Kreyol

Published on

Archives

Bèladè, nan depatman Sant Ayiti: 2 timoun boule, tounen sann

Dife nan komin Bèladè, 2 timoun boule, tounen chabon nan komin Bèladè, nan zòn Kachiman (nan Bare). Dukens Cesard, 3 lane, ak Nelou Cesard, 5 lane, yo se pitit Louimène Luma ak Makenn Cesard. Timoun sa yo rive mouri boule, nan mèkredi 30 dawout 2023 a, akoz yon balèn manman yo, Louimène Luma, te limen anndan kay la epi li te soti al chaje yon telefòn. Pandan l ap parèt, li jwenn kay la pran dife. Malgre vijilans moun nan zòn lan, yo pa t ka fè anyen pou etèn dife a. konsta ki te fèt, pa jij Kenold Louissaint, rapòte timoun yo boule tounen sann. N ap raple Louimène ak Makenn Cesard t ap viv nan yon kay planch, yon enfòmasyon ki konfime pa Azèk Aurel e sikològ Julien.

Asasina Jovenel Moïse: biwo afè kriminèl, nan DCPJ a, mande pou mete manda dèyè 6 moun

Sou asasina prezidan Jovenel Moïse: Biwo afè kriminèl la, nan yon rapò 36 paj, mande jij enstwiksyon Walter Wesser Voltaire, pou li mete manda rale mennen vini dèyè ; Wendelle Coq Thelot, Ashkard Joseph Pierre, Francis Alexis Cinéas, Line Balthazar, Dr Harrison Ernest, Vitelhomme Innoncent. Jou vandredi 1ye septanm 2023 a, Radio-Télé Métronome ekri pou di, daprè yon sous nan DCPJ li genyen ki ba li yon kopi rapò sa a, Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ), aprè 2 lane, mande jij enstwiksyon ki sou dosye ansyen prezidan an, pou li lage manda dèyè moun nou site pi wo yo, akoz yo genyen men yo tranpe nan asasina Prezidan Jovenel Moïse. Toujou selon rapò BAC la, yo di aprè yo fin fè otopsi kadav prezidan an, yo jwenn vant prezidan an dechire, kràn tèt li defòme epi yo jwenn twou nan fwon li. Anketè yo konkli pou di, avèk prèv yo genyen, yo jwenn asasina Prezidan an te genyen tout yon long planifikasyon pa otè ak ko-otè zak sa a.

N ap raple se nan dat 7 jiyè 2021, yon group mèsenè rantre lakay ansyen Prezidan Jovenel Moïse epi asasinen l britalman.

Selon minis Defans dominiken an, fwontyè Bèladè a fèmen, sou demand Leta ayisyen

Minis Defans dominiken, Carlos Luciano Diaz, ak jeneral an chèf CESFRONT lan, M Duràn, vizite fontyè Elias Piñas/ Beladè a jounen mèkredi 30 dawout 2023 a. Selon enfòmasyon minis Defans dominiken an pataje ak laprès, «se gouvènman ayisyen an ki produi demand pou fèmen fwontyè a, akoz Leta ayisyen pèdi pòs kontròl pò, dwàn ak imigrasyon yo e se rezon sila ki lakoz vizit yo sou fontyè Elias Piñas la.

Divès komèsan ak moun ki nan sosyete sivil Bèladè a kritike desizyon sila a yo di, selon yo, se pwoteje Leta Ayisyen ap proteje boujwa nan Pòtoprens ki ap souse san pèp la, pandan y ap detwi klas komèsan Bèladè a ki fè komès ak Repiblik Dominikèn.

Jounalis vedèt emisyon Maten Deba a, Luckner Désir, anpil moun konnen sou non Louko, rapòte nan emisyon 30 dawout la, yon group boujwa nan Pòtoprens ekri minis Finans lan, ki nan Gouvènman Ariel Henry ap dirije a, yon lèt pou mande li pou kanpe tout komès ki fèt sou fwontyè Bèladè a epi egzije komesèsan yo, si yo vle kontinye fè komès ak Repiblik Dominikèn, yo dwe fè produi yo pase pa vwa lanmè oubyen avyon.

Ayiti jistis: TPI Ench ak pakè a onore plizyè manb jiri ki te patisipe nan asiz kriminèl ane sa a

Dwayen Tribinal Premye Enstans Ench lan, Majistra Wando Saint-Villier, ansanm ak Komisè gouvènman prè Tribinal la, Majistra Marlène Abraham, te onore, nan dat lendi 28 dawout 2023 a, tout manm jiri ki te kontribye nan reyisit asiz kriminèl avèk asistans jiri ki te òganize soti 14 pou rive 25 dawout pase a, kote yo te desène bay chak manm jiri sila yo, yon sètifika «Onè ak Merit» pou remèsye yo, pou fason yo te pote asistans yo bay sosyete a. Nan menm seremoni sa a, yon bèl konferans te òganize sou tèm: «Wòl manm jiri nan jije krim de san». Se Batonye Evens Fils, reprezantan Federasyon Bawo yo nan CSPJ a, ki te anime konferans sila a.

Pi lwen, nan okazyon sa a, manm jiri yo, ki te soti nan tout sis (6) komin ki sou jiridiksyon Ench, te montre epi temwànye apresiyasyon yo pou kalite jès sa a, de (2) responsab jiridiksyon an te pran anvè yo, nou vle pale de Majistra Wando Saint-Villier ak Majistra Marlène Abraham.

N ap raple, nan yon konferans pou Laprès, dwayen TPI Ench lan, Majistra Wando Saint-Villier te bay, li te drese yon bilan pozitif sou de (2) dènye asiz kriminèl ki te òganize, soti mwa jiyè pou rive mwa dawout 2023 sa a. Selon dwayen an, asiz kriminèl san asistans jiri ki te òganize nan dat 17 pou rive 28 jiyè a, te gen 15 moun ki te jije: 14 pami yo te kondane, yon sèl te libere. Epi, nan dat 14 pou rive 25 dawout sa a, nan kad asiz kriminèl avèk asistans jiri an, te gen 15 moun ki te jije: 10 pami yo te kondane, epi 5 lòt te jwenn libererasyon yo.

Pou fini, dwayen TPI Ench lan, Majistra Wando Saint-Villier, te pwofite bay, jistisyab yo nan jiridiksyon an, randevou pou yon lòt asiz kriminèl ki, san dout, pral òganize nan fen ane 2023 a.

Etazini remèt kle nouvo prizon Tigwav la, ak 40 pikòp bay PNH

Peyi Etazini, pa kanal Eric Stromayer, ki se chaje dafè pou yon ti tan USA an Ayiti, fè Polis Nasyonal d Ayiti a kado, mèkredi 30 dawout 2023 a, 40 pikòp, mak Toyota Land Cruiser, epi tou remèt kle prizon sivil Tigwav la yo te konstwi. Nan seremoni sila a, ki te dewoule nan lokal DGPNH la, Eric Stromayer fè konnen Etazini renouvle volonte li pou kontinye ede Ayiti nan nivo lajistis, pou redui popilasyon kaseral la ki bay gwo problèm nan peyi a. Eric kontinye pou di: «prizon Tigwav la konstwi selon tout prensip entènasyonal yo. Li genyen kapasite pou resevwa 228 prizonye, li genyen enèji elekrik gras ak pano solèy, kamera siveyans.

Emmelie Prophète Milcé, bò kote pa l, ki se minis Jistis Ayiti, remèsye gouvènman ameriken an ki ede yo pou pi byen trete prizonye yo. Minis la rapousib nan diskou li pou di: «lè mwen fin li dokiman prizon an, mwen wè se yon prizon modèn, ki respekte tout kritè entènasyonal yo, e mwen kontan anpil. Sitiyasyon prizon yo ak detansyon prevantif prolonje, vrèman preyokipe ministè Lajistis, e prizon sila a ap ede nou anpil nan kad batay nou.»

Pou l fini, minis lan raple Polis nasyonal la bezwen anpil sipò, ak fanm ak gason ki gen kouraj, pou ede peyi a travèse moman difisil l ap fè fas la.

Selon sa PNH fè konnen, don sila a pral ede yo ranfòse kapasite operasyonèl yo pou lite kont bandi yo.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Kreyol

Gang yo kontinye ap touye moun an Ayiti Soti 2021 rive 2024, se anviwon 400...

Kreyol

Men konsta yon sitwayen ayisyen Lidè Politik ayisyen yo pran *lajan peyi* a, chanje yo...

Pati Popilè Nasyonal (PPN) denonse plan lanmò Kò Gwoup la

Pati Popilè Nasyonal salye laprès pale, ekri, televize ak medya an liy yo, pou...