Kreyol

Published on

Archives

Depatman Grandans: yon nouvo direktè polis enstale

Komisè Louis Edner Yacinth enstale kòm nouvo Direktè depatmantal nan Grandans, 1ye septanb 2023 a, selon enfòmasyon biwo kominikasyon Polis Nasyonal Ayiti a mete deyò.

Nouvo komisè a, ki te pran lapawòl pandan seremoni an, fè konnen «li pral kontinye travay selon prensip PNH la, pou proteje ak sèvi tout moun».

N ap fè remake Louis Edner Yacinth ranplase, nan pòs la, komisè divizyonè Paul Ménard Jean-Louis, li menm ki transfere nan depatman Latibonit.

Edikasyon / Rezilta: Nan komin Sodo yon lekòl fè 100%, divès lòt kolèj ak lise bay gwo sipriz

Pou premye fwa nan listwa l, pandan lane eskolè 2022-2023 a, anviwon uit (8) lekòl, pami yo Lise Benwa Batravil, te reprezante komin Sodo, nan egzamen NS IV yo

Nan kad rezilta NS IV yo ki pibliye semèn sa a, pou komin Sodo, kontrèman ak 9èm ane yo, ki te bay 2 lekòl ki fè 100%, « Institution Mixte Marie Reine des Apôtres », se sèl lekòl (kolèj) ki rive fè 100%, sou 26 elèv ki te patisipe nan egzamen sila a.

Pou ankouraje elèv nou yo, « Communauté Solidaire Du Centre » CSDC mete yon pwogram sou pye, kote yo mande pou sitwayen yo kontribye ekonomikman pou remèt yon chèk bay elèv ki loreya nan 9èm ane ak NS IV nan Depatman Sant la, pou ane sa a. Puiske y ap ankouraje aprenan nan tout ti kwen andedan peyi a, se yon obligasyon pou nou tou.

An nou li ansanm chak etablisman ak nòt aprenan ki rive loreya pou lekòl pa li a, fè pou egzamen sila a:

  • Collège Toussaint Louverture : Thomas Thélusma, 1 217 pwen.
  • Collège Baptiste Conservatrice de Turpin : Annecie Jérôme, 1 260 pwen.
  • Collège Mixte Emmanuel par la foi de Saut-d’Eau : Fadia Charlestin, 1293 pwen.
  • École Mixte Edzer Vilaire de Laboule : Christela Henry, 1295 pwen.
  • Lycée Benoît Batraville de Saut-d’Eau : Rouseline Gena, 1336 pwen.
  • Collège Mixte Jean Paul Sartre : Johnny Marseille, 1340 pwen.
  • Institution Mixte Marie Reine des Apôtres : Wood-Sley C. Lindor, 1522 pwen.

N ap fè remake, sou 8 lekòl jounal la te kontakte, se 7 ki reponn. Sou ansanm 7 lekòl sa yo, genyen 4 fi epi 3 gason ki rive loreya.

Pandan sitwayen yo nan komin Sodo pa sispann felisite Direksyon lekòl yo ak elèv yo, yo pwofite mande lòt elèv k ap monte yo, pou yo fè plis jefò, yon fason pou loreya nasyonal la kapab soti andedan komin Sodo pou ane akademik 2023-2024 la.

Edikasyon: moun nan Gonayiv leve vwa yo pou mande repòte dat ouvèti lekòl la

Nan kad yon pwen de près, Mouvman Nasyonalis Entegre Ayiti (MONI) bay jounen madi 5 sektanm 2023 a, kòdonatè Wilfrid Pierre mande MENFP la pou li repòte rantre lekòl la pou ane sa a, epi aplike lwa sou frè eskolè a ki te vote nan Palman ayisyen an epi sibvansyone rantre lekòl la pou ane eskolè 2023-2024 la, yon fason pou rive soulaje mizè manman ak papa pitit an Ayiti, espesyalman nan vil Gonayiv, puiske paran yo pa gen mwayen sifizan pou voye timoun yo pran chimen lekòl, nan ouvèti a.

Depi lè minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, pwofesè Nesmy Manigat, te chwazi dat 11 sektanm 2023 a pou tout pòt lekòl re-louvri nan peyi d Ayiti, plim pa sispann leve sou do divès sendika anseyan yo k ap mande bon kondisyon travay, ak paran yo ki pa konnen ki sen pou yo adrese, san konte lòt sektè k ap milite sou tout teritwa Nasyonal la.

Kòdonatè MONI an di li sezi wè kòman otorite yo nan sistèm edikatif ayisyen an pa asime responsablite yo devan tout deriv k ap fèt nan lekòl prive yo, kote yo pran desizyon pou ogmante pri lekòl yo chak lane, pou kase kou paran bandi kriminèl yo lage nan chomaj, depi plizyè lane. Pwofesè Wilfrid Pierre mande minis Edikasyon an, prese prese, pou louvri yon ankèt, nan sousi pou batay kont dezòd responsab lekòl prive yo ap komèt nan sistèm lan.

Sou bò pa l, pòt-pawòl sendika chofè ak pwopriyetè moto taksi nan Latibonit (SYCPROTAMA), William Armand, nan yon entèvyou li bay laprès, jounen lendi 4 septanm 2023 a, fè konnen ouvèti lekòl la ki fikse pou 11 septanm k ap vini la, p ap posib. Sendikalis la deklare pwoblèm ensekirite a vin ogmante mank mwayen ekonomik paran yo ak pwofesè, pou voye timoun yo lekòl pou ane akademik 2023-2024 la. Li mande Minis Edikasyon an repanse dat ouvèti lekòl la, puiske paran yo p ap ka reponn nan dat 11 septanm lan.

Pòt-pawòl William Armand mande gouvènman an travay pou mete kanpe divès aktivite sosyal sou pye, k ap pèmèt popilasyon an, espesyalman paran yo, rantre lajan pou timoun yo kapab pran chimen lekòl, nan mwa oktòb k ap vini la a.

N ap note, jiskaprezan, divès paran nan Site Endepandans lan, poko kapab retire kanè pitit yo nan Direksyon lekòl yo, akoz yo pa gen mwayen, mete sou fenomèn ensekirite a ki makònen ak kidnaping lan, ki konplètman paralize tout aktivite yo, nan depatman Latibonit la.

Evens Eliacin

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Kreyol

Gang yo kontinye ap touye moun an Ayiti Soti 2021 rive 2024, se anviwon 400...

Kreyol

Men konsta yon sitwayen ayisyen Lidè Politik ayisyen yo pran *lajan peyi* a, chanje yo...

Pati Popilè Nasyonal (PPN) denonse plan lanmò Kò Gwoup la

Pati Popilè Nasyonal salye laprès pale, ekri, televize ak medya an liy yo, pou...