/1 600 pwen pou yon mwayèn 9,60/10.

Eliacin Evens / Emmanuel Saintus

Popular articles

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Latest News

Kreyol

Wilson Pierre alyas Balans, anba kòd Sibtiti komisè gouvènman Aken an, Mèt Rousseau Libin, nan...

Biwo Suivi Akò Montana a denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt Konsèy Prezidansyèl la

Biwo Suivi Akò Montana a (BSA) fè konnen se yon kont maltaye yon kowalisyon...

Kreyol

Ayiti: tantativ evazyon nan prizon sivil Ench lan : 2 prizonye mouri epi 10 lòt...