Kreyol

Published on

Archives

Komedyen René Fiallo mouri

René Fiallo, ki se yon selèb komedyen nan peyi Repiblik dominikèn, mouri jou samdi 16 septanm lan, li te soufri anpil ak pwoblèm sante. Li te koni pa bò isit, nan yon videyo ki t ap sikile, ki te montre l ap iwonize travay kanalizasyon rivyè Masak la, epi li te deklare pou yo peye Babekyou pou bloke travay yo. Nouvèl lanmò li ki rapòte pa medya dominiken yo, fè anpil entènòt ayisyen reyaji sou entènèt la.

René Fiallo se kreyatè show «El Bufeo», nan jounal El Nacional. Li mouri nan sant dyagnostik Cedimat, an Repiblik dominikèn. Kò li twouve l nan mòg Blandino.

Imoris la mouri kite 4 pitit. Li te vin selèb, nan ane 1982. Li patisipe nan plizyè show pandan karyè komedyen li.

Lapolis arete Jude Charles paske yo estime li derespekte Luis Abinader sou TikTok

Jounal Listin Diario rapòte yon Ayisyen ki rele Jude Charles, ki gen 40 lane, jwenn arestasyon l, paske li ta manke respè ak figi prezidan dominiken an, Luis Abinader, sou kont TikTok li, ki se @charlesjude17. Fòs lòd yo arete l epi pral voye l bay otorite imigrasyon yo, pou swit nesesè. Daprè medya dominiken an, lapolis arete konpatriyòt ayisyen an nan zòn Santa Lucía ki twouve l nan minisipalite de Las Matas, Santa Cruz. Yo arete l aprè kontwòl ak trasaj kont TikTok li ki te fèt pa ajan direksyon ransèyman nan polis nasyonal dominiken.

Daprè sa ki rapòte, Ayisyen an te fè konnen nan pawòl li, Luis Abinader pa merite respè. Li ap pwovoke Ayisyen. Deklarasyon sa yo fèt poutèt koze kanal sou Rivyè Masak la, kote gouvènman dominiken an pran yon pakèt mezi ki kòmanse nan fèmen fwontyè, sispann viza pou Ayisyen epi entèdi 9 Ayisyen pile teritwa peyi vwazen an.

Ayisyen sa a ta sipoze ale nan men otorite direksyon jeneral migrasyon ki ka pimpe l tounen Ayiti pou respè yo estime li manke ak Abinader.

Prezidan Luis Abinader entèdi 9 sitwayen ayisyen rantre an Repiblik Dominikèn

Prezidan dominiken an, Luis Abinader, pase direktè jeneral imigrasyon l, Venancio Alcantara Valdez, lòd pou l pa kite 9 sitwayen ayisyen rantre sou teritwa Repiblik Dominikèn. Pou chèf Leta dominiken an, moun sa yo se pwovokatè ki ap sipòte kanalizasyon k ap fèt sou rivyè Masak la. Nan lis sa a, gen Luckner Désir, moun konnen sou non Louko, ansyen senatè Jacques Sauveur Jean ak plizyè lòt ankò, selon sa Listin Diario revele.

Lis la gen ladan l: Louko Désir, jounalis, animatè Maten Deba, Wanique Pierre, ansyen senatè Nòdès; Ardouin Zéphirin, ansyen konseye espesyal Jovenel Moïse; Jacques Sauveur Jean, ansyen senatè Nòdès ki se mizisyen tou; Jeantel Joseph, direktè jeneral BSAP ; Nader Joacéus, ansyen minis TPTC, Jean-Baptiste Bien-Aimé, ansyen senatè Nòdès, epi konsil nan Dajabón; Wideline Pierre, ansyèn direktris depatmantal ministè anviwònman nan Nòdès ak Camel Samson yo akize kòm moun k ap bay lajan pou kanal la fèt.

Jodi a, Luis Abinader anonse, apati de demen (15 septanm), fwontyè peyi l ak Ayiti ap fèmen apati de 6 zè nan maten. Sa vle di fwontyè terès, maritim ak ayeryèn p ap fonksyonèl pou 2 peyi yo. Aprè anons sa a, plizyè konpatriyòt ayisyen rantre volontèman an Ayiti ak fanmi yo, kite Repiblik Dominikèn.

Gouvènman dominiken an anonse li sispann bay viza pou Ayisyen 

Prezidan dominiken an, Luis Abinader, k ap dirije Konsèy Nasyonal Sekirite, deside jou lendi 11 septanm lan, fèmen fwontyè yo ak Ayiti epi kanpe sou kesyon viza pou Ayisyen. Selon medya dominiken yo, desizyon sa a pran aprè bouch louvri sou kesyon kanalizasyon rivyè Masak la. Daprè enfòmasyon yo, fwontyè terès, maritim ak ayeryen ap fèmen ant 2 peyi yo, jistan pwoblèm rivyè Masak la rezoud. Pandan tan sa a, Konsèy Nasyonal Sekirite a pran 5 mezi.

Premye mezi a gen pou wè ak entèdi tout moun ki enplike nan konfli sa a rantre sou teritwa vwazen an epi pa delivre viza dominiken pou sitwayen ayisyen, jiska nouvèl lòd.

Fèmen fwontyè a ki pase pa Dajabon epi anvizaje fèmen konplètman fwontyè terès, maritim ak ayeryen si konfli a pa rezoud jedi k ap vini la a.

Gen plizyè lòt dezisyon ki pran ankò, tankou anilasyon yon reyinyon bilateral ki te anvizaje tou.

Depi wikenn pase a, Ayisyen nan yon mouvman konbit pa sispann kanalizasyon rivyè Masak la, pou pèmèt dlo wouze jaden yo epi fè fas ak sechrès la.

Evens Eliacin

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Kreyol

Gang yo kontinye ap touye moun an Ayiti Soti 2021 rive 2024, se anviwon 400...

Kreyol

Men konsta yon sitwayen ayisyen Lidè Politik ayisyen yo pran *lajan peyi* a, chanje yo...

Pati Popilè Nasyonal (PPN) denonse plan lanmò Kò Gwoup la

Pati Popilè Nasyonal salye laprès pale, ekri, televize ak medya an liy yo, pou...