Kreyol

Published on

Archives

Pastè Marcorel Zidor mennen fidèl legliz li yo nan labatwa, nan zòn Kanaran
Jou samdi 26 dawout la, pastè Marcorel Zidor, anpil moun konnen sou non Marco oubyen
Cheriben, te òganize yon mach ki ta prale zòn Kanaran, fyèf gang Jeff ki ap dirije zòn sa a
depi kèk tan.
Si nan kòmansman an, tout bagay t ap byen dewoule, deblozay ta pral pete aprè nèg ak
zam blòk sa a, deside tire sou foul la ki te detèmine pou pote mesaj nan baz gang yo. Atravè
pil videyo ak imaj k ap sikile, nou ka remake kèk moun, ki te nan mach la, ki mouri, twa fidèl
nèg ak zam yo te pran, epi ap fè yo pale.
Imaj chokan k ap sikile a montre gen 5 moun ki mouri k ap benyen nan san yo. Bandi
yo ap filme pou montre sa k pase a. 5 moun sa yo gen yon mayo blan sou yo e ki gen logo
pastè Marco.
Nan yon lòt videyo, gen 3 medam nèg ak zam yo pran epi ap fè pale, pandan y ap
filme yo. Youn ladan yo gen vizaj li ki pa anfòm, epi gen san sou li. Daprè sa k ap di nan
videyo a, sanble se bal li ta pran nan bouch li.
Pa gen moun ki konnen konbyen viktim ki fèt pandan ensidan sa a, kote misyon fidèl
pastè Marco yo se te rive nan fyèf gang Jeff pou fè yo depoze zam, kite bandi.
Pou kounye a, pa gen okenn nouvèl sou pastè Marco. Men moun kritike l, paske li
trennen anpil kretyen vivan nan bouch anpil bandi san fwa ni lwa menm fòs lòd difisil pou
kontrekare.
Pawòl Commissaire Jean Ernest Muscadin
«Lè bandi yo touye yon inosan, pa gen deba sou sa, se nòmal. Lè m touye yon bandi li te bon
moun. Fè m konfyans: m ap kontinye pete fyèl tout malfra ki ta tante rantre nan jiridiksyon
Nip la» pawol komise Jean Ernest Muscadin.
Pwogram Biden lan ap kontinye jiska nouvèl òd
Jij federal Drew B Tipton te tande, pandan 2 jou, avoka Texas ak 20 lòt Eta repibliken ki te
mande pou kanpe pwogram lan, ak avoka Depatman Lajistis Ameriken ak asosyasyon dwa
imigran yo k ap defann pwogram Biden lan nan pwosè a. Pandan deba a, jij federal la te
mande 2 pati yo èske viv nan povrete sifi pou kalifye yon moun nan pwogram imigrasyon sa
a? Jij distri ameriken an, Drew Tipton, te deklare yon «gwo moso nan mond lan» ap viv nan
povrete. Li ajoute lè li te vizite Ayiti, li te wè ak 2 je li kondisyon lavi terib sa a. «Èske lefèt
yo ap viv nan povrete pa kalifye kòm yon bezwen imanitè ijan?» Se sa Tipton te mande,
pandan 2 pati yo t ap prezante pozisyon final yo, nan pwosè a, nan Victoria, Texas.
«Mwen panse pwobableman non», te deklare Elissa Fudim, yon avoka nan Depatman
Lajistis Ameriken an, ki ap defann gouvènman federal la nan pwosè a. Avoka Depatman
Lajistis Ameriken an ak gwoup dwa imigran yo te montre imigran ki soti Kiba, Ayiti,
Nikaragwa ak Venezyela, yo pa jis sove pou pwoblèm ekonomik, men yo anba men yon rejim
opresif, yo anba ensekirite ak vyolans k ap vin pi grav, epi kondisyon politik nan peyi sa yo te
mete lavi yo an danje. Tipton te voye jete agiman avoka Texas yo ki te fè kwè Leta sa yo ap
depanse plizyè milyon dola pou swen sante ak depans nan edikasyon piblik, akòz foul imigran
sa yo. Jij la mande pou Texas pwouve ki kote yo fè pèt ekonomik yo, nan ka sa a.
Tipton te mande avoka Texas yo an plizyè repriz, ki jan Leta sa yo ap deklare pèt
finansye si done yo montre pwogram imanitè aktyèl la redwi kantite imigran ki antre
Ozetazini. «Nan sis dènye mwa yo, mwen wè nou depanse mwens lajan pou moun ki soti nan
peyi sa yo,» Tipton te di avoka Texas yo.
Sipòtè pwogram la te anonse se pa tout moun ki aplike yo apwouve otomatikmam,
men yo revize endividyèlman chak ka, yon fason pou te bloke kont agiman avoka Texas yo ki
te di pwogram lan pa respekte lwa imigrasyon e yo te asimile l ak yon pwogram paswa.
Avoka Leta ameriken yo te ajoute gen moun ki te rive nan etap final la ak apwobasyon nan

men yo. Apre yo te rive nan peyi Etazini, yo te rejte yo, san yo pa presize kantite moun yo
refize konsa.
Apre finisman diskisyon jounen vandredi 25 dawout lan, Tipton pa t vle imedyatman
tranche sou legalite pwogram imanitè Joe Biden lan, men Tipton te di tou li pa alèz pou l bay
nenpòt òdonans tanporè nan moman sa a ki t ap tou fini ak pwogram Biden lan pou tout peyi
a, alòske gen lòt Leta nan Etazini ki di inisyativ la benefik anpil pou yo.
Nan fen mwa jiyè a, plis pase 72 000 Ayisyen, 63 000 Venezyelyen, 41 000 Kiben ak
34 000 Nikaragweyen te gen otorizasyon pou vin Ozetazini, atravè pwogram lan. Pwogram
lan pèmèt jiska 30 000 moun antre Ozetazini chak mwa, soti nan peyi Kiba, Ayiti, Nikaragwa
ak Venezyela. Prezidan Donald Trump te nonmen Tipton e se yon jij ki konn pran deja
desizyon kont administrasyon Biden lan, sou ki moun li dwe bay priyorite pou depòtasyon.
Ronald Léon

Popular articles

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Latest News

Kreyol

Wilson Pierre alyas Balans, anba kòd Sibtiti komisè gouvènman Aken an, Mèt Rousseau Libin, nan...

Biwo Suivi Akò Montana a denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt Konsèy Prezidansyèl la

Biwo Suivi Akò Montana a (BSA) fè konnen se yon kont maltaye yon kowalisyon...

Kreyol

Ayiti: tantativ evazyon nan prizon sivil Ench lan : 2 prizonye mouri epi 10 lòt...